Pétra ak Lili vizite Lagonav

Comment Icon 0 Favorite Icon 0

La Petite Pétra se yon seri liv bileng an kreyòl ak franse pou ti moun. Nan liv sa a, Pétra ak Lili vizite zile Lagonav sou bato ak Kaptenn Jojo. Vini ak yo pou w al dekouvri ki jan ti moun yo te naje nan dlo lanmè, ki manje espesyalite lokal yo te manje, ansanm ak lòt bèl dekouvèt ankò. Nan jou k ap vini yo, n ap kontinye pibliye lòt liv nan seri La Petite Pétra a sou Platfòm MIT-Ayiti a. Mèsi Krystel !

Telechaje PDF la sou tèt lajè ekran an !

Krystel Armand Kanzki fèt ann Ayiti e se la li grandi. Li se manman 2 pitit. Li se yon kontab e yon antreprenè. Se depi an 2018 Krystel ap pibliye liv bileng pou ti moun. Se pitit li yo ki te enspire l ekri seri liv bileng La Petite Pétra pou tout ti Ayisyen ak ti kat kat nan lòt nasyon ka pwofite. Mèsi Krystel pou kreyativite w, jenewozite w e pou pataj bèl liv sa yo pou tout ti moun ki ta renmen

Remak

Abone
Anonse
guest
0 Remak
Inline Feedbacks
View all comments