Ki zòn ki aktive nan sèvo nou lè n ap kondui ?

Comment Icon 0 Favorite Icon 0

Se Pierre Negaud Dupenor ki ekri resous sa a, kòm etidyan nan sikoloji nan Inivèsite Laurentienne, Kanada (Negaud se direktè biwo kominikasyon MIT-Ayiti).

Aleksi ak pitit fi li, Linda, ki gen 6 lane, ak madanm li, Mari, al an vakans ann Ayiti. Fanmi an deside fè yon pwomnad nan machin nan zòn Labadi, yon rejyon tourisik ki tou pre Okap. Labadi se yon destinasyon ki popilè anpil pou bèl plaj ak sab blan li genyen. Gen anpil bèl vejetasyon ki kouvri tout komin lan. Pandan Aleksi ap kondui, l ap defile lis chante prefere li yo sou ekran machin lan. Se kon sa yon gwo chwal ki kase kòd nan yon jaden ki pre wout la vin pase devan machin lan. Aleksi, nan 2 tan 3 mouvman, retire atansyon l sou ekran an pou l konsantre l sou danje a. Se kon sa li reyisi eskive chwal la e sa pèmèt li evite yon gwo aksidan ki te ka fatal pou tout fanmi an. Aleksi ak fanmi l ka remèsye fòmasyon retikile a ki se yon rezo nè ki nan sèvo a ki jwe yon wòl enpòtan nan atansyon nou ak aktivasyon sèvo a. Se li ki asire fonksyon vijilans ak konsantrasyon nou, ki bloke tout lòt mesaj k ap antre nan sèvo a lè n an danje e ki pèmèt nou konsantre tout atansyon nou sou danje a, tankou nan ka Aleksi a.

Pandan gwo sitiyasyon strès sa a, je Mari, madanm Aleksi ki te chita sou syèj pasaje devan an, te brake sou sèn lan. Li fè yon gwo sezisman ki mete l nan yon eta chòk pandan kèk minit. Amigdal la se yon nwayo selil nan sèvo a ki jwe yon wòl enpòtan kòm detektè sitiyasyon emosyonèl entans yo, tankou laperèz, kòlè oswa lajwa, patikilyèman nan sitiyasyon menas oswa danje. Li kontribye tou nan fòmasyon souvni nou yo, sitou Mari te deja viktim yon aksidan machin ki te grav anpil pandan adolesans li. Aksidan sa a kite gwo twomatis lakay li (gade Imaj# 1 pou w ka wè ki kote nan sèvo a amigdal la ye).

Mari te tèlman sezi lè chwal la pase devan machin lan, li fè yon gwo rèl. Linda, pitit fi Mari a, ki te chita sou syèj deyè do l la, te absòbe nan yon videyo desen anime li t ap gade sou telefòn papa l. Li prese vire tèt li pou l chache konprann ki sa ki t ap pase a. Li kontan lè l rann li kont ke papa l te reyisi evite chwal la. Li lage yon gwo soupi epi l di : « O ! Bèl ti chwal mwen ! Mwen kontan anyen pa rive w ! » Sa montre ke Linda renmen zannimo anpil. Gwo soulajman sa a pèmèt Linda rejwenn omeyostazi li byen vit. Sa vle di li reprann byen vit ekilib fizik ak emosyonèl li. Se ipotalamis la ki kontwole pwosesis sa a (Imaj #1). Ipotalamis se yon zòn nan sèvo a ki kontwole santiman gran gou, swaf dlo ak santiman nou genyen lè vant nou plen. Li kontwole tou tanperati entèn kò nou, òlòj biyolojik nou ak fonksyon seksyèl nou yo. Ipotalamis la twouve li dirèkteman an ba talamis la (Imaj #1), yon lòt estrikti ki sèvi kòm yon antèn relè k ap kapte epi transmèt prèske tout enfòmasyon ki soti nan pati siperyè sèvo a, an patikilye enfòmasyon sansoryèl (gade, tande, goute, touche ak lòt ankò). Kapasite Aleksi pou l te wè danje a epi reyaji rapidman soti nan pati yo rele lòb oksipital (Imaj #2), pati nan sèvo a ki espesyalize nan resepsyon ak entèpretasyon enfòmasyon vizyèl yo. Kòtèks vizyèl primè a (Imaj #2) se li menm ki anrejistre enfòmasyon vizyèl yo nan sèvo a.

Lè strès la fin pase, Aleksi kontinye kondui. Se te okazyon pou Mari rakonte l aksidan grav li te viktim jou 18yèm anivèsè nesans li pandan li t ap retounen soti nan bal anivèsè li ak twa zanmi l yo. Youn nan yo t ap kondui machin lan alòs ke l te sou. Se ipokanp lan (Imaj #1) ki jere fòmasyon souvni sa yo. Li jwe yon wòl enpòtan nan memwa nou epi se li ki pèmèt nou detekte nouvo enfòmasyon nan anviwonnman imedya nou (sa nou rele « estimilis ») e kreye nouvo souvni. Malerezman, pandan aksidan trajik sa a, youn nan zanmi Mari yo te soufri yon gwo chòk serebral ki afekte kòtèks prefwontal li (Imaj #2), pati nan sèvo a ki responsab fonksyon egzekisyon yo, tankou langaj, memwa a lon tèm, planifikasyon, kontwòl emosyonèl, imajinasyon, rezònman konplèks e latriye. Se sa ki eksplike pou ki sa, depi aksidan an, zanmi Mari a, ki te trè òganize avan, li vin gen difikilte pou ranje chanm li epi respekte angajman akademik ak pwofesyonèl li yo. Langaj li tou afekte. Lezyon serebral sa a sanble afekte « zòn Broca » a tou (Imaj #2), pati nan sèvo a ki responsab pwodiksyon lapawòl. Zanmi Mari a  gen difikilte pou esprime mo li yo yon fason ki koyeran ; li pran tan pou l konprann epi egzekite konsiy oswa reyalize tach ki senp yo.

Pati nan sèvo a ki rele zòn Wernicke (Imaj #1), ki enplike nan konpreyansyon ak fòmilasyon langaj pale ak langaj ekri, sanble te afekte tou pandan aksidan an. Michlin, zanmi Mari a, pa ka jwe tenis ankò malgre se espò prefere l. Sa lese konprann gen twa estrikti nan sèvo a ki te afekte tou : sèvelè a (Imaj #1), kòtèks motè a (Imaj #2) ak pwotiberans anilè a (Imaj #1). Sèvelè a (Imaj #1), ke yo rele tou « ti sèvo a », pèmèt egzekisyon rapid ak otomatik, aprantisaj motè ak memorizasyon. Kòtèks motè a (Imaj #2) se yon rezo tisi nan sèvo a ki kontwole mouvman volontè yo ansanm ak kowòdinasyon ant 2 bò kò a. Pwotiberans anilè a(Imaj #1) kontribye nan kowòdinasyon mouvman kò a.

Pandan Aleksi ap vanse sou wout la pou ale Labadi, Linda, ki te chita sou syèj pasaje aryè, donk dèyè do manman l, detache senti sekirite l pou l al manyen bra manman l. Li te vle rekonfòte l apre li te fin tande l k ap rakonte istwa aksidan li te sibi pandan adolesans li. Istwa sa a te reveye chòk manman an te sibi lè l te gen 18 lane a. Pandan trajedi sa a, pi bon zanmi l la ki t ap kondui machin lan, te pèdi lavi l akòz yon blesi grav nan tèt li ki te afekte bilb rachidyen an (Imaj #1), yon estrikti nève ki kontwole batman kè, presyon san ak respirasyon. Mari te santi men Linda ki detache senti li pou vin touche li. Malgre li te fache kont Linda, li di l : « Mèsi Lilin paske w te vle rekonfòte m ! Mwen apresye sa a anpil. Men, mwen fache paske w mete vi w an danje lè w detache senti sekirite w pou w ka vin konsole m. » Kapasite Mari pou l santi men Linda k ap touche bral l, se lòb paryetal li ki jere sa (Imaj #2). Li kontwole tout estimilis ki soti nan po nou ak nan lòt ògàn ak tisi nan kò nou. Kòtèks somestezik primè a (Imaj #2) se yon rezo tisi nan sèvo a ki la pou anrejistre epi trete tout enfòmasyon (estimilis) ki gen rapò ak touche, presyon, tanperati, doulè ak sansasyon anndan kò a.

Linda te santi l tris anpil paske l te fè manman l fache alòs ke li te jis vle montre l afeksyon l nan sitiyasyon strès sa a. Li tounen al chita sou syèj li byen trankil epi l tache senti sekirite l. Li pran telefòn papa l la pou l jwe echèk sou entènèt, yon jwèt ki mande pou l sèvi ak rezònman lojik ak estratejik. Doub kapasite sa a Linda demontre pou montre senpati pou manman l, se emisfè dwat sèvo a (Imaj #3) ki plis espesyalize nan rekonesans ak espresyon emosyon alòs ke echèk, yon jwèt ki baze sou lojik ak rezònman, mobilize emisfè goch sèvo a (Imaj #3) ki plis espesyalize nan fè analiz, kalkil ak rezònman lojik. Kowòdinasyon ant 2 emisfè sa yo (goch ak dwat) se kò kale (an laten, « corpus callosum »)(Imaj #1) ki jere sa. Se li ki asire transfè enfòmasyon ant 2 emisfè yo epi kowòdone aktivite yo.

An n reflechi ansanm :

1. Sou baz sa ki di nan tèks la, ki zòn nan sèvo nou ki aktive lè n ap monte bekàn ?

2. Lè yon moun fache anpil epi li vin rejwenn ekilib li, ki jan pwosesis sa a rele ?

3. Ki diferan wòl emisfè goch ak dwat sèvo a jwe ?

4. Lè n pote atansyon n sou yon danje, ki estrikti nan sèvo a ki responsab sa ?

5. Si, lè w te piti, ou te konn jwe oslè ak sote kòd anpil sou katye bò lakay ou, ki zòn nan sèvo a ki pèmèt ou sonje bèl souvni sa yo ?

<br>

TELECHAJE | Gade PDF la sou tout lajè ekran an.

Remak

Abone
Anonse
guest
0 Remak
Inline Feedbacks
View all comments