Wòl Bwa Kayiman nan fòmasyon idantite Pèp Ayisyen

Comment Icon 0 Favorite Icon 0

Peryòd soti 14 rive 21 out reprezante yon gwo moman nan istwa d Ayiti. Nan peryòd sa a, te gen yon gwo kongrè ki te fèt, an 1791, ki te reyini fòs Afriken ak desandan Afriken nan koloni Sen Domeng — fòs politik, espirityèl ak mistik — ki t ap pral debouche sou revolisyon ayisyen an. Se revolisyon sa a ki te, an final, vin remèt viktwa sou fòs fè nwa kolonizasyon ak esklavaj epi viktwa sa a te remèt endepandans Ayiti an 1804. Jounen jodi a, plis pase 220 lane ann apre endepandans peyi a, li enpòtan pou n reflechi sou Bwa Kayiman nan istwa ak fòmasyon idantite Pèp Ayisyen. Se pou sa Inisyativ MIT-Ayiti te envite Fouchard Justinvil, ekriven, otè liv « Les Sociétés Secrètes en Haïti : de l’imaginaire au réel », nan yon kozri kote Grenadye Michel DeGraff, Direktè-Fondatè Inisyativ MIT-Ayiti, ak Grenadye Pierre Negaud Dupenor, Direktè Kominikasyon MIT-Ayiti, te poze ekriven an kesyon sou Bwa Kayiman.

Rezon ki te pouse MIT-Ayiti reyalize kozri sa a se paske n konstate ki jan, pami jèn jenerasyon an, gen twòp ti moun ki pa konn istorik Kongrè Bwa Kayiman. Menm pami jèn k ap viv nan zòn Okap ak nan lòt komin ki tou pre Bwa Kayiman, nou remake anpil jèn pa konnen oswa yo pa konprann istwa ak senbolik Bwa Kayiman. Sa se yon gwo dram ki afekte patrimwàn kiltirèl peyi a lè n reyalize enpòtans Bwa Kayiman kòm youn nan premye gwo konbit kaptif yo te òganize e ki t ap pral abouti sou revolisyon 1791 lan — yon kokenn chenn etap sou wout endepandans peyi a. Nan entwodiksyon kozri a, Pwofesè DeGraff te pran tan pou l te remete Bwa Kayiman nan kontèks istorik li e montre enpòtans pou n fè pledwaye pou evènman sa a rete vivan kòm poto mitan nan idantite nou ak memwa kolektif nou kòm nasyon.

Ki sa seremoni Bwa Kayiman an te ye e ki sa li pa t ye ?

Selon Fouchard, sektè pwotestan an souvan konsidere Kongrè Bwa Kayiman an kòm yon seremoni vodou — pwen final. Objektif la se idantifye Bwa Kayiman kòm yon aktivite dyabolik. Yon lòt bò, sektè vodou a konn itilize mo « seremoni » an pou yo ka montre se yo ki gen patènite evènman istorik sa a. Men, Bwa Kayiman, avan tout bagay, se te yon kongrè — yon rasanbleman — kote lidè revolisyon an, tankou Dutty Boukman ak Cécile Fatiman, te reyini pou yo te planifye estrateji batay pou endepandans lan epi deside ki objektif y ap bay tèt yo kòm nasyon ki te vle kraze tout fondasyon kolonizasyon ak esklavaj. Rasanbleman sa a t ap pral pèmèt revolisyonè yo pran gwo desizyon epi byen kòdone ki jan yo pral oryante lit la. Pou selebre angajman istorik ke lidè yo te pran nan fen kongrè a, yo reyalize yon seremoni solanèl sou baz kwayans ak referans kiltirèl ak espirityèl ki te makonnen yo ak rasin yo nan Lafrik Ginen.

⁠⁠Pou ki sa jodi a li enpòtan pou jèn jenerasyon yo konpran senbolik ki karakterize seremoni Bwa Kayiman an ?

Tèt ansanm ak viv ansanm — egal : « Men anpil, chay pa lou ! » — se youn nan aspè estrawòdinè kongrè ak seremoni Bwa Kayiman. Malgre kaptif yo te soti nan diferan gwoup etnik ak kategori sosyal — Fon, Ewe, Ibo, Kongo, … « esklav bosal », « esklav kreyòl » … « esklav domestik », « esklav jaden » e latriye — sa pa t kite diskriminasyon bloke objektik rasanbleman an, kontrèman ak jan sa vin ye apre endepandans lan, lè diskriminasyon ant moun an wo ak moun an ba, moun po klè ak moun po nwa, moun elit ak mas pèp te vin kreye divizyon sosyal ki toujou ap febli peyi a jounen jodi a. Nan Bwa Kayiman, zansèt yo te rive depase tout sa k ta ka divize yo epi yo te rive mete tèt yo ansanm pou yo defann yon enterè komen : dekolonizasyon ak liberasyon. Fouchard panse se kalite depasman ak konbit sa a  nou bezwen entegre pou n soti nasyon an nan katyouboumbe nou ye jodi a pou n kreye yon lòt wout pou avansman peyi a.

Se pou tout rezon sa yo, li nesesè pou Ministè Edikasyon Nasyonal ranfòse etid kongrè ak seremoni Bwa Kayiman — yon engredyan total kapital nan patrimwàn kiltirèl ak imateryèl peyi a — nan kourikoulòm lekòl yo, nan tout klas ak tout nivo, pou elèv yo ka entegre Bwa Kayiman nan fòmasyon idantite yo kòm Ayisyen ki fyè de senbòl patriyotik ak sivik evènman istorik sa a.

Kòman yon lòt seremoni Bwa Kayiman ta ka ede nou soti peyi a nan sa l ye a ?

Pou l reponn kesyon sa a, Fouchard itilize yon pawòl nan vodou ki di : « Dlo ki mennen w ale a, se li ki pou mennen w tounen ». Sa vle di, si lit ki te lanse revolisyon ak endepandans peyi a te pran orijin li nan Kongrè Bwa Kayiman, se yon lòt Kongrè Bwa Kayiman an ki pou pèmèt tous fòs viv peyi a rejwenn chimen antant ak linyon pou soti peyi a nan mera li ye kounye a. Fouchard itilize yon lòt pawòl nan vodou ki di : « Se van ki kalme van ; se van ki kwape van ; se van ki chase van… ». Sa vle di, pou peyi a soti nan sa l ye a, fòk nou sispann depann de lòt peyi — sitou ansyen puisans kolonyal yo tankou Lafrans ak Etazini — sou plan ekonomik, kiltirèl, akademik e latriye. Pou l konkli kozri a, Fouchard panse li enpòtan pou peyi a konekte pi fon ak pwòp rasin li ak tout sa ki nan nannan idantite l — pa egzanp, lang li, relijyon li ak sistèm edikasyon li pou l ka rekipere tout esans li epi kreye pwòp chimen li nan direksyon demen miyò pou tout pitit peyi a.

Wòl Bwa Kayiman nan fòmasyon idantite Pèp Ayisyen : se sou tèm sa a Fouchard Justinvil, ekriven, otè liv « Les Sociétés Secrètes en Haïti : de l’imaginaire au réel » te brase lide ak Grenadye Michel DeGraff, Direktè-Fondatè Inisyativ MIT-Ayiti, e Grenadye Pierre Negaud Dupenor, Direktè Kominikasyon MIT-Ayiti nan okazyon anivèsè Seremoni Bwa Kayiman an (14-21 out 2024).

Kesyon pou ede aprenan yo reflechi :

Nan kozri sa a ki nan videyo pi wo a, gen 6 kesyon ki te debat. Kounya, eseye mete w nan plas envite a, itilize tout resous ou dispoze, tankou liv, resous ki disponib sou entènèt, radyo ak televizyon, itilize tou pwòp refleksyon ak imajine pa w, edi eseye reponn menm kesyon nou te poze envite a :

Kesyon 1 : ⁠Gen anpil tanbou ak pèsepsyon negatif sou Seremoni Bwa Kayiman an. Selon konesans pa w, di nou ki sa Seremoni Bwa Kayiman te ye, e ki sa li pa t ye ?

Kesyon 2 : ⁠Si w te devan yon sal klas pou ti moun ki nan nivo primè, ki jan w t ap rakonte yo istwa Bwa Kayiman an ?

Kesyon 3 : Pou ki sa jodi a li enpòtan pou jèn jenerasyon yo konprann senbolik ki karakterize Bwa Kayiman ?

Kesyon 4 :⁠ Selon rechèch ak konesans pa w, ki wòl lang kreyòl la te jwe nan Bwa Kayiman an ak nan revolisyon 1791 lan ?

Kesyon 5 : Selon konesans pa w, ki lòt evènman ak seremoni nan istwa peyi a ki sanble ak seremoni Bwa Kayiman ke sosyete a, chèchè ak pwofesyonèl ki nan domèn edikasyon, patrimwàn ak kilti ta merite esplore ?

Kesyon 6 : Nan kalfou trajik peyi a twouve l jodi a, kòman yon lòt seremoni Bwa Kayiman ta ka ede nou soti peyi a nan sa l ye la, nan yon lespri konbit ak kole zepòl ?

Gade PDF la sou tout lajè ekran an.

Remak

Abone
Anonse
guest
0 Remak
Inline Feedbacks
View all comments