Istwa Amina nan Wanament

Comment Icon 0 Favorite Icon 0

Nan liv sa a, Bernade Leonidas ap fè ti moun yo dekouvri istwa Amina, yon ti fi k ap viv nan vil Wanament ann Ayiti. Ti moun yo pral aprann ki jan Amina rive mobilize zòn kote l ap viv la, nan Wanament, pou l devlope yon pwojè ki pral ede konbat sechrès nan zòn lan pou agrikiltè yo ka jwenn dlo pou wouze jaden yo pou yo pwodui plis manje. Istwa sa a tonbe nan yon bon moman pandan, nan Wanament, gen yon gwo mouvman ki kòmanse depi plizyè mwa nan objektif pou konstwi yon kanal ki pral pèmèt dlo rivyè Masak la wouze jaden nan plenn Maribawou. N ap jwenn plis detay sou bèl mouvman konbit sa a nan seri MIT-Ayiti te pibliye ki rele : Kanal rezistans. Epi, nan fen liv la, n ap jwenn egzèsis ki pou ede ti moun yo konprann istwa a pi byen toujou.

Gade PDF la sou tout lajè ekran an. | TELECHAJE

Bernade Leonidas se yon jèn fanm ki soti Pòtoprens, kapital peyi d Ayiti. Li fè etid primè ak segondè li ann Ayiti. Apre sa, li kite peyi a pou l ale nan peyi Lasyèd. Se la li fè etid inivèsitè l nan domèn kominikasyon. Depi plis pase 17 lane, l ap viv nan peyi sa a ; men, Ayiti toujou rete nan nanm li. Bernade grandi avèk grann \ li ansanm ak gran frè li nan komin Dèlma. Rèv li se pou l rive patisipe nan devlòpman peyi l tout jan l kapab. Li ta renmen wè peyi a gen yon lòt imaj nan monn lan. Bernade travay nan plizyè òganizasyon nan peyi Lasyèd. Òganizasyon sa yo reyalize anpil pwojè ann Ayiti. Liv sa a se yon fason pou l bay bourad nan konbit pou n kreye yon lòt Ayiti.

Remak

Abone
Anonse
guest
0 Remak
Inline Feedbacks
View all comments