Entwodiksyon liv : Rasin Ayiti Toma (Istwa n depi kòmansman inivè a)

Comment Icon 0 Favorite Icon 0

Otè : Dyeri M. Jil & Ivwoz S. Jil

Remèsiman :

Liv sa a suiv egzanp Gran Chimen istwa ki kòmanse esplikasyon prezans nou depi nan kòmansman inivè a pou n vin tonbe nan epòk nou jodi a. N ap remèsye tout ansyen kontè istwa kreyasyon ki ban nou mach a suiv (Espwòl, 1991). Pa egzanp, moun Nago te byen rekonèt rasin nou fon. Yo te kòmanse istwa pèp Nago ak Olowoun, ki se non pa yo pou Bon Dye. Olowoun kreye inivè a. Apre sa, li kreye Batala. Li bay Batala direksyon pou l kreye moun. Batala pran tè ajil, li kreye estati moun. Olowoun bay estati yo souf epi sa ba yo lavi (Koulandè, 1996).

Jodi a, lè n ap pale de istwa nou, de istwa aktivite nou, fòk nou derape depi nan kòmansman inivè a.  Fòk sa klè, anvan n te gen lakou, kay, bitasyon, demanbre, machin, avyon, fòk nou te gen yon inivè.  Nanpwen jwe foutbòl si pa gen yon inivè pou resevwa teren an.

Tankou moun Nago te fè nan epòk pa yo, n ap pwofite de yon pil konesans moun arive anpile nan tan pa n, pou n pran yon apwòch pi syantifik sou istwa a. Apwòch Nago a pa depaman ak apwòch Natif Amerik yo. Sa pa depaman ak apwòch moun Awayi, ni ak apwòch moun Izrayèl, eksetera era. Men, kiltirèlman, Nago yo pi pre n. Nou pran egzanp kay pratik pou n montre jan Ansyen Fanmi n sa yo te wè rapò ant kò n ak tè a. Alèkile, lasyans modèn detaye rapò sa a nan montre se materyo ki komen sou sifas planèt la ki nan kò nou tou (Fòbs, 2012). La a menm, se tout limanite pou n remèsye pou jan yon pil gran save nan diferan pèp ede n rakonte yon istwa kreyasyon ki byen kore ak evidans.

Moun Nago gen yon fèt yo rele Egougoun kote yo abiye pou reprezante Mò yo. Lè pou yo pale, yo bay vwa yon kalite makak yo rele « ijimere » (Djonnsonn, 1921). Sanble fèt la dewoule kon sa paske Nago yo te rekonèt yon relasyon sere ant moun ak sèten lòt bèt. N ap pwofite enpòtans yo te bay sa pou n rantre nan orijin lavi anvan nou rive sou evolisyon moun paske tout sa se rasin nou toujou.

Nou site Nago yo kòm fason pou n voye yon gwo kout chapo Bò Manman, Bò Papa, pou kontribisyon sèten fanmi n fè nan ede n konprann orijin inivè a ak plas nou ladan l. N ap koube devan Nil Gras Taysonn (Neil deGrasse Tyson) yon Eritye Ginen Ameriken ki reskonsab Obsèvatwa Edenn (Hayden Planetarium), yon gran sant etid sou inivè a. N ap remèsye Me Djemisonn (Mae C Jemison), yon astwonòt, Eritye Ginen, ki te monte nan lespas ak atizanri Afriken pou montre n ap pike devan ak tout fyète eritaj nou.

N ap remèsye dènye abitan nan peyi n ki pataje konesans lasyans ak konesans kiltirèl yo avè n. Nou genyen yo larekonesans. N ap remèsye tout moun nan peyi a ki abitye reklame nou se Nèg Afrik Ginen. Deklarasyon sa a ankouraje n fouye rasin pou n konprann istwa Afrik se yon manman chapit nan istwa nou. Tout bon vre, nou soti lwen. Nou se moun van mennen, dlo bwote. Rive sou istwa pi resan, n ap remèsye manman n Mari Elanj Derezil Jil (Marie Elange D. Gilles), ak papa n Yoland Jil (Yoland Gilles) ak Defen Papa Jak Smat (Jacques Smarth) ki te ban n temwanyaj yo sou yon pil evennman laj avanse te pèmèt yo konstate. Mwen sèvi ak mo « nou » a paske lè n te fenk antame maniskri a, Ivwoz S. Jil t ap goumen pou lasante. Domaj, li janbe. Men, dèyè do l la, travay la kontinye pou piblik la ka pwofite de pasyon l, de kontribisyon l.

Yon kokenn remèsiman pou pitit nou Jarad Jil k ap pousuiv yon karyè nan lasyans fizik e ki revize aspè teknik liv la.  N ap remèsye pitit nou Tayina Sejan Jil Amstwong ak bofis nou Toma Amstwong (Thomas Armstrong) pou kritik yo, konsèy yo, ankourajman yo.  N ap remèsye pitit pitit nou Olivye Fritz Amstwong (Oliver Fritz Armstrong) ki ban n konfyans ke l ap leve ak respè pou Eritaj li Bò Manman, Bò Papa. Ak paran nou devan, pitit nou, pitit pitit nou dèyè, nou te byen ankadre pou n antreprann liv sa a kòm kontribisyon n pou edikasyon Ayisyen. N ap remèsye Natacha Lerison (Natacha Lherisson) ak Jeral Lerison (Gerald Lherisson) ki pataje koleksyon yo sou diferan zouti ki te sèvi pou matirize Eritye Ginen kòm esklav nan Amerik la. N ap remèsye Madan Djennifè Pikè (Jennifer Picker) ki te ankouraje pwojè nou sa a. Nou swete nou prezante istwa soufrans fanmi n san kreye rayisab pou pèsonn, pandan n ap eseye konprann rasin mizè a. Yon kokenn remèsiman pou Jini Dibwa (Junie Dubois) ki ankouraje m prezante tèks la yon fason ki montre respè pou diferan tradisyon relijye kay tout limanite.

Pa gen pa remèsye Klod Bèna ak Dominik Bèna (Claude Bernard, Dominique Bernard) ki ban n opinyon yo pandan tout devlopman liv la ;  Mak Montilis (Mac Montilus) ak Pòl Tasi (Paul Tassy) ki te ede n grandi nan yon kontèks Ayisyen. N ap remèsye Yonèl Legwo (Lionel Legros) ki te mete koleksyon anrejistreman Radyo Lè Ayisyèn a dispozisyon nou pou rechèch sou Istwa d Ayiti. N ap remèsye Pè Legliz Episkopal, Fritz Bazen (Bazin) ak Asosyasyon Zanmi Kanmarad (Les Compagnons), ak Manbo Ingrid Yera (Ingrid Llera) nan Lakou Dereyal, ak Hougan Sèdye nan Lakou Boutoulou Mede paske yo se moun ki konn bon jan konesans pa chita nan rans entolerans. N ap remèsye tout fanmi, tout zanmi, nou pa site. Nou konnen enfliyans yo la nan travay la.

Pou n fini, yon kokenn remèsiman pou Pwofesè Iv Dejan (Yves Dejean) ki te montre n ekri kreyòl. Menm remèsiman an pou Pwofesè Michèl Degraf (Michel Anne Frederic DeGraff) ak Pwofesè Pòl Beloni (Paul Belony), 2 save ayisyen ki kontinye ap ban m konkou pou ede m drese tèks la. Mwen pibliye premye seksyon liv la, san sa pa vle di travay la fini pou sa. M ap tann patisipasyon nou menm piblik la pou m korije erè. Pi enpòtan toujou, m ap remèsye nou menm lektè yo. San nou, liv la pa ta gen okenn rezon pou n ekri l.

Gran mèsi sa m pa wè yo, liv la gen vizib e li gen gwo envizib dèyè l. Pou sa, m ap remèsye Defen Grann Premiz Mede (Premise Mede), Defen Manman Mari Kamèl Desipe (Marie Carmel Dessipe), Defen Premisid Chal (Premiside Charles, Toutoun), Defen Mari Estàn Jan-Batis (Marie Estanne Jean-Baptiste), Defen Jan Gi Lidjè Dibwa  (Jean-Guy Ludger Dubois), Defen Alte Pyè (Alte Pierre), Defen Derisme Derezil, Defen Tant Sisi Mede (Elucue Mede), Defen Papa Ne Jil (Ney Gilles) ; tout Zansèt nou site, tout Zansèt nou pa site, Bò Manman, Bò Papa, nou genyen nou larekonesans.

Defen Ivwoz S. Jil, ko-otè liv la, Nègès Aken – Kavayon

De mo davans

Sa difisil pou moun rakonte istwa Ayiti paske se pa istwa yon jou 2 jou. Tankou tout rès limanite, rasin nou fon. Nou pa moun a yè.  Sèl fason pou n jwenn bout nou, pou n konprann kote n soti, se remonte jis nan kòmansman inivè a. Se depi la pou n kòmanse pou n arive konprann orijin tout ti pati nan kò nou. Fòk nou rekonèt se jan kò n fèt ki detèmine jan nou aji e sa enfliyanse jan istwa nou dewoule.

Souvan moun di se konn kote n soti ki pi enpòtan pou n konprann kote n ye jounen jodi a e pou n konprann kote n prale demen. La a menm, se pa orijin nou sèlman ki enpòtan, lavni nou enpòtan tou. Rasin orijin nou remonte 13.8 milya ane. Ki vle di, sa remonte depi lè inivè a fèt. Lavni nou (egal : lavni tout ti pati nan kò nou) ap pran fen lè inivè a fini. Lè nou prezante istwa n nan gam sa a, istwa a vin pote non « gran istwa » (Krisyan, 2018). Liv sa a fèt pou l rakonte gran istwa nou : Rasin Ayiti Toma.

Istwa Ayisyen long, menm lè nou koupe l kout pou n kòmanse l nan Ginen. Lè n konstate istwa n remonte jis nan kòmansman inivè a, koze a vin twòp pou okenn liv prezante sa an detay. Ki fè, liv sa a se yon kad pou n konprann sèten gran evennman nan istwa nou. Kad sa a pwovizwa paske nouvo enfòmasyon ka toujou chanje konpreyansyon n. Se pou sa istwa a pa mande w kwè l. Li mande w mete w djanm pou demanti l si w kapab. E si w arive fè sa, lemonn ap genyen w larekonesans pou pwogrè ou ede lasyans fè.

Konprann inivè a nan limyè konesans modèn se chimen ki envite pi plis rechèch fèt pou pote pi bon enfòmasyon toujou. Afòs gen bagay nou po ko byen konprann tankou enèji twoub, matyè twoub, kòz elajisman inivè a, istwa relijye pa gen plis mistè pase konpreyansyon modèn lan. Kòm dyakout konesans po ko prèt pou l plen, nou swete nan rakonte istwa a, w a wè yon pil sijè kote ou ka al apwofondi w pou ede amelyore konesans limanite.

N ap jwenn PDF liv la nan adrès sa a : https://assets.zyrosite.com/YKb3PybokKUyGlrO/rasin-ayiti-toma-rev5-YrDW4BjJM0izNLb9.pdf

Nan liv la, nou pale de anpil chif. Nou pale de bagay ki zuit, piti pase yon atom. Nou pale de gran distans, distans tankou valè kilomèt ant Latè ak Solèy la. Pou n asire chif yo fè sans, nou ka konsilte dènye seksyon premye chapit la sou notasyon lasyans pou diferan chif, Tablo 1-10, paj 42.

Pwoklamasyon Endepandans

« Sitwayen, sa pa kont pou nou met sovaj yo deyò apre yo fin senyen peyi n pandan 2 syèk. Fòk nou retire anbisyon y ap janm poze grif sou nou ankò… Repiblik Lafrans batay ak plizyè nasyon ; men, yo po ko janm pote viktwa devan youn ki detèmine pou viv lib. Voye je sou tout zile a ; chache tèt ou, madanm ou, mari w, frè w, sè w ; sa m ka di w ? Chache pitit ou, menm ti bebe ki nan tete ! Sa k rive yo ? Sa ban m latranblad pou m di … yo se manje malfini yo.

Je w choke paske lè w gade se asasen yo ou wè. San ap koule sou tig yo toujou, sa choke sansibilite w… Sa w ap tann pou ba mò fanmi w satisfaksyon. Sonje, apre ou fin chase mechanste, ou ta renmen antere bò tonm papa w. Èske w ta desann nan tonm ou san ou pa vanje yo ? Non, zo yo ta di w rale kò w.

Pou jan nou dou, se kon sa yo kriyèl… gwo lanmè ki separe n nan… di n ase, moun sa yo pa fanmi n e yo pa p janm sa. Si yo ta jwenn azil pami nou, pou yon lòt fwa ankò, yo ta manniganse pou kreye pwoblèm e pou yo divize n… Ke yo tranble si yo janm pwoche kòt peyi a. Si se pa memwa zak kriyèl yo fè ki ba yo latranblad, y a tranble pou sèman n ap fè pou touye nenpòt moun ki fèt an Frans e ki gen malè poze zago sou tè sakre lib sa a… Nou oze viv lib.

…An nou fè tankou yon ti moun k ap grandi. Li kase ansyen otè ki te anpeche l mache epi jou an jou li vin pi wo. Ki nasyon ki te batay pou nou ? Ki nasyon ki ta anvi rekòlte fri travay nou ? Ala komeray dezonorab se bat ba kòm esklav. Esklav ! Se tit nou kite pou Lafrans… An nou trase yon lòt chemen. Nou swete tout vwazen nou lapè… Pou sèman nou pral fè la a, si gen yon moun ki pa la de tout kè, plas ou pa la a … Libète ou lanmò !

…An nou sèmante pou n travay pou pwosperite. An nou sèmante pou n pa janm tyoul Lafrans e pou n pa janm viv an ba dominasyon… Sonje pandan 13 lane, depi lè m rantre nan batay pou libète, nan batay kont represyon, se sou nou m konte. Sonje mwen pike devan. Mwen sakrifye tèt mwen, pou m defann nou, papa nou, manman nou, pitit nou, pwopriyete nou. Se pou sa, jodi a, mwen rich ak libète. Kite non m toumante tout nasyon ki gen moun kòm esklav. Ke yo regrèt jou m te fèt… An nou kenbe sèman pou n viv lib, endepandan, e nou pito lanmò pase n kite pèsonn poze chenn sou nou. »

Pawòl Mèt Jan Jak Desalin, 1e janvye 1804

Videyo entwodiksyon liv la disponib sou Youtube !

Biyografi

Doktè Dyeri M. Jil (Jerry M. Gilles, MD) se yon espesyalis nan gwosès konplike. Alèkile, li travay kòm konseye pou lòt doktè e li anseye elèv ak rezidan lopital. An wetan aktivite pwofesyonèl li, Dòktè Jil dedye tan l pou l konprann enfliyans Afrik Ginen sou monn modèn lan. Li se editè Literati Boukmann, yon sit Defen madanm li Ivwoz S. Jil te kreye pou yo imajine literati nan gou Boukmann. Se kon sa yo arive pibliye liv Sèvis Ginen : Rasin, Rityèl, Respè Nan Vodou. Doktè Jil diplome nan Inivèsite Kolonbya (Columbia University) epi li pran Doktora Medsin nan Inivèsite Eta Nouyòk nan Lavil Estonibwouk (State University of New York, Stony Brook). Li te ko-direktè Divizyon Gwosès Konplike nan Inivèsitè Mayami, Florida (University of Miami, Florida). Doktè Jil te fè rechèch medikal pou Sant Sante Piblik Eta Zini, kòm envestigatè an chèf. Li pibliye plizyè atik rechèch nan revi akademik distenge, tankou nan Jounal Medsin Nouvo Angletè (NEJM) ak nan Jounal Ameriken Obstetri ak Jinekoloji (AJOG). Plizyè liv referans medsin site etid li sou tretman fos-kouch.

An 1997, Liv Rekò Mondyal Ginès (Guinness Book of World Records) rekonèt wòl Doktè Jil nan kreye posibilite pou yon transplantasyon kè te fèt pou yon ti bebe 45 segonn apre l fèt. Anvan teknik li entwodui a, operasyon kon sa pa t janm fèt bonè kon sa. Menm jan lasyans an jeneral enterese Doktè Jil, kon sa kontribisyon Eritye Ginen nan devlopman lasyans enterese l tou. Se pou sa li te gen Lakou Lasyans kòm yon mize mobil nan Pestèl Ayiti. Suivan tradisyon fanmi l, sou Bò Manman, Doktè Jil se eritye moun Nanchon Banbara ak moun Lavil Lanbriz nan Peyi Kongo. Sou Bò Papa, li se eritye Pèp Nanchon Mede nan peyi Siyera Leyon ak nan Kòt d Ivwa. Se pasyon l ak travay li te abitye fè ak Ivwoz S. Jil ann Ayiti ki ba l eksperyans ak motivasyon pou l antame liv Rasin Ayiti Toma : Istwa n depi kòmansman inivè a.

Pwofesè Ivwoz S. Jil (Yvrose S. Gilles) te resevwa yon metriz nan edikasyon nan Inivèsite Kolonbya (Columbia University ). Apre sa, li te al anseye elèv ayisyen ki bileng. Li te ede lavil Nouyòk devlope pwogram lekòl an kreyòl. Li te konn al fè alfabetizasyon nan Dezyèm Seksyon Riral Pestèl. Li se otè liv Bisantnè : Zetrenn Ayiti Pou Limanite e li se ko-otè liv Sèvis Ginen : Rasin, Rityèl, Respè Nan Vodou. Fason Pwofesè Ivwoz S. Jil te konprann sitiyasyon Ayiti nan batay chen manje chen sou mache entènasyonal la ede n nan entèpretasyon chante ak rityèl Vodou yo. Vwajaj li nan dyaspora a ak vwayaj li anndan peyi a te soude l ak koutim konn viv ki lakay anpil Ayisyen. Se nan konn viv Pwofesè Ivwoz S. Jil te vin manm fondatè Lakou Lasyans, yon mize mobil ki te fè egzibisyon an deyò nan Grand Ans. Pou ede asire lemonn apresye kontribisyon Eritye Ginen yo nan kreye monn modèn lan, Pwofesè Ivwoz S. Jil te fonde Bookmanlit, yon sit entènèt ki gen misyon pou l pwodui literati nan gou Boukmann.

Nesesite te fè Pwofesè Ivwoz S. Jil vwayaje al viv lòt bò dlo. Men, senti l te toujou mare sere ak Ayiti. Sou Bò Manman l, li se eritye Nanchon Mede. Sou Bò Papa l, li se eritye Nanchon Nago Oyo. Non Danti lakou lakay li, Meyiza, montre Eritaj Kongo li genyen tou. Ak respè Bò Manman, Bò Papa, Pwofesè Ivwoz S. Jil egzamine istwa Ayiti kote li fè anpil kontribisyon. Kontribisyon l sa yo nan tout nannan liv la. Domaj, pandan nou t ap ekri maniskri a, maladi pote l ale. Kontribisyon l yo te tèlman djanm, travay li nan edike elèv ayisyen pou yo pike devan ak tout fyète kiltirèl yo tèlman onorab, nou sètoblije retire chapo devan l kòm ko-otè liv Rasin Ayiti Toma.

Dyeri ak Ivwoz

Remak

Abone
Anonse
guest
0 Remak
Inline Feedbacks
View all comments