Lang kreyòl la se baton ki nan men nou

Comment Icon 0 Favorite Icon 0

Ann Ayiti ak nan anpil lòt ansyen koloni nan kontinan Amerik la, ann Afrik e latriye, anpil moun gen tandans konsidere lang ansyen kolon yo kòm sèl kòk chante nan edikasyon, administrasyon, palman, tribinal… Se kon sa lang ansyen kolon yo toujou sèvi kòm zouti pou diskriminasyon nan sistèm neyo kolonyal k ap sèvi enterè moun an wo kont moun an ba epi se puisans jeyo politik yo (« Lagrandyab » entènasyonal la) k ap tire pi plis pwofi nan mizè Pèp Souvren an. Menm plis pase 200 lane apre endepandans peyi d Ayiti an 1804, toujou gen prejije kont lang rasin nou, sèl lang nasyonal la — lang kreyòl la — epi elit yo toujou sèvi ak lang franse kòm « butin de guerre » pa yo, yon biten k ap toupizi dwa lengwistik ak diyite Pèp Souvren. Se analiz sa a Pwòf Ti Jan Bosal (Jean Casimir), Pwòf Michel DeGraff ak Grenadye Djeride Jean-Baptiste devlope nan resous sa a.

Lang kreyòl la se baton ki nan men nou : Videyo brase lide ant Pwòf Jean Casimir ak Pwòf Michel DeGraff k ap analize ki jan Lagrandyab itilize lang kòm zam pou moun an wo kont moun an ba.
  1. Tanpri, gade videyo a byen ansanm ak resous « Tout moun se moun » ak « Gen nèg ak nèg » epi esplike ki jan, ou menm, ou konprann istorik mo « ras » la nan lang kreyòl la ? Nan analiz ou sou resous sa yo, ki diferans ou jwenn ant sans mo « ras » an kreyòl ak mo « race » an franse ?  E ki diferans ou jwenn ant itilizasyon mo « nèg » an kreyòl ak itilizasyon mo « nègre » an franse ?
  2. Lè n konsidere diferans ant mo « ras » an kreyòl ak mo « race » an franse nan kad analiz Pwòf Michel DeGraff nan videyo a ansanm ak istorik kolonyal peyi d Ayiti, sanble ka gen menm kalite diferans sa yo ant mo « kreyòl » an kreyòl ak mo « créole » an franse — sitou lè mo franse « créole » la soti nan bouch blan save k ap defann gwojemoni kolonyal la.  Esplike ki sa ou menm ou wè kòm diferans ant mo « kreyòl » nan lang kreyòl la (sitou nan pwovèb Pwòf DeGraff site yo) ak mo « créole » nan lang franse a (sitou nan kad prejije rasis dapre analiz Pwòf DeGraff nan videyo a) ?
  3. Nan videyo a, Pwòf Casimir di chak pèp gen eleman nan kilti l ki makonnen ak lang li pale a. Li te pran egzanp Aylou nan Bolivi pou l ilistre pawòl sa a. Nan ka pa nou ann Ayiti, ki eleman kon sa (eleman nan kilti n) nou jwenn ki makonnen ak lang kreyòl la ? Èske w ka idantifye senk nan eleman sa yo epi esplike ki enpak yo chak genyen sou idantite n kòm Ayisyen, epi esplike pou ki sa zansèt nou yo te konn itilize yo epi pou ki sa n kontinye itilize yo ?

Se Djeride Jean-Baptiste ki elabore kesyon sa yo.

Gade PDF la sou tout lajè ekran an.

Remak

Abone
Anonse
guest
0 Remak
Inline Feedbacks
View all comments