Pwofesè Michel DeGraff patisipe nan gwo fowòm medyatize sa a ki rele « TEDx Talks » — nan yon sesyon ki te fèt nan Massachussets Institute of Technology (MIT) oz Etazini. TEDx Talks se yon espas kote anpil syantis, espesyalis ak ekspè nan tout domèn pataje konesans ak esperyans yo sou tout kalte tematik ki enpòtan pou demen miyò nan monn lan. Pwòf DeGraff pwofite okazyon sa a pou l esplike klè pouvwa lang kreyòl la pou n tabli fondasyon lekòl tèt an wo — pou n bati peyi tèt an wo.
Nan prezantasyon Pwòf DeGraff la, li mete aksan sou soufrans li te sibi lè l te ti moun, e soufrans 40 pou san ti moun nan monn lan toujou ap sibi, sitou nan peyi ki te kolonize yo, akoz y ap aprann nan yon lang yo pa pale, yon lang sistèm neyo kolonyal la ap fòse yo itilize. Ti moun sa yo ap sibi presyon nan divès sektè sosyete a pou yo meprize pwòp lang manman ak papa yo ke y ap tande depi nan vant.
Presyon sa a, ki chita sou yon preferans demezire pou lang franse a sou tèt lang kreyòl la, soti nan fòs neyo kolonyal yo epi nou jwenn preferans sa a ata pami plim e ank ki panse yo pwogresis e nasyonalis — ata sila yo ki gen gwo diplòm nan sosyoloji oswa patrimwàn oswa antwopoloji e ki ta dwe konprann ki jan yon « lang achte » (tankou franse) rive jwenn pi plis kapital sou mache lengwistik la pase yon lang nasyonal, yon « lang rasin » (tankou kreyòl). E poutan, se menm plim e ank sa yo ki panse se franse ki ka mete yo nan yon nivo siperyè pa rapò ak pifò moun nan sosyete a — sila yo ki gen kreyòl kòm sèl lang ki rele yo chè mèt chè mètrès.
Pwofèse a raple jan anseyan li yo te konn menm pini l epi bat li lè l pale lang manman l, kreyòl, ki se lang tout Ayisyen respire, lang ki antoure nou tout, lang ki pèmèt nou esprime tout sa n santi, tout sa k ap travèse trip nou, kò nou ak panse nou. Se nou tout ki konn pawòl « Exprimez-vous ! » sa a anseyan yo konn di pou yo mande ti moun k ap pale kreyòl pou yo pale franse — se kòm ki dirè kreyòl la se pa yon lang li ye !
Lang franse a kòm zam dominasyon politik, ekonomik ak sosyal
Nan lespri anpil moun, menm pami gwo save nan domèn syans moun ak lengwistik, gen yon lide ki fè kwè lang kreyòl la ta yon defòmasyon franse a. Se sou baz sa a anpil lekòl ann Ayiti, sitou lekòl kongreganis katolik yo, rejte kreyòl la kòm lang ansèyman, paske yo konsidere l kòm yon move franse — yon « franse mawon » ! Se kòm si kreyòl la se yon kalite franse ki ka blese zòrèy — yon lang pou moun k ap benyen nan labou kon kochon Sent Antwàn. Ki fè yo panse kreyòl la pa dwe patisipe nan okenn aktivite ki serye nan sosyete a. Enben, sa se te reyalite Pwòf DeGraff t ap viv nan Sen Lwi Gonzag — lekòl kote l te fè etid klasik li ann Ayiti. Kalite lekòl ak plim e ank sa yo, k ap devalorize kreyòl la, menm rive asosye ti moun ki pale kreyòl yo ak makak !
Jounen jodi a, sitiyasyon sa a evolye nan kèk lekòl. Ata pami lekòl kongreganis yo, gen ladan yo ki anseye kreyòl kòm matyè — ata nan Sen Lwi Gonzag. Men, diskriminasyon anti kreyòl la pran lòt fòm ki pi an ba chal. Pa egzanp, gen lekòl kote se sèlman nan kou kominikasyon kreyòl ti moun yo gen dwa pale kreyòl epi yo pa jwenn liv an kreyòl pou okenn lòt matyè ! Yon lòt egzanp se lè pifò nan entelektyèl nou yo mete franse kòm sèl kòk chante nan aktivite akademik a yo — menm lè y ap fè entèvansyon sou vodou, vèvè, mizik rasin e latriye (yon seri tematik ki ta dwe manyen tout nasyon an, nan lang nasyonal la !).
Prezantasyon Pwòf DeGraff la analize orijin ak fonksyonnman fenomèn sosyal ak lengwistik trajik sa yo ki pran rasin byen fon nan listwa peyi d Ayiti depi 1492 lè Christophe Colomb te debake sou bèl zile sa a Tayino yo te rele « Ayiti ». Youn nan premye aksyon Colomb se te chanje non zile a pou l rele l « Ispanyola » ki vle di « Ti Lespay » nan lang espayòl. Se depi lè sa a pifò otorite Leta ak pifò entelektyèl pa janm pale menm lang ak Pèp Souvren an. Ann apre, kolon panyòl yo te mete ann esklavaj pèp Tayino ki te peple zile a. Pèp sa a te vin disparèt byen vit ansanm ak pifò nan patrimwàn lengwistik tayino a an ba bòt sovajri kolon panyòl yo. Pèp tayino sa a se youn nan premye viktim jenosid an ba gwojemoni kolon blan yo nan zòn Amerik la.
Gwojemoni sa a pral pran yon lòt faz nan lane 1697 lè Lafrans fè dappiyanp sou pati lwès Ispanyola kote li pral charye yon pil ak yon pakèt gwoup etnik li derasinen ann Afrik pou yo vin devlope plantasyon kolonyal nan Sen Domeng. Se nan semenn 14 out 1791 nan yon seremoni vodou nan Bwa Kayiman, divès gwoup etnik sa yo, ki te konn pale igbo, kongo, ewe e latriye, pral prete sèman an kreyòl pou yo mete tèt yo ansanm pou yo goumen epi dechouke kolon franse yo sou zile a. Se lang kreyòl la ansanm ak relijyon vodou a ki te makonnen divès gwoup sa yo nan solidarite ak « Lame Endijèn » Jean-Jacques Dessalines lan. Epi se batay Lame Endijèn sa a ki pral rann peyi a endepandan nan dat 1e janvye 1804.
Men, 2 lane pi ta, an 1806, yo pral asasinen Jean-Jacques Dessalines, papa nasyon an. Ven lane apre, an 1825, Lafrans pral egzije yon ranson ki se ekivalan plis pase 21 milya dola jodi a — yon ranson pou Lafrans ka rekonèt endepandans Ayiti. Pi rèd toujou, se nan menm epòk sa a, nan lane 1825 yo, gen yon konsil peyi Lafrans, Gaspard-Théodore Mollien, ki pwofite de sitiyasyon sa a pou l simante pouvwa lang ak kilti franse kòm zouti pou dominasyon a travè anseyan ak pè katolik ki soti Lafrans pou yo vin rann « sèvis » ann Ayiti — yon sèvis pou Lafrans !
Wi, objektif konsil Mollien sa a se te rann Ayiti depandan nèt nèt de Lafrans. Enben, youn nan zouti ke l te wè ki ka pèmèt li atenn objektif sa a se lang ak kilti franse kòm poto mitan nan sistèm edikasyon e nan tout espas sosyete Ayiti a. Mollien te menm rekòmande pou Lafrans tabli jounal ann Ayiti epi mete Ayisyen nan lidèchip jounal sa yo pou sèvi sipremasi Lafrans. Pi devan nan lane 1970 yo, se Prezidan franse, Valery Giscard d’Estaing, ki pral esplike, nan jounal Le Monde, pouvwa lang franse a nan ede tabli dominasyon politik ak ekonomik Lafrans tou patou nan monn lan, sitou nan ansyen koloni Lafrans yo.
Lang kreyòl la kòm zam pou liberasyon
Malgre tout mi wo mi ba nou ka obsève nan 2 dènye syèk sa yo, sitou nan sistèm lekòl ann Ayiti, pou yo devalorize lang kreyòl la nan tout sektè sosyete a (ata pami plim e ank swadizan « pwogresis » yo !), lang kreyòl sa a toujou ka sèvi kòm zam pou liberasyon, menm jan l te ede kaptif afriken yo chape rale kò yo soti nan lanfè esklavaj an ba bòt kolon franse. Se pouvwa lengwistik sa a konpatriyòt tankou Pwòf DeGraff ap reklame nan mouvman kreyòl la — pou kreyòl la rive layite kò l kòm zouti pou ansèyman ak aprantisaj, zouti pou devlopman ekonomik ak sosyal, nan tout espas nan sosyete a. Se travay sa a pwòf la ap fè depi plis pase 25 lane kòm pwofesè ak chèchè nan MIT. Li itilize lòt platfòm tou pou l pataje rezilta rechèch li yo sou lang kreyòl la, epi l ap milite sou rezo sosyal yo ak nan espas kote y ap pran gwo desizyon sou politik lengwistik peyi d Ayiti.
Nan lane 2010, se pasyon sa a ki pral mennen li ak doktè Vijay Kumar nan MIT Open Learning fonde Inisyativ MIT-Ayiti ak sipò finansye National Science Foundation, san bliye apui solidè plizyè kòlèg ak etidyan nan MIT, ann Ayiti ak nan dyaspora a. Jounen jodi a, se MIT Jameel World Education Lab nan MIT Open Learning k ap kore Inisyativ la.
Inisyativ MIT-Ayiti se yon pwojè k ap pote flanbo fondatè nasyon an, Jean-Jacques Dessalines, ki te mande pou n sèvi ak kreyòl la kòm « lang a nou » ki endispansab pou liberasyon nou — kòm zam ki djanm djanm pou n kraze chenn mantal yo. Inisyativ la sèvi ak kreyòl pou debloke kreyativite yon nasyon ki sot pase plizyè syèk ap peye ranson entelektyèl ak kiltirèl. Wi, dapre rechèch syantifik nan lengwistik ak edikasyon, lang matènèl aprenan yo se yon zouti ki nesesè pou ede nan devlope potansyèl nou kòm moun. Se kon sa Inisyativ MIT-Ayiti angaje nan aksyon dirèk pou pi bon aksè ak bon jan kalite edikasyon a travè yon modèl ki chita sou twa wòch dife : lang manman, aprantisaj aktif, teknoloji edikatif ki adapte. Se modèl sa a ki dwe ranplase yon sistèm frankofòl demode ki, jiska prezan, echwe pifò ti moun ann Ayiti — yon sistèm elitis ki kenbe peyi a nan mizè ak povrete depi apre endepandans li, yon sistèm kote lang franse a tounen yon « butin de guerre » pou yon zuit pousantaj « moun an wo » k ap mete baryè devan yon majorite « moun an ba ».
Men anpil, chay pa lou !
Modèl « twa wòch dife » MIT-Ayiti a kòmanse pote chanjman pozitif nan atitid ak pratik pami plizyè lòt aktè ak enstitisyon ann Ayiti ki deside angaje yo nan batay manch long sa a tou — yon batay Vètyè pou nou menm nan 21yèm syèk la. Ekip MIT-Ayiti a ansanm ak patnè li yo espere rive atenn objektif pou n elimine diskriminasyon lengwistik ann Ayiti ak nan lòt peyi k ap sibi menm tò ak Ayiti. Nou vle ankouraje yon aprantisaj ki pwofon e ki ka ede nan bati pon ant lang ak kilti pou n anrichi limanite epi konsolide idantite chak grenn ayisyen. MIT-Ayiti ap patisipe nan jefò sa a pami tout yon ekoloji ki gen ladan anpil jèn pwodiktè ak enfliyansè, anpil jèn ki enplike nan kreyasyon entèlektyèl ak atistik an kreyòl e ki gen anpil pasyon pou edikasyon, syans ak teknologi. Se ekip solid jèn sa yo ki pare pou asire la relèv nan mouvman kreyòl la.
Pwòf DeGraff te pwofite okazyon TEDx Talks sa a pou l salye jefò Minis Edikasyon an, Nesmy Manigat, ansanm ak Anbasadèz Ayiti nan UNESCO, Dominique Dupuy. Yo tou lè 2 angaje jouk nan zo nan bay mouvman kreyòl la bèl jarèt a travè desizyon ak pozisyon y ap pran ann Ayiti ak lòt bò dlo pou kore mouvman liberasyon sa a. Menm jan an tou, Pwòf DeGraff bat bravo pou anpil Grenadye ak Grenadyèz ki fè chay la vin pi lejè nan jefò pou n kore vizyon Papa Dessalines lan — yon Papa Dessalines ki te goumen pou respè idantite ak souverènte pèp Ayisyen an. Menm jan ak Dessalines, n ap goumen pou tout nasyon an rive valorize, nan tout nivo sosyete a, lang sa a ki rele nou tout chè mèt chè mètrès — lang kreyòl sa a ki konekte nanm chak grenn Ayisyen youn ak lòt. Paske #ToutMounSeMoun, #ToutLangSeLang epi kreyòl la ap toujou rete lang revolisyon an, lang liberasyon nanm nou, liberasyon entèlijans nou ak liberasyon nasyon nou — liberasyon Ayiti cheri nou an.
Remak