GeoGebra, yon platfòm ki pèmèt elèv, etidyan ak anseyan kreye pwòp modèl matematik pa yo

Comment Icon 0 Favorite Icon 0

GeoGebra se yon platfòm ki bay elèv ak etidyan posibilite kreye oswa konstui pwòp modèl matematik pa yo. Zouti sa a fasilite aprantisaj ak ansèyman nan tout nivo edikasyon. Li pèmèt elèv ak etidyan inivèsite yo eksplore ak dekouvri, nan yon fason entèaktif, divès fason yo ka manipile objè jewometrik epi chanje paramèt yo an 2 dimansyon (2D) ak twa dimansyon (3D), nan lide pou fè tablo, graf, kalkil aljèb ak estatistik.

GeoGebra sèvi tou kòm zouti anseyan ak pwofesè yo ka itilize pou kreye fich travay entèaktif. Epi tou, se yon lojisyèl ki ouvri ak tout moun, san baryè (open source), e ki disponib gratis ti cheri sou sit sa a : GeoGebra.org 

Nou ka itilize lojisyèl GeoGebra yo an kreyòl dirèkteman sou sit ki mansyone anlè a, oswa nou ka telechaje lojisyèl sa yo sou òdinatè nou.

Remak

Abone
Anonse
guest
0 Remak
Inline Feedbacks
View all comments