KANAL REZISTANS : Yon kanal fyète ak diyite nasyonal ki bay tout Ayisyen randevou nan Wanament

Comment Icon 0 Favorite Icon 0

Djeride Jean-Baptiste pou Platfòm MIT-Ayiti | 1e janvye 2024

Foto : Jetro-Claudel Pierre Jeanty / Nord-Est Info

Aprè lèkti tèks sa a, lektè a ap an mezi pou l :

  • Fouye zo nan kalalou sans mo « konbit » pami Ayisyen ;
  • Konprann ki jan konbit se yon tradisyon ki nan nannan nasyon nou ;
  • Dekouvri epi kontinye imajine divès fason Ayisyen fè konbit ;
  • Santi fyète nan konstriksyon kanal Wanament kòm yon lòt bèl konbit nan istwa nou kòm nasyon.

Lè yon peyizan gen yon travay pou l fè, li konn envite vwazen l yo vin ede l. Tout moun pote kole san yo pa oblije atann yo pral resevwa lajan pou sa. Sa konn menm rive, pou rann konbit la pi djanm, se moun yo ki mete epi pataje ti sa yo genyen an — tankou : manje, dlo, zouti pou travay latè. Mèt konbit la, li menm ak tout fanmi l, yo konn responsab pou kreye yon anbyans, bay mizik, manje ak tafya. Epi, y ap mete tèt yo disponib lè menm vwazen sa yo bezwen yo pou konbit pa yo.

Gen anpil lòt fason Ayisyen abitye travay ansanm pou youn ede lòt atenn objektif yo. Pa egzanp, si yon moun gen pou l fè yon gwo depans epi li bezwen sere lajan pou sa, li ka antre nan yon « sòl » kote youn ede lòt fè epay (sere lajan yon kote pou yon pwojè oswa pou lòt ijans). Gen kote se kòlèg travay ki asosye yo ansanm pou yo fè sòl la. Gen lòt okazyon lè se plizyè madan Sara ki mete tèt yo ansanm pou yo fè ti brase antre yo ; kon sa, youn ede lòt kenbe ti komès yo an vi. Kon sa tou, konn gen kèk gwoup zanmi ki mete tèt yo ansanm pou yo fè yon biznis.

Nan analiz Pwofesè Jean Casimir, pèp ayisyen abitye rezoud pwoblèm li yo pou kont li, san l pa tann anyen nan men Mouche Leta, ni okenn lòt moun oswa antite. O kontrè, selon rechèch sosyològ la, se pèp la, li menm, ki vrè « Leta » a paske li gran moun tèt li. Epi, fason pèp la jere lavi l pa sispann fè n panse ak prensip viv ansanm nan lakou yo. Nan sans sa a, konbit la se yon zouti pèp souvren an itilize pou l regle pwojè ki mande yon gwo efò kolektif. Se kon sa pèp souvren an te reyini nan lakou Bwa Kayiman, 14 dawout 1791, pou l deside desten l. Menm jan an tou, soti 21 dawout 1791 rive 18 novam 1803, pèp souvren an te mete fòs li ansanm pou l aprann blan an « tout moun se moun ». Ki donk yo ka gran moun tèt yo.

Kanal Wanament lan se yon bèl egzanp sa n ap pale la a. Lè koze kanal la te tounen yon senbòl diyite nasyonal, Ayisyen te konprann li nesesè pou « KANAL LA P AP KANPE ». Epi anpil moun te kòmanse debake nan zòn Wanament pou bay yon kout men san pèsòn pa t mande yo. Sa k vin fè genyen k ap travay ak pèl ak pikwa ; sa k pote yon sak siman ; genyen tou, menm si yo p ap viv nan peyi a, yo voye lajan, yo ede nan mobilize resous pou travay kanal la vanse.

Ebyen, nan konbit nasyonal sa a, anpil Ayisyen vin santi se yon devwa pou yo leve kanpe pou fyète yo ak diyite yo. Se kon sa nou vin santi yon vag santiman inyon nasyonal kote moun ki soti nan lòt zòn, dyaspora ki antre vin pote kout men oubyen ki vin vizite kanal la, tout moun ansanm — gran moun tankou ti moun, fi tankou gason, moun ki sèvi lwa yo, moun legliz yo — y ap pote kole nan yon bèl anbyans « men anpil, chay pa lou ».

Bati kanal Wanament sa a se yon lòt prèv ki jan anyen pa enposib chak lè pèp souvren deside mete fòs li ak tout sa li genyen ansanm pou reyalize yon gwo pwojè.

An n swete pèp souvren an kontinye mete tèt li ansanm pou pwojè sosyete a kontinye vanse jis nou rive nan yon pwen kote « TOUT MOUN SE MOUN » tout bon vre, wi, jan zansèt nou yo te goumen pou sa. Epi, tou, an n swete moun Wanament yo ap fè menm jès la ak lòt zòn yo, lè tou pa yo a rive, nan menm lojik konbit la.

Kesyon pou ede lektè yo apwofondi sans tèks la pi plis :

  1. Anplis de egzanp ki site nan tèks la, èske w ka idantifye kèk lòt fòm konbit konn pran ann Ayiti ?
  2. Soti 1804 pou rive 2023, gen anpil lòt aktivite konbit kote pèp souvren an te fè rasanbleman pou pwojè nan tèt ansanm. Fè yon ti rechèch nan liv istwa, nan jounal ak sou entènèt pou w eseye idantifye kèk lòt moman nan istwa nou kote te gen konbit ki makonnen ak fyète ansanm ak idantite nou kòm nasyon ki souvren. Fè yon konparezon ant divès moman solidarite sa yo.
  3. An n divize sal la an 3 gwoup (3 « ti konbit ») kote chak ti konbit ap defini yon travay li gen pou l fè pou lekòl la, pou sal klas pa l oubyen pou zòn kote manm gwoup la rete. (Sa se sijesyon Bessy Marie-Aure Jeudilus — Lakou Kajou — nan dat 1e desanm 2023.)
  • An n diskite pou n deside ansanm ki jan n ap konpoze gwoup « ti konbit » yo.
  • An n idantifye objektif chak ti konbit.
  • An n chèche konnen ki pwoblèm nan lekòl la oubyen nan kominote a nou pral chèche rezoud ansanm.
  • Ki moun k ap pote dlo pou konbit la ? Èske n ap fè manje ?
  • Kilès k ap responsab pou fè pwomosyon konbit la nan medya ak rezo sosyal yo ? Èske n ap fè foto pou n kenbe yo kòm souvni epi pataje yo ak fanmi nou oubyen zanmi nou ?
  • An n kreye yon kalandriye pou n fikse jou travay yo.

Note byen : Pwofesè a ka ede chak gwoup idantifye ki travay yo dwe fè e nan ki objektif yo dwe fè travay la.

4. An n reyini pou n evalye ti konbit yo (sijesyon Bessy Marie-Aure Jeudilus — Lakou Kajou — ak Chris Low — Lekòl Kominotè Matènwa — nan dat 1e desanm 2023) : Ki sa ki te mache byen ? Ki sa ki pa t mache byen ? Ki sa nou ta renmen amelyore nan pwochen konbit yo ? Ki lè n ap fè yon lòt konbit ?

5. Kounye a, an n chita pale nan kad wonn refleksyon kote elèv yo ap poze kesyon antre yo. (Sijesyon Chris Low — Lekòl Kominotè Matènwa — nan dat 1e desanm 2023.)

  • Pandan pwofesè yo ap ede, elèv yo pral poze youn lòt kesyon pou yo chèche konnen ki jan esperyans òganizasyon travay an konbit sa a te ye ak ki jan yo te viv li.
  • Chak elèv gen dwa poze youn oubyen plizyè kesyon.
  • Pa egzanp, youn ka mande lòt : Ki sa yo te pi renmen ? Ki sa yo te pi pa renmen ? Ki sa yo ta swete amelyore ? Ki pwochen fwa y ap fè yon konbit ? …

6. Pou fini, chak ti konbit ka ekri yon ti rapò sou esperyans yo sot fè a, baze sou repons yo sou kesyon sa yo.

Gade PDF la sou tout lajè ekran an.

Remak

Abone
Anonse
guest
0 Remak
Inline Feedbacks
View all comments