Resistans Pèp Souvren kont gwojemoni Lagrandyab

Comment Icon 0 Favorite Icon 0

Trajedi peyi d Ayiti ap viv depi syèk se konsekans yon seri defòmasyon nan politik kolon blan yo depi Kristòf Kolon te debake ann Ayiti an 1492. Nan twòkèt Kolonyal oswa dekolonyal ? ak De (2) men klas mwayèn lan, Pwòf Ti Jan Bosal esplike ki jan defòmasyon sa yo vin atake fason nou konprann pouvwa politik la, idantite nou, lang nou, enstitisyon leta yo, e latriye. Tout defòmasyon sa yo antre nan estrateji Lagrandyab ki mete ak Leta nan dappiyanp sou richès Pèp Souvren depi digdantan — kit se richès nan ekonomi nou, nan patrimwàn nou, nan idantite nou, nan lang nou, e latriye. Youn nan pi gwo mal Lagrandyab fè nou se pouse n fè chwa politik ki p ap mennen n okenn kote. Se defòmasyon sa yo Pwòf Ti Jan Bosal (Jean Casimir), Pwòf Michel DeGraff ak Grenadye Djeride Jean-Baptiste ap ede n konprann nan resous sa a.

Rezistans Pèp Souvren Kont Gwojemoni Lagrandyab : Videyo brase lide ant Pwòf Jean Casimir ak Pwòf Michel DeGraff k ap analize estrateji Lagrandyab ak Leta nan dappiyanp sou richès nou — tout kalite richès, wi, kit se richès nan ekonomi nou, nan patrimwàn nou, nan idantite nou, nan lang nou, e latriye. Fòk nou rive konprann istorik Lagrandyab pou n ka reziste kont estrateji li yo.

  1. Nan tan lakoloni, se ak fòs ponyèt, wi, « Lagrandyab » (Wa Lafrans, konpayi komèsyal kolonyal yo, gouvènè kolonyal yo, gran don yo e latriye) te konn vòlè tout sa « malere » genyen — malere nan tout klas sosyal (kaptif, afranchi, blan mannan…). Malgre Lagrandyab te goumen ak tout fòs li pou l kenbe zansèt nou yo an ba kontwòl kolonyal li, nou te rive pran endepandans nou an 1804 epi nou te fonde pwòp peyi nou. Men, istwa montre nou ki jan, nan chak peryòd apre 1804 rive jounen jodi a, Lagrandyab itilize divès estrateji neyo kolonyal pou l eseye peze kou nou.  Èske w ka idantifye kèk egzanp nan estrateji neyo kolonyal sa yo ?
  2. Fouye je w gade videyo « Rezistans Pèp Souvren kont gwojemoni Lagrandyab » ki nan resous sa a ansanm ak twòkèt Kolonyal oswa dekolonyal ?. Pandan w ap konsidere analiz Pwòf Ti Jan Bosal (Jean Casimir) yo sou fason Lagrandyab kontinye ap fè dappiyanp sou peyi nou, ki plan w panse aktivis yo ka elabore k ap mache ak aktivite Pèp Souvren an ap fè nan 21yèm syèk la pou montre li gran moun tèt li nan lakou li ? Tanpri, elabore yon plan aksyon sou baz yon antant ant, sou yon bò, sa aktivis yo vle fè epi, sou lòt bò, sa Pèp Souvren an deja ap fè, depi 1804, pou kore souvrènte l.  Nan refleksyon pa w, èske w panse plan sa a ka entegre analiz Pwòf Ti Jan Bosal yo konsènan Revolisyon 1791 lan ansanm ak òganizasyon lakou a soti nan 19yèm syèk rive joune jodi a ?
  3. Nan kòmansman videyo « Rezistans Pèp Souvren kont gwojemoni Lagrandyab », Pwòf Michel DeGraff pale de « defòmasyon » nou jwenn nan sèten lide sou lang kreyòl yo.  Pwòf Casimir te pale de « dèfomasyon » tou nan twokèt Kolonyal oswa dekolonyal ? — « defòmasyon [ki] soti nan jan nou konprann pouvwa politik la ». Lè w fin tande brase lide ant Pwòf Casimir ak Pwòf DeGraff nan videyo a, tanpri fè yon rechèch pou w rive idantifye kèk nan « defòmasyon » sa yo konsènan lang kreyòl Ayiti a — « defòmasyon » k ap sèvi enterè Lagrandyab ak enterè moun an wo sou tèt moun an ba nan peyi nou.  Analize ki jan « defòmasyon » sa yo konsènan istorik, chapant ak fonksyonnman lang kreyòl la » ka gen menm orijin ak « defòmasyon sa yo [ki] soti nan jan nou konprann pouvwa politik la ».

Se Djeride Jean-Baptiste ki elabore kesyon sa yo.

Gade PDF la sou tout lajè ekran an.

Remak

Abone
Anonse
guest
0 Remak
Inline Feedbacks
View all comments