Plan leson sou chante « File m an kreyòl » Atis Sherlee Skai, Princess Eud ak Bic Tizon Dife

Comment Icon 0 Favorite Icon 0

Fanm vanyan Sherley Maximin ekri yon bèl plan leson sou chante « File m an kreyòl » Sherlee Skai, Princess Eud ak BIC Tizon Dife. Nan resous sa a, n ap jwenn enfòmasyon sou biyografi Sherlee ak Eud. Epi, tou, n ap konprann rezon ki fè Sherlee ak Eud te kolabore ak BIC pou yo konpoze chante sa a ki se yon antèm pou apresyasyon ak valorizasyon bèlte ak jèvrin lang kreyòl la. Wi, kreyòl la se nannan siman pou n bati nasyon. Aprenan yo ap jwenn egzèsis ki pral ede yo pwofonde sans, tematik ak mesaj ki nan chante a. Egzèsis sa yo pral ede aprenan yo dekouvri sèten aspè nan vokabilè ak pwovèb lang kreyòl la ansanm ak sèten diferans nou jwenn pami divès varyete lang kreyòl la. Mete sou videyo chante a, resous sa a prezante 3 videyo kote n ap tande Sherlee Skai, Princess Eud, BIC Tizon Dife ak Michel DeGraff k ap pale sou chante a ak sou lòt pwojè Sherlee Skai.

Biyografi atis Sherlee Skai ak Princess Eud

Sherlee Skai se yon atis fanm k ap evolye nan endistri mizik ayisyen an depi plis pase 10 lane. Li kòmanse chante depi l tou piti nan legliz. Li te fè pati yon twoup teyat ki rele « Haiti en scène » ki te fè gwo siksè. Li te patisipe nan majorite aktivite twoup la te konn fè ann Ayiti. Nan lane 2006, Sherlee Skai kite Ayiti pou l vin rezide oz Etazini kote li kontinye karyè li ak pèfòmans nan divès evennman mizikal — pami yo, « Harlem Week » ak « The New York Marathon ».

Nan lane 2013, li soti yon mizik ki rele « Ayiti, ou manke m » ki pale de nostalji dyaspora ayisyen an.

Nan lane 2016, li soti mizik ki rele « File m an kreyòl » ak Eunide Edouarin alyas Princess EUD. BIC Tizon Dife, ki se yon poto mitan nan mizik ayisyen, patisipe nan ekri mizik sa a tou. Se tèks mizik sa a nou pral analize nan resous sa a.

Nan lane 2017, Sherlee Skai prezante albòm solo li ki titre « Toutouni ». Se sou li mizik « File m an kreyòl » la parèt.

Ann avril 2023, Sherlee Skai soti yon lòt albòm ki titre « Egzòd » ki gen mizik tankou : « Manman Bon Dye », « Misyon », « Peye m »,   « Konze », « Rasanble », « Tèt Syèl », « M ap viv » e latriye.

Princess EUD se yon lòt atis fanm k ap evolye nan rap kreyòl depi plis pase 15 lane. Li se yon aktris e yon dizaynè tou. Li fèt nan lakou Petyonvil ann Ayiti kote li pase majorite anfans li.

Princess EUD patisipe nan anpil gwoup mizikal avan li pran zèl li nan yon karyè solo. Nan lane 2000, lè li te gen sèlman 16 rekòt kafe, li te patisipe nan yon twoup ki te rele « Tribe of Job » kote li te pèfòme nan yon kanaval ak gwoup sa a. Malgre paran li pa t dakò ak lide pou l ta devlope yon karyè nan mizik, li te pèsevere kanmenm. Nan ane aprè a, an 2001, li te pèfòme ak yon lòt gwoup ki rele « ASRAP » sou yon mizik ki rele « Ka Madan Brino », yon mizik ki te fè anpil siksè menm jan ak mizik « Fanm se kajou » kote EUD te patisipe ak yon twoup mizikal ki rele « JAM » nan lane 2003.

Youn nan pi gwo gwoup tout moun te konnen EUD te yon manm ladan se Mystic 703, yon gwoup li te ofisyèlman entegre an 2009. Li pase plizyè lane ak twoup sa a avan li plonje nan yon karyè solo. Li chante sou albòm gwoup sa a ki rele « D-C-Ni ». Epi, tou, li vwayaje ak gwoup sa a nan peyi Bèljik, Lafrans ak nan zòn Karayib la.

Pi ta nan karyè l, li chante ak rapè Ded Kra-z, yon ansyen manm twoup Mystic 703, yon gwoupki te fè anpil siksè. Pami mizik yo fè ansanm yo, gen « Hey » ki te soti an 2006 ak « Y ap pale » ki te soti an 2011. Yo soti yon albòm nan lane 2011 ki titre « Limyè Wouj ». Atis la soti premye albòm solo li nan lane 2017 ki rele « Eudomination ». Pami mizik ki sou albòm sa a, nou jwenn : « Voye m ale », « Fanm », « Je rape fort », pou site sa yo sèlman.

Princess Eud pa sèlman briye nan mizik ; men tou, li se yon dizaynè ki te lanse yon koleksyon rad nan lane 2014 ki rele « EUD Collection ». Nan kad aktivite sosyal li mennen, atis la te nome kòm anbasadè pou Nasyon Zini pou konbat vyolans sou fanm. Princess EUD se yon atis ki chaje talan e ki kite mak li nan endistri mizik la ann Ayiti ak lòt bò dlo pou mizik rap li yo ki reveye konsyans, san pale de talan li nan domèn mòd.

Men tèks chante « File m an kreyòl » la :

File m an kreyòl

I

Flè woz wouj p ap ranplase flè diz è
Yon fwa pou tout, m ap fè limyè pou tout tizè
Si w ap chèche wout kè m, pa pase an lè
Solèy ann Ayiti gen pi bèl koulè
Mwen konn zannanna, mwen konn Sizàn
Mwen p ap pran te chinwa pou tizàn
An ba nèg ki gen dyòl dous, fanm antrave
Ou pa bezwen entèlektyèl pou fè m bave
Fè m bliye ki jan pou m ekri non m
Si w se yon vrè nonm

Refren

File m an kreyòl
An kreyòl han an
File m an kreyòl
An kreyòl

II

Koze avè m an kreyòl, pete m
Ban m pawòl, ban m parabòl, bwote m
Pase ti plim poul anndan zorèy mwen
Pale pou l reponn mwen nan zotèy mwen
Fè dlo kò m benyen kò m
Ban m lonbraj pye bwa d òm mwen
Fè m wè tout koulè lanmou — pal ou fonse
Lanmou an kreyòl pa nan pale franse

Refren

File m an kreyòl
An kreyòl han an
File m an kreyòl
An kreyòl

IIIEUD

Tankou chalè te jenjanm met andedan m
Se kon sa m vle pawòl ou vibre anndan m
Fòk lirik ou fè m pi dous ke plezi kabann
Pran plis tan koze ak lespri m, lè sa m a wè w gen bann
Pran tout tan pou dekri kalite m an tan ke fanm
Fè fòs pawòl ou vibre m, souke tout andan m
Fè m bliye kò m
Fè m vini san zatann
Ou sanble w gwo ! Woy ! M pa ka tann
Pou w ap esplike jan w anvi m san w pa gate san m
An tèlman sonnen byen, an ka mande w pou nou viv ansanm
Nèg an m, pale ake m nan jagon nèg Okap ! Tanpri, fè m ri
Si w di w anvi kwoke m an verite
M ap kite w fè m li wi

Refren

File m an kreyòl
An kreyòl han an
File m an kreyòl
An kreyòl

IV

Si w vle fè m damou san reflechi
Make yon teritwa ou sèl ka jwi
Si w vle gen kontwòl sou konsòl mwen
Sèl kapitenn sou bato mwen
Si w vle jwenn kle yon ti pòt ou menm sèl ka rantre

Refren

File m an kreyòl
An kreyòl han an
File m an kreyòl
An kreyòl

File m nan lang manman mwen
Si w vle rive pran lang mwen
Fè m dous ! Fè m swe san rete
Mennen m ale kote ou vle

Nou ka tande Sherlee Skai ak Princess Eud k ap pale de chante a nan videyo sa a :

Men yon lòt videyo kote Atis Sherlee Skai ap fè ti bat bouch ak Pwòf Michel DeGraff sou chante a :

Nan videyo sa a, sou Facebook, Atis BIC Tizon Dife ap echanje ak Pwòf Michel DeGraff sou chante a : https://fb.watch/oB9CvcWAnr/

Etap 1

A) Kesyon plizyè chwa – Sèvi ak tèks ki entwodui atis yo ansanm ak pawòl chante a pou w chwazi repons ki pi kòrèk la.

1. Kesyon sou pakou atis yo : Sou ki albòm mizik « File m an kreyòl » la parèt ?

  1. Coeur de Femmes

An. Egzòd

B. Enfòmasyon sa a pa nan tèks la

Ch. Pa gen repons ki kòrèk

2. Ki twoup Princess EUD pase plis tan ap pèfòme ladan l ?

  1. Mystic 703

An. Jam

B. Asrap

Ch. Tribe of Job

3. Ki tandans mizikal ki enfliyanse atis Princess Eud ?

  1. Jazz

An. Pòp

B. Fòlklò

Ch. Rap

4. Ki lòt atis ki te patisipe nan ekri mizik n ap analize a ?

  1. Ded Kra-Z

An. Wyclef Jean

B. BIC Tizon Dife

Ch. Repons la pa nan tèks la

5)        Sou ki albòm mizik « File m an kreyòl » la parèt ?

  1. Toutouni

An. Eudomination

B. Ma vie

Ch. Repons la pa nan tèks la

Etap 2

Kesyon sou fon epi mesaj tèks la. Koute chante a byen : https://www.youtube.com/watch?v=Hq8-HRKt-d4.

Analize tèks la ak pawòl ou tande yo epi reponn kesyon sa yo :

1. Dapre premye kouplè a, pou ki sa yon fanm vle yo file l an kreyòl ?

  1. Yo vle rete soude ak rasin kilti yo

An.  Yo vle santi yo nan po fanm yo

B. Yo vle tande pawòl ki soti nan lang manman ak papa yo

Ch.  Tout repons yo korèk

2. Nan premye kouplè a, gen yon tèm ki soti nan pawòl tèks la. Chwazi repons ki pi ale ak tèm sa a :

  1. File m jan ou vle l la

An. File m nan pale lang etranje

B. File m nan lang manman m ak papa m

Ch. Pa gen repons ki kòrèk

3. Dapre dezyèm kouplè a, ki sa fraz « Banm pawòl, banm parabòl, bwote m » la vle di ? Chwazi repons ki pi kòrèk la.

  1. Pale avèk anpil mo

An. Pale ak figi estil

B. Pale ak pawòl pwezi

Ch. Tout repons yo kòrèk

4. Dapre dezyèm kouplè a, ki rezilta sa bay lè yo file yon nègès an kreyòl ?

  1. Sa fè ata zòtèy li vibre

An.  Sa fè dlo kò l benyen kò l

B. Sa fè l wè tout koulè

Ch.  Tout repons yo kòrèk

5. Dapre twazyèm kouplè a, nan ki sans yo itilize mo « jenjanm » lan ?

  1. Tankou yon plant

An.  Tankou yon figi estil ki konpare plant lan ak pawòl k ap koule yo

B. Tankou yon figi estil ki vle di te jenjanm fè moun santi yo cho

Ch.  Tout repons yo kòrèk

6. Nan twazyèm kouplè a, Princess EUD chanje mòd pale l (sa lengwis rele « dyalèk ») pandan l ap chante. Ki kote ou panse dyalèk sa yo soti ?

  1. Jakmèl ak Pòtoprens

An.  Okay ak Jeremi

B. Okap ak Gwadloup

Ch.  Mibalè ak Akayè

A. Sa se kesyon kote repons lan se « vrè » oswa « fo » – Sèvi ak tèks la ak paratèks la pou w chwazi repons ki pi kòrèk la.

B. Anvan w reponn kesyon sa yo, gade tèks ak videyo chante « Pale m an kreyòl » la ansanm ak videyo kote Sherlee Skai ap brase lide ak Michel DeGraff. Reponn kesyon sa yo ak fraz konplè. Apre sa, diskite repons ou yo a loral ak lot elèv yo nan klas la.  

  1. Koman w ka eksplike mo santral tèks mizik la ki se « File m » ? Ki sa mo sa a vle di ? Nan ki kontèks yo itilize l ?
  2. Ki pati ou pi renmen nan seksyon rap chante a ? Pou ki sa ?
  3. Daprè ou menm, ki sa « fè dlo kò m benyen kò m » vle di ? Ki figi estil ki fèt nan fraz sa a ?
  4. Panse ak espas kote yo filme videyo a — egzanp : yon kamyonèt, sous nan peyi an deyò, e latriye. Esplike pou ki sa atis yo chwazi espas sa yo pou filme videyo a.
  5. Ki pati ou pi renmen nan tèks la ak nan videyo a ? Pou ki sa ? Ki jan w ka konekte pati sa yo ak mesaj santral mizik la ?
  6. Ki pati ou panse yo te ka amelyore ni nan tèks la, ni nan videyo a ? Pou ki sa ?
  7. Kouman ou ka esplike fraz sa a nan tèks la : « Tankou chalè te jenjanm met andedan m cho, se kon sa mwen vle pawòl ou vibre anndan m » ? Pou ki sa EUD fè konparezon sa a ?
  8. Èske w ta prefere pale kreyòl nan tout aktivite w ? Pou ki sa li enpòtan pou yon sosyete bay pwòp lang li valè ?
  9. Anpil rechèch syantifik revele pou yon peyi devlope fòk li dabò fè edikasyon pèp li nan lang manman ak papa ti moun yo depi yo tou piti. Men, ann Ayiti, toujou gen lekòl kote ansèyman an fèt an franse alòs ke ti moun yo pa metrize franse. Dapre ou, pou ki sa pratik ansèyman an pa aplike sa rechèch syantifik yo mande ?
  10. Daprè ou menm, ki sa ki pou ta fèt pou tout lekòl nan peyi d Ayiti anseye an kreyòl epi pou yo anseye franse kòm dezyèm lang ?

Referans biyografi Atis Sherlee Skai ak Princess Eud

Sherley Fede Maximin, otè ki prepare resous sa a, se etidyan nan Wellesley College. L ap etidye syans ekonomik, etid frankofòn ak yon konsantrasyon nan byochimi. 

Pou kounye a, Sherley ap fè rechèch sou lesemi kwonik (Chronic Myeloid LeukemiaCML) nan laboratwa RadLab (Wellesley College) ak sou makwoekonomi. Se pwofèse Mala Radhakrishnan k ap gide rechèch li yo.

Epi, tou, li te fè rechèch sou pwoteyin nan depatman biyochimi nan Harvard University.

Sherley devlope gwo enterè ak pasyon pou syans politik, istwa, matematik, aktivite pwomnad ak grenpe mòn, mizik jazzrock, e latriye. Li se Sekretè/Reprezantan jounal Wellesley Review.

Remak

Abone
Anonse
guest
0 Remak
Inline Feedbacks
View all comments