KANAL REZISTANS : Pou peyi a ka dekole, kanal la p ap kanpe

Comment Icon 0 Favorite Icon 0

Djeride Jean-Baptiste pou Platfòm MIT-Ayiti | 1e janvye 2024

Foto : Jetro-Claudel Pierre Jeanty / Nord-Est Info

Aprè lèkti tèks sa a, lektè a ap ka konprann pi byen :

  • Ki jan dlo ki nan sous ak rivyè se resous ki enpòtan pou lavi tout moun ;
  • Ki sa ki yon rivyè entènasyonal ;
  • Ki sa Rivyè Masak la ye ;
  • Ki sa ki motive Prezidan Abinader nan desizyon li yo kont Ayiti konsènan Rivyè Masak ;
  • Ki jan dosye Rivyè Masak la vin yon senbòl rezistans pou tout Ayisyen.

Dlo se yon byen komen nou jwenn nan lanati. Li nesesè pou lavi. Menm jan solèy la klere pou tout moun, se tout moun tou ki ta sipoze jwenn dlo ann abondans. Dlo pa ta sipoze yon byen prive pou moun an wo sèlman. Kon sa tou, se tout moun ki dwe travay pou pwoteje tout sous dlo ki sou planèt la pou dlo sa yo pa kontamine. Nenpòt kote ki gen yon sous dlo, kominote k ap viv tou prè li a dwe chèche tout fason pou jere l epi pran swen l. Se sa ki pral fè sous la bay dlo bon kalite epi bay tout moun yon aksè ekitab nan itilizasyon dlo pou byennèt yo.

Gen plizyè peyi sou latè ki pataje dlo antre yo. Sa vle di gen rivyè ak sous ki, selon jan yo fòme, sèvi pou plizyè peyi an menm tan. Pami kèk egzanp, nou ka jwenn : Rivyè Kolorado ki travèse Etazini ak Meksik, Rivyè Nil ki travèse plizyè peyi ann Afrik tankou Ejip, Soudan, Etyopi e latriye. An plis, nou jwenn rivyè ki rele Rhin an ki travèse plizyè peyi — pami yo, gen Almay, Otrich, Swis, Olann ak Lafrans. Lè yon rivyè oswa yon flèv travèse plizyè peyi kon sa, se dwa entènasyonal ki bay prensip abitraj pou jesyon yo. Kon sa tou, sa konn rive gen kèk akò ant peyi yo sou fason yo dwe jere rivyè yo. Nasyon Zini te pibliye yon Konvansyon an novanm 1996 sou ki jan peyi yo dwe antann yo lè yo pataje yon rivyè (1). Selon dokiman sa a, itilizasyon yon rivyè entènasyonal dwe fèt nan yon fason ki ekitab e rezonab ant peyi sa yo. Tout peyi ki pataje yon rivyè dwe fè tout sa yo kapab pou yo byen jere rivyè sa a. Pa egzanp, nan atik 5 konvansyon sa a, li di peyi ki pataje yon rivyè dwe itilize rivyè ki travèse yo a nan yon fason ekitab erezonab (1).

Ka Rivyè Masak ant Ayiti ak Repiblik Dominikèn

Rivyè Masak se yon rivyè Repiblik d Ayiti (Ayiti) ak Repiblik Dominikèn (RD) pataje : tèt li sou bò RD epi li abouti tou sou bò RD a. Men, li pase anndan Ayiti epi gen rivyè ki ann Ayiti, tankou Rivyè Kapotiy ak Rivyè Jan Nant, ki alimante l. Ki donk, li se yon rivyè binasyonal. Rivyè Masak se yon rivyè ki gen plizyè konfli nan istwa li. Pa egzanp, ant 1660 a 1665, Espanyòl yo te masakre anviwon 30 boukanye fransè (Travieso 2023). Epi tou, nan lane 1937, ansyen prezidan dominiken Rafael Trujillo te bay lòd touye tout Ayisyen sou bò RD nan zòn fwontyè a. Youn nan fason pou yo te deside kilès moun ki ayisyen se jan yo pwononse mo espayòl « perejil » ki vle di « pèsi » an kreyòl. Nan yon atik li pibliye an 2014, Richard Lee Turits di se anviwon 15 000 Ayisyen rejim Trujillo a te touye bò rivyè Masak la. Nan yon fim ki soti an 2021 ki rele « Perejil », reyalizatè Jose María Cabral rakonte istwa masak Ayisyen sa yo (2). Ki donk, Rivyè Masak la charye anpil istwa dèyè l : toujou gen negoyasyon ak konfli k ap fèt bò kote l oubyen sou li.

Nan mwa septanm 2023 a, prezidan dominiken, Luis Abinader, akize Ayiti plizyè kote, ata sou tribin Nasyon Zini, kòm ki dire Ayiti ap pran dlo Rivyè Masak la pou li sèlman, akoz yon kanal Ayisyen yo te deside fouye pou wouze jaden yo nan plèn Maribawou nan Wanament. Lè n konsidere RD gen tan pran yon pakèt priz ki diminye kantite dlo ki nan rivyè a, ta sanble Abinader vle sèvi ak manti ansanm ak manipilasyon pou l fè Ayisyen enjistis. Nan yon atik li pibliye nan AlterPress, Pwofesè Maimsy-Mary Fleurant mansyone tout priz RD deja pran sou Rivyè Masak la. Pwofesè Fleurant esplike kote priz sa yo chita kò yo : Castellar-Loma de Cabrera, Dajabón, Cabeza de Caballo, Los Miches, Juan Calvo, La Aduana, Los Veteranos, El Coco ak Don Pedro (3). Epi tou, RD gen tan ranje kò l ak konpayi min peyi Kanada pou yo esplwate min ki sou fwontyè a (4).

Esplwatasyon lò sa yo, ki pral konsome anpil dlo, pral kontribye nan degrade anviwònman an. Epi, tou, sa pral kontamine dlo ki nan tèt Rive Masak la. Se la Flèv Latibonit la pran sous li e se yon flèv ki enpòtan anpil pou Ayiti ak pou pwodiksyon nasyonal li. Lè n konsidere enpòtans Flèv Latibonit genyen pou plantè diri yo, nou ka wè ki kalte malveyans ak enjistis Ayiti ap sibi an ba grif RD, poutan se prezidan Abinader k ap mache vann RD kòm viktim.

An reyalite, kanal sa a Ayisyen yo deside fouye a pa ta sipoze bay rivyè Masak la pwoblèm ditou.  Nan yon atik ki pibliye nan AlterPress, ansyen Anbasadè Ayiti nan Repiblik Dominikèn, Smith Augustin, fè konnen, nan mwa me 2012, RD te deja rekonèt kanal Ayiti ap fouye a pa reprezante yon danje pou rivyè a (5). A travè yon nòt tou 2 peyi yo te pibliye ansanm aprè yon reyinyon ki te fèt nan yon kad fòmèl ant chansèlri 2 peyi yo, RD vle chanje pawòl la pandan l ap lage tout gwo chay akizasyon yo sou Ayiti (6).

Yon senbòl rezistans nasyonal

Prezidan Abinader kontinye ap bay anpil presyon kont kanal la. Men, sou bò Ayisyen yo, slogan an se « Kanal la P ap Kanpe » (egal : KPK). Kanal sa a rapidman tounen yon senbòl rezistans ak rekiperasyon diyite nasyonal kote anpil Ayisyen deside kole zepòl epi mete tèt ansanm ak moun Wanament a travè manifestasyon yon gwo « konbit ».  Konbit se yon pratik ki chita nan nannan tradisyon peyi d Ayiti. Pou n konprann pratik konbit sa a, li enpòtan pou n ta gade ki jan pandan tout istwa li, pèp Ayisyen — kòm pèp souvren — òganize l pou l viv lavi l, pou l gran moun tèt li nan lespri kole zepòl kote youn ap ede lòt pote chay la pandan y ap kontinye pouswiv objektif yo ansanm.

Nou pa ko konn ki jan sa pral fini. Men, jan sosyete ayisyen an ranmase dosye kanal la, sa se yon bèl jès nasyonal ki dwe kontinye motive tout Ayisyen pou n kontinye travay pou tout moun jwenn dlo pou yo ka viv — paske, vreman vre, dlo se yon resous ki nesesè pou lavi. Epi, tou, pèp souvren an dwe kontinye leve kanpe, nan kole zepòl, nan fè konbit pou dwa tout moun ka respekte. Men, tou, li enpòtan pou pèp souvren an veye konze yo paske gen moun ki antre nan koze kanal la pou yo fè politik pas pou ki e pou jere ajannda pèsonèl pa yo.

Kesyon k ap ka ede lektè yo apwofondi sans tèks la pi plis :

  1. Aprè w fin gade tèks la, èske w ka pale ak pwòp mo pa w sou sans : « rivyè entènasyonal », « min lò », « rezistans nasyonal », « Konvansyon », « pèp souvren ». Pou chak tèm sa yo, pwodui yon tèks kote w ap devlope yo. (Sijesyon Claude Calixte — Lekòl Liv Ouvè — nan dat 1e desanm 2023)

Travay pwodiksyon tèks la ka suiv chema sa a pou chak konsèp :

  • Konsilte kèk liv, diksyonè oubyen atik ki pale de konsèp la. Ou ka ale sou https://scholar.google.com, antre konsèp la nan motè rechèch la pou n ka jwenn atik, liv oubyen lòt materyèl ki trete konsèp la ;
  • Defini konsèp la ;
  • Bay kèk egzanp konkrè kote w ka itilize konsèp la nan lavi tou lè jou ;
  • Bay kèk sitiyasyon kote otorite yo — kit se nan peyi d Ayiti oswa nan lòt peyi — konn itilize konsèp sa a ;
  • Montre ki relasyon kanal Wanament lan genyen ak konsèp la ;
  • Prezante tèks w ap ekri a nan yon chema ki gen yon entwodiksyon, yon devlopman ak yon konklizyon ;
  • Lè w fin ekri tèks la, pataje li ak lòt kondisip ou yo devan tout sal klas la.

2. Mete sou Rivyè Masak la, gen 3 lòt rivyè nou pale sou yo nan atik la ; men, nou pa site non tout peyi ki pataje rivyè sa yo. Fè yon ti rechèch sou rivyè sa yo epi finalize lis peyi ki pataje rivyè sa yo.

3. Ale sou Google, chèche tout rivyè entènasyonal ki gen nan monn lan, fè ti rechèch sou yo epi klase yo soti nan pi piti pou rive nan pi gwo. Itilize kantite mèt yo mezire an longè ak an lajè pou w fè klasifikasyon sa a.

4. Nan yon paragraf ki gen ant 5 ak 10 liy, demontre pou ki sa prezidan Abinader pa gen rezon lè l ap mache akize Ayiti kòm ki dirè se Ayiti k ap fè dappiyanp sou rivyè a. Bay 3 egzanp ki apiye repons ou a. Ou ka itilize tèks ou sot gade a kòm baz pou fè travay sa a pandan w ap chèche lòt tèks oubyen lòt atik ki pale de dosye kanal la. Pa egzanp, ou ka itilize atik ki parèt nan jounal AlterPress yo oubyen nan lòt jounal ou ka jwenn sou entènèt.

Referans

  1. United Nations. Expert Group meeting on water legislation. Expert Group Meeting on Water Legislation for Western Asia. 1996.
  2. Turits RL. Un mundo destruido, una nación impuesta: La masacre haitiana de 1937 en la República Dominicana. Translating the Americas. 2014 Jan; 2(20190612).
  3. AlterPresse | Haïti-RD/Le canal de la Vigie : Nouvelle consécration de l’hydro-hégémonie dominicaine et risque d’escalade dans le conflit de la rivière Massacre https://www.alterpresse.org/spip.php?article29710
  4. Unigold Announces Granting of Neita Norte Exploration Concession – Junior Mining Network : https://www.juniorminingnetwork.com/junior-miner-news/press-releases/1089-tsx-venture/ugd/140397-unigold-announces-granting-of-neita-norte-exploration-concession.html
  5. AlterPresse | Rivière Massacre : L’ex-ambassadeur Smith Augustin juge insuffisante la position du gouvernement de facto en Haïti : https://www.alterpresse.org/spip.php?article29682
  6. Declaración Conjunta Reunión binacional sobre la situación de las aguas transfronterizas del río Dajabón o Masacre – MIREX | Ministerio de Relaciones Exteriores : https://mirex.gob.do/declaracion-conjunta-reunion-binacional-sobre-la-situacion-de-las-aguas-transfronterizas-del-rio-dajabon-o-masacre/

Gade PDF la sou tout lajè ekran an.

Remak

Abone
Anonse
guest
0 Remak
Inline Feedbacks
View all comments