Kore edikasyon nan lang manman se kore byennèt fizik, emosyonèl, sosyal ak ekonomik pou chak grenn Ayisyen

Doktè Michel DeGraff, Pwofesè lengwistik e Ko-Direktè Inisyativ MIT-Ayiti, ak Ernst Djeride Jean-Baptiste, Espesyalis nan kominikasyon ak lengwistik k ap feraye nan Inisyativ la, te brase lide nan yon webinè Gwoup Konbit Ayisyen pou Devlòpman te òganize sou paj Facebook li sou tèm « Ki sa nou bezwen pou nou grandi bon sitwayen avèk byennèt fizik, sosyal, mantal ak emosyonèl ». De (2) Grenadye MIT-Ayiti yo te ede entènot yo konprann nan ki sans itilizasyon kreyòl la nan ansèyman, soti nan klas ki pi ba yo jouk rive nan sa ki pi avanse yo, ka ede bati yon baz solid pou devlopman entegral chak grenn Ayisyen pou peyi a ka finalman dekole.

Depi lane 80 yo, gen anpil jèfò ki te deja fèt pou mete kreyòl la nan fondasyon systèm ansèyman ak aprantisaj nan peyi a. Youn nan pi gwo refòm ki fèt nan sans sa a se sa nou konnen sou non « Refòm Bernard » 1982 a.

Ki vizyon Refòm Bernard 1982 a te charye ?

Nan dat 30 mas 1982, Joseph C. Bernard, ki te minis edikasyon peyi d Ayiti nan epòk sa a, te pibliye yon dokiman ki rele « Dekrè ki òganize sistèm edikatif ayisyen an pou l ofri menm chans bay tout moun e pou l reflete kilti ayisyen an » (Décret organisant le système éducatif haïtien en vue d’offrir des chances égales à tous et de refléter la culture haïtienne). Politik lengwistik revolisyonè ki te nan dekrè sa a te fòmile yon nouvo filozofi ansèyman-aprantisaj nan peyi a pou jenerasyon k ap vini yo. Nan Atik 29 dekrè sa a, li di : « Kreyòl se lang ansèyman e lang ki dwe anseye pandan tout ane lekòl fondamantal la. Franse se lang ki dwe anseye pandan tout ane lekòl fondamantal la epi se lang ansèyman soti nan sizyèm ane fondamantal ».

Si n byen konprann, youn nan objektif Refòm Bernard 1982 a se mennen chak elèv nan yon « BILENGWIS FONKSYONÈL » ki vle di: yon moun ka « fonksyone » (egal : yon moun ka debwouye l jan l kapab) nan yon dezyèm lang nan kèk kontèks espesifik ki souvan gen rapò ak aktivite akademik. Pa egzanp, yon etidyan nan inivèsite ka toujou konprann yon manyèl nan yon dezyèm lang ; men, li ka santi l pi alèz nan lang matènèl li lè moman an rive pou l poze pwofesè li yo kesyon oubyen pou l fè deba ak kamarad li yo. Bilengwis fonksyonèl sa a pa mande pou yon moun metrize dezyèm lang lan nan menm nivo konpetans ak lang matènèl la — depi aprenan an ka degaje l ak dezyèm lang lan nan kèk domèn kote li bezwen fonksyone nan lang sa a.

Dekrè sa a te dwe sèvi kòm poto mitan pou tout politik lengwistik ki respekte tèt yo nan peyi a. Malerezman, kèk ane apre, nou vin jwenn kèk otorite k ap defann enterè neyo kolonyalis e k ap bloke ak tout fòs yo vizyon ak pwogrè Minis Bernard te anvizaje a. Se sa nou remake, pa egzanp, nan Kad Oryantasyon Kourikoulòm (KOK) Ministè Edikasyon Nasyonal (MENFP) te pibliye nan lane 2021 — KOK 2021 sa a te vin  antre an kontradiksyon dirèk pa rapò ak Refòm Bernard 1982 a.

Ki sa Kad Oryantasyon Kourikoulòm (KOK – 2021 e 2023) yo di e ki jan yo depaman ak Refòm Bernard 1982 a ?

Malgre KOK 2021 an di se Refòm Bernard a ki sous enspirasyon l, enben, lè n byen analize l, nou wè se zannanna ak sizàn. Nou vin remake tou se 2 refòm ki reprezante 2 vizyon k ap twoke kòn youn ak lòt sou wòl lang kreyòl ak lang franse nan ansèyman ann Ayiti. Lè n fouye zo nan kalalou KOK 2021 an ak sa 2023 a, malgre gen bèl jefò ki fèt nan KOK 2023 a, nou wè yo plis baze sou yon politik lengwistik frankofil — egal : yon politik ki devalorize sèl lang nasyonal peyi d Ayiti. Sa se yon politik ki vle kreye plis inegalite sosyal ak esklizyon pou ti moun ki pa pale franse lakay yo.

Si vizyon Refòm Bernard 1982 a se te tabli fondasyon pou bon jan kalite edikasyon pou tout ti moun nan peyi a — fondasyon ki djanm pou lekòl ki onore idantite ti moun ak lang manman ti moun yo — objektif KOK yo, sitou KOK 2021 an, se mennen tout elèv nan « BILENGWIS EKILIBRE » ant franse ak kreyòl. « Bilengwis ekilibre » sa a vle di yon moun ta dwe rive « pale, konprann, li epi ekri tou 2 lang yo alèz NAN MENM NIVO KONPETANS ». Non sèlman objektif sa a difisil pou atenn, men, se pa bilengwis ekilibre KOK 2021 an ap chache vre. Dokiman an mande pou elèv yo kòmanse sèvi ak lang franse kòm lang ansèyman depi nan 3yèm ane fondamantal. Epi, kòmanse nan 5yèm ane fondamantal, se franse ki dwe vin sèvi kòm sèl grenn lang ansèyman. Ki donk, depi nan 5yèm ane, elèv yo ta dwe ap aprann lang nasyonal la kòm matyè, sèlman 2-3 fwa pa semèn nan kou sou kreyòl kòm matyè. Lè n gade byen, nou ka rann nou kont, apwòch sa a se yon veritab politik ki vin kreye plis dezekilib ant franse, ki deja okipe prèske tout espas nan ansèyman-aprantisaj ann Ayiti, ak kreyòl ki toujou okipe yon plas tou zwit.

KOK 2023 a, li menm, deklare

« Lekòl ann Ayiti dwe pèmèt chak elèv metrize de (2) lang ofisyèl yo ak omwen youn nan lang rejyonal yo. Elèv la dwe kapab itilize lang sa yo nan tout sitiyasyon kominikasyon nan lavi l. Se sitou atravè lang sa yo li ap konstwi yon kilti rich nan patrimwàn peyi li pandan li rete ouvè sou monn lan. Kreyòl ak franse ap anseye kounye a pandan tout peryòd eskolè a, jiska finisman lekòl segondè. Anglè ak panyòl ap anseye apati senkyèm ane lekòl fondamantal, sa ki pa eskli aprantisaj prekòs yo. »

Menm si KOK 2023 a fè yon bèl avanse, sitou pa rapò ak KOK malatchong 2021 an, nan chache tabli sa l rele yon « bilengwis fonksyonèl ouvè », men, li depaman ak sa yon bilengwis fonksyonèl ye vre lè li kontinye ap mande pou ti moun yo rive pale lang etranje nan MENM nivo konpetans ak lang manman. Epi, sa pi rèd toujou, lè KOK 2023 a kontinye ap mande pou ansèyman tout matyè (ata matemtik ak syans) sèvi kòm okazyon pou ansèyman lang franse. Se kòm ki dirè objektif prensipal lekòl la se anseye ti moun yo lang franse — ki ta parèt pi enpòtan pase metriz matematik ak syans. Sa se yon lòt fason pou bay ti moun ki deja pale franse lakay yo avantaj bab e moustach devan pitit Sò Yèt yo k ap grandi nan fanmi ak kominote kote se sèl kreyòl ki chè mèt chè mètrès. Objektif ak metòd sa yo se yon lòt fason pou sistèm lekòl la kontinye repwodui inegalite sosyal ant « moun an wo » ak « moun an ba ».

Apwòch MIT-Ayiti pou lekòl tèt an wo e pou yon bilengwis/miltilengwis fonksyonèl

Lè n analize KOK 2021 an ak sa 2023 a, nou rann nou kont yo pa kadre ditou ak reyalite istorik e sosyal peyi d Ayiti nou vle bati a, yon Ayiti k ava kaba repwodiksyon inegalite sosyal e k ava koupe fache ak sistèm neyo kolonyal e tout sa li charye a. Se sa k fè Inisyativ MIT-Ayiti anbake nan yon gwo batay ki enskri nan yon pèspektiv dekolonyal ki baze sou rechèch ak done syantifik sou zafè lang nan edikasyon. Se kon sa nou kreye konbit sou Platfòm MIT-Ayiti pou n vilgarize konesans syantifik an kreyòl. Inisyativ la pran pozisyon kont sistèm k ap ankouraje « gwojemoni lengwistik ». Se pou sa slogan nou se #ToutMounSeMoun, #ToutLangSeLang — #BlackLivesMatter, #BlackLanguagesMatter. Objektif nou se chache kraze chenn mantal yo, valorize idantite nou,  mounite nou ak « bèlte pèp souvren an nan lakou li » — pou n reprann espresyon gran sosyològ Jean Casimir.

MIT-Ayiti ap chache fè yon diferans nan mouvman kreyòl la pandan Grenadye l yo ap revandike yon lòt modèl lekòl ki respekte dwa lengwistik (egal : dwa moun) aprenan yo e ki chita sou lasyans ak rechèch nan sal klas. Nou kolabore ak lòt aktè ki sou teren an pou n fè plis enpak pou demen miyò chak grenn Ayisyen. Platfòm MIT-Ayiti se yon bibliyotèk materyèl gratis ti cheri ki gen bon jan estanda ak kalite. Se yon mwayen pou n simaye konesans syantifik an kreyòl nan tout rakwen peyi d Ayiti. Nou kenbe lespwa, yon jou, kreyòl la ki simante tout Ayisyen ansanm ava finalman sèvi nasyon an kòm sa dwa. Se edikasyon bon kalite nan lang manman ki pral pote byennèt fizik, emosyonèl, sosyal ak ekonomik pou chak grenn Ayisyen anvan nou rive nan lane 2054.

N ap jwenn ekstrè videyo entèvansyon Doktè Michel DeGraff ak Ernst Djeride Jean-Baptiste pandan webinè Gwoup Konbit la nan lyen Youtube sa a.
Pwòf Michel DeGraff ak Ernst Djeride Jean-Baptiste te patisipe nan « MoMM Conference 2024 : Multilingualism in Individuals, Education, and Society », sou menm tematik ki prezante nan blòg la, sou tèm : « MIT-Ayiti as one basis for mother-tongue-based multilingual education in Haiti / MIT-Ayiti kòm fondasyon pou edikasyon miltileng ki baze sou lang manman ann Ayiti ». Prezantasyon an te fèt ann angle.  

Remak

Abone
Anonse
guest
0 Remak
Inline Feedbacks
View all comments