Month: jen 2024

Kore edikasyon nan lang manman se kore byennèt fizik, emosyonèl, sosyal ak ekonomik pou chak grenn Ayisyen

Doktè Michel DeGraff, Pwofesè lengwistik e Ko-Direktè Inisyativ MIT-Ayiti, ak Ernst Djeride Jean-Baptiste, Espesyalis nan kominikasyon ak lengwistik k ap feraye nan Inisyativ la, te brase lide nan yon webinè Gwoup Konbit Bibliyotèk Site Solèy te òganize sou paj Facebook li sou tèm « Ki sa nou bezwen pou nou grandi bon sitwayen avèk byennèt fizik, sosyal, mantal ak emosyonèl ». De (2) Grenadye MIT-Ayiti yo te ede entènot yo konprann nan ki sans itilizasyon kreyòl la nan ansèyman, soti nan klas ki pi ba yo jouk rive nan sa ki pi avanse yo, ka ede bati yon baz solid pou devlopman entegral chak grenn sitwayen ayisyen pou peyi a ka finalman dekole.