EGZÒD Sherlee Skai : « Menm si n pati, nou ka rasanble pou ranpli misyon n »

Comment Icon 0 Favorite Icon 0

Otè : Ernst Djeride Jean-Baptiste

10 fevriye 2024. Nan mwa avril 2023, Sherly Débrosse, ki gen non atis li Sherlee Skai, pibliye dezyèm albòm li, ki gen pou tit « EGZÒD ». Ak albòm sa a, ki gen 11 chante, Sherlee konfime tèt li kòm yon chantèz pwofesyonèl k ap selebre rezistans nou, idantite nou, orijinalite nou, rèv nou, dezi nou kòm nasyon. Deja nan lane 2017, atis la te prezante albòm « Toutouni » pou lanse karyè li. Albòm sa a te gen 12 chante. Lè n gade 2 albòm sa yo, nou dekouvri yon stil klasik ak fòlklorik k ap ede piblik la chante bèl konbinezon pawòl ak mizik. Albòm EGZÒD la disponib sou tout platfòm k ap pataje mizik sou entènèt la. Sa se yon bèl kado Sherlee ofri piblik la pou n dekouvri epi apresye sa ki nan nanm li pou Ayiti ak Ayisyen.

Nan chante ki sou albòm EGZÒD la, Sherlee ap ankouraje piblik la reflechi sou kalte angajman ki dwe ede nou tout gade sosyete ak idantite peyi d Ayiti tankou yon rasanbleman tout moun ki ale, tout moun ki rete, tout moun k ap eseye rete, tout moun k ap eseye ale, men, ki toujou gen peyi sa a makònnen ak zantray yo.  Nan chante ki rele « Rasanble » a, atis la envite nou tout gade nan yon sèl direksyon. Devan defi k ap bloke peyi a, Sherlee mande pou n kontinye « pote drapo revolisyon an [pou n] ransable epi konplote pou sa chanje, kèl ke swa kote [nou] ta ye ». Kon sa tou, Sherlee raple n se rasanbleman sa a k ap ka fè n akonpli misyon nou genyen pou n goumen pou libète — jan Dessalines te mande nou sa depi nan konstitisyon 1805 lan.

Se kon sa tou chante « Misyon » an raple tout Ayisyen se « nan jistis pou n jwenn lapè pou peyi a » — yon jistis ak yon lapè ki te deja enskri nan « levanjil Dessalines te kite » a. Selon atis la, misyon sa a, ki gen pou objektif bati yon « Ayiti ki gran moun e fyè », se misyon « tout bon sitwayen k ap travay pou siksè ». Nan chante « Konze » a, Sherlee esplike nou p ap janm rive akonpli misyon sa a pami « rena yo », « trèt yo », « rat mòde soufle » yo. Chante « Konze » sa a  lonje dwèt dirèk dirèk sou moun ki di y ap goumen pou pèp alòske yo se trèt ki pran pòz yo renmen « anndan » ; men, se pou yo ka dechèpiye peyi a epi vann li bay « deyò ».

An plis de aspè angajman sosyal e politik nou jwenn sou albòm EGZÒD la, vwa Sherlee pote mak fabrik yon atis ki sansib pou moun ki pi fèb yo. Se sa nou jwenn nan chante « Del Río » a kote atis la pale de esperyans migran yo ki konn oblije kite lakay yo san papye pou yo pati al chèche lavi miyò nan lòt peyi. Espesyalman, atis la raple nou move esperyans kèk konpatriyòt Ayisyen te viv nan mwa septanm 2021, nan « Del Río », yon vil ki sou fwontyè ant peyi Meksik ak Leta Texas, kote « nèg sou chwal fwete nou kon esklav ». Selon Sherlee, enspirasyon mizik sa a pa sèlman soti nan tristès evennman « Del Río » a ; men, li soti nan esperyans li nan kad travay pwofesyonèl li ak migran san papye oz Etazini ki konn viktim rasis ak divès fòm pèsekisyon. Ki donk, EGZÒD se yon albòm ki navige ant angajman, sansibilite pou soufrans ak kalamite, konba, ak lespwa — tou sa se engredyan ki fè n sa n ye kòm moun e kòm Ayisyen.

Nan tout kalite nou dekouvri nan atizay Sherlee a, nou jwenn yon atis ki gen kapasite pou varye sijè li yo epi ofri piblik la yon esperyans mizikal ki rich anpil. Chante tankou « Tèt syèl » ak « M ap viv » envite n pwofite de chak moman nan lavi nou paske « chak segonn se letènite », ki donk nou dwe « viv lavi san kite rès » paske se nan « chak bouche lavi boukannen ».

Albòm lan bèl anpil. Travay atis la merite apresye. EGZÒD ofri piblik la richès yon esperyans mizikal ki ka ede nou reve, idantifye misyon nou, pouse limit nou, kraze baryè ki anpeche nou gen yon peyi kote tout moun ka viv nan lapè. Pou nou pi byen asimile tout bèl pawòl sa yo, nou envite piblik la al koute albòm EGZÒD la pou dekouvri talan Sherlee Skai ki pa sispann pale de Ayiti, de lang kreyòl la, de idantite nou, de rasanbleman ak misyon nou pou  Ayiti. Wi, Sherlee se youn nan pi bèl atis nou genyen jodi a pou ede n selebre rasin nou, fòs nou epi anbrase lit nou dwe mennen pou n bati yon pi bèl peyi.

Ticket Magazine, youn nan jounal kiltirèl yo plis swiv ann Ayiti, nomine albòm EGZÒD la kòm youn nan pi bèl « Albòm World » pou ane 2023 a. Sherlee pataje nominasyon sa a ak albòm « Révérence » Emeline Michel epi albòm « Été en hivers » BIC Tizon Dife ki te soti pandan ane 2023 a tou.

Ayiti nan yon kafou istorik kote lespwa se youn nan zouti enpòtan ki ka ede Ayisyen ki pa « konze » idantifye ki kalite angajman yo dwe pran pou peyi a. Gras ak mizik li, Sherlee Skai ap ede n rekonèt peyi a ka yon lòt jan. Ebyen, si ansam ak Sherlee, nou rive rekonèt diferans ant jan bagay yo ye ak sa yo dwe ye, nou pral kreye yon fenèt kote limyè ka antre. Fenèt sa a, se fenèt lespwa n, se fenèt konba nou. An n koute albòm EGZÒD la k ap nouri lespwa nou pou n ka anbrase konba a. Jan pwovèb la di l : « depi tèt pa koupe, nou espere met chapo ». 

Egzèsis sou analiz tèks la

A.   An nou pran yon tan kote tout sal klas la pral koute epi chèche byen konprann pawòl ak mizik ki konpoze albòm EGZÒD la.

Aprè nou fin tande mizik albòm lan, pwofesè a ka ankouraje elèv yo pataje opinyon yo sou li :

  1. Ki sa yo renmen sou albòm lan ?
  2. Ki sa yo pa renmen ?
  3. Ki sa yo ta renmen ki amelyore ?
  4. Ki jan yo konprann albòm lan ?
  5. Ki pi gwo fòs albòm lan ?
  6. Ki pi gwo feblès albòm lan ?

AN. An nou analize tèks la pandan n ap chwazi repons ki kòrèk la aprè nou fin byen li epi byen konprann kesyon ki poze a.

1.     Nan ki lane Sherlee Skai te soti premye albòm li a ?  
a)     Nan lane de mil uit
an)   Nan lane de mil di sèt
b)     Nan lane de mil sèt
ch)   Nan lane de mil diz uit
d)     Nan lane de mil sèz  

2.     Konbyen mizik dezyèm albòm Sherlee Skai la genyen ?  
a)     Douz
an)   Onz
b)     Di sèt
ch)   Venn de
d)     Trann de  

3.     Nan tout konstitisyon Ayiti yo, de kiyès atis la pale nan « Misyon » ?
a)     Konstitisyon mil ui san senk
an)   Konstitisyon mil nèf san diz uit
b)     Konstitisyon mil nèf san senkann sèt
ch)   Konstitisyon mil nèf san katreven sèt
d)     Konstitisyon mil ui san en

B. An n chèche konprann epi jwenn sans kèk mo Sherlee Skai itilize sou albòm « EGZÒD » la

1. Aprè nou fin li tèks sou albòm « EGZÒD » la, an n idantifye tout mo ki parèt nouvo pou nou nan tèks sa a epi an nou fè yon lis ak yo. Lè n fin fè lis la, ansanm n ap chèche definisyon yo ak sans yo epi n ap brase lide sou yo nan sal klas la.

2. An nou chèche konprann sans mo sa yo pandan n ap chèche definisyon yo nan diksyonè. Aprè nou fin jwenn definisyon yo, n ap konpoze yon fraz pou yo chak ki diferan de ni lòt fraz ki deja parèt nan tèks la, ni fraz ki sou albòm « EGZÒD » la : Makonnen – Idantite – Konze – Egzòd – Migran – Revolisyon – Konplote.

CH. An n analize albòm « EGZÒD » la an ba limyè peyi nou ak sosyete nou

Brase lide ant atis Sherlee Skai ak Pwòf Michel DeGraff sou EGZÒD

1. Lè n fin tande chante ki sou albòm EGZÒD la epi n fin gade analiz Sherlee Skai fè sou albòm lan nan dyalòg li ak Pwofesè Michel DeGraff, gen plizyè tematik li trete ki ka ede n pi byen reflechi sou istwa Ayiti kòm nasyon.

Nan analiz atis la, li enspire l de plizyè gwo evennman istorik pou li ekri chante sa yo :
Chante « Misyon » an gen rapò ak Konstitisyon 1805 lan (premye konstitisyon peyi a); chante « Peye m » lan  gen rapò ak ranson malouk Lafrans te fè Ayiti peye sou prezidans Jean-Pierre Boyer an 1825;  epi chante « Konze » a  gen rapò ak trayizon Jean-Baptiste Conzé pandan Okipasyon Meriken 1915–1934 lè Conzé te ede Ameriken yo jwenn Charlemagne Péralte pou yo asasinen l.

a) Ki jan nou ka sèvi ak albòm « EGZÒD » la pou nou analize istwa d Ayiti pandan n ap konpare evennman istorik Sherlee Skai dekri yo ak tèm sa yo : endepandans, ranson ak trayizon ?
an) Ki jan tou nou ka analize evennman sa yo pandan n ap reflechi sou lit ant klas sosyal epi sou enfliyans peyi etranje ann Ayiti ?
b) Anpil fwa, Ayiti viktim trayizon pwòp pitit peyi a ki antre nan konplisite ak Lagrandyab (egal : kolon blan k ap fè dappiyanp sou richès peyi a). Ki jan albòm Sherlee Skai la ka ede n idantifye epi retrase enfliyans peyi etranje sou Ayiti soti depi 1804 rive jounen jodi a an 2024 ?
ch) Ekri yon disètasyon ki gen ant 700 a 1 000 mo pou n elabore lide ak analiz sa yo ?

2. Nan analiz li sou chante « Manman Bon Dye » a, Sherlee Skai touche yon pwen ki enpòtan nan sosyete a sou egalite fanm ak gason nan reprezantasyon sosyal yo. Pa egzanp, fason yo toujou fè nou kwè Bon Dye se yon gason malgre pa t janm gen moun ki ka vini ak prèv li te janm wè Bondye yon jou.

Sa vin gen konsekans sou anpil fason nou panse epi konprann reyalite a. Sa kreye yon mantalite kote, pandan anpil tan, yo te bay gason plis enpòtans ak plis vizibilite pase fanm menm si y ap fè menm travay. Nan ka pa nou, sa konn fè nou banalize anpil fanm ki te patisipe nan lit pou endepandans nou. Kon sa tou, nou konn devalorize epi maske kontribisyon fanm ki kontinye ap lite chak jou pou amelyore sosyete a, pou sove lavi pitit yo ak fanmi yo. Poutan, nan yon sosyete ki kwè #ToutMounSeMoun, nou dwe konsidere ni fanm ni gason kòm konbatqn nan goumen pou #ToutMounSeMoun tout bon vre.

An n fè yon ti diskisyon sou tematik sa yo :

An n reflechi, fè rechèch epi analize wòl anpil fanm te jwe nan istwa peyi a menm lè nou souvan pa tande pale de yo.

  • Ki travay fanm sa yo te fè ?
  • Ki aksyon yo te poze ?
  • Ki jan nou ka konpare travay fanm sa yo ak travay anpil lòt fanm, nan tout kategori sosyal, ap fè pou peyi a ?
  • Ki travay ki dwe fèt nan sosyete a pou gen yon chanjman nan reprezantasyon sosyal sa yo epi pou n rive konsidere fanm ak gason tout bon vre sou baz #ToutMounSeMoun ?
  • Ki konpòtman nou dwe adopte bò kote pa nou, depi sou ban lekòl, pou n ka rive ateri ak yon mantalite ki mete fanm ak gason sou menm pye egalite, pou yo ka gen menm chans ak menm opòtinite nan tout sektè ak tout nivo nan sosyete a ?  

Gade PDF la sou tout lajè ekran an. | TELECHAJE

Remak

Abone
Anonse
guest
0 Remak
Inline Feedbacks
View all comments