Yon liv sou sèvo moun : pou ti moun ki renmen aprann

Comment Icon 0 Favorite Icon 0

Nan liv sa a, Grace Haddad envite ti moun yo vwayaje anndan sèvo nou pou yo ka konprann ki jan sèvo fonksyone. Li difisil anpil pou n jwenn liv an kreyòl ki esplike ti moun yo ki jan sèvo n fonksyone. Enben, nan premye chapit liv la, Grace esplike an detay ki sa sèvo a ye. Nan dezyèm chapit la, li prezante sistèm nève a epi li dekri chapant sèvo a. Nan twazyèm chapit la, li dekòtike diferan eleman ki nan sèvo a. Lè ti moun yo fin gade liv sa a, ka gen anpil ladan yo k ava reve fè etid ak rechèch sou sèvo moun. Sèvo a rete youn nan pi gwo mèvèy lanati ofri epi lasyans pa ko janm fin esplike tout detay ki nan fonksyonnman sèvo a. Pandan n ap di Grace mèsi pou bèl resous sa a, n ap swete ti moun yo bòn vwayaj anndan sèvo a.

Telechaje PDF la sou tout lajè ekran an.

Grace Haddad se yon etidyan nan nivo lekòl segondè oz Etazini. L ap rantre nan Rice University ann otòn 2023. Li pasyone pou atizay. Li kwè ke travay atistik gen gwo pouvwa kòm zouti pou gerizon kont anpil maladi. Grace renmen syans sèvo ak mizik. Li renmen chen anpil tou.

Remak

Abone
Anonse
guest
0 Remak
Inline Feedbacks
View all comments