Zèl lang kreyòl la kontinye ap deplwaye pou l ka vole pi wo

Òganizasyon Anseye Pou Ayiti (APA), ki se youn nan pi bon patnè Inisyativ MIT-Ayiti, reyalize katriyèm edisyon konkou tèks kreyòl li pou ane 2024 la sou tèm « Istwa lang kreyòl ayisyen an ». Objektif prensipal konkou sa a se ankouraje bon jan rechèch istorik pou anrichi konesans ti moun yo ak etidyan yo sou istwa lang kreyòl ayisyen an. APA te mande pou kandida yo devlope yon tèks sou twa aspè : a) istwa lang kreyòl la ; an) evolisyon lang kreyòl la jiska jodi a ; b) entegrasyon lang kreyòl ayisyen an nan lòt kilti.

Konkou sa a se te yon bèl esperyans kote Inisyativ MIT-Ayiti te kontribye nan jiri ki te dwe revize epi evalye tèks 15 kandida ki te seleksyone pou faz final la. Nou te kontan wè e apresye devouman, pasyon ak lanmou jèn anseyan ak lidè kominotè yo genyen pou lang kreyòl la — pandan y ap ede lang lan deplwaye zèl li nan peyi d Ayiti ak lòt bò dlo. Inisyativ la apresye nivo kreyativite, orijinalite ak kiryozite kandida yo nan chache konnen plis sou istwa lang kreyòl la epi swiv evolisyon li ak entegrasyon l nan lòt kilti.

Pami 15 kandida ki te nan faz final la, se Marcky Dieudonné, Anseyan-Lidè k ap feraye nan APA nan vil Gonayiv ki soti chanpyon nan konkou sa a. Nan tèks 8 paj li pwopoze a, chanpyon an prezante sèten ipotèz sou istwa ak evolisyon lang kreyòl la depi nan tan lakoloni jouk rive jounen jodi a. Pami ipotèz sa yo, genyen ki ka kreye deba pami lengwis k ap fè rechèch nan domenn sa a. Men, sa ki pi enpòtan an se lè otè a mete ann avan jefo k ap fèt nan mouvman kreyòl la pou valorize l kòm patrimwàn pèp ayisyen an. Tèks li a mete an valè gwo chay sipò APA ap bay pou ede transfòme sistèm edikatif ayisyen an  pandan li makonnen kilti, koutim ak kominote.

Marcky Dieudonné kwè lang kreyòl ayisyen an se yon zouti pedagojik fondamantal pou ede aprenan yo aprann pi byen. Li siyale tou bèl jefò Inivèsite Leta d Ayiti ki te mete sou pye Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA) an ki gen pou misyon : akonpanye enstitisyon Leta yo nan piblikasyon tout dokiman ofisyèl nan lang kreyòl la ; ankouraje travay sou devlopman zouti tankou gramè, diksyonè, leksik nan tout domèn ; fè envantè epi ankouraje tout moun pwodui nan lang kreyòl la.

Pi lwen, Marcky Dieudonné raple gwo travay defen pwofesè Yves Dejean t ap fè depi nan lane 1970 yo pou ankouraje itilizasyon lang kreyòl la kòm zouti ansèyman. Li pa bliye mansyone « Refòm Bernard » 1982 a ki ofisyalize itilizasyon lang kreyòl la nan lekòl ann Ayiti kòm lang ansèyman nan nivo fondamantal. Li souliye tou jefò ansyen minis edikasyon ayisyen an, Nesmy Manigat, ki vini ak inisyativ Liv Inik lan ak Kad Oryantasyon Kourikoulòm 2023  a pou Ministè a ka kontinye kore entegrasyon lang kreyòl la kòm zouti ansèyman.

Pi enteresan ankò, Marcky analize fason lang kreyòl la ap vale teren nan monn lan ak nan lòt kilti. Li panse entegrasyon lang kreyòl ayisyen an nan lòt kilti pa yon bagay ki date jodi a. Se depi nan finisman 18yèm syèk la sa te koumanse. Li rapòte ansyen zansèt nou yo te charye koutim peyi a, lang kreyòl la, dans, chan popilè ak fòlklò peyi a nan peyi Kiba. Kounye a, menm jan sa fèt nan plizyè lòt kilti — tankou Etazini, pa egzanp — yo anseye kreyòl la Kiba tou.

Nan menm lide sa a, Marcky raple, nan dat 28 jiyè 2008, Majistra Nouyòk la, Michael Bloomberg, te deklare kreyòl la kòm sizyèm lang ofisyèl administrasyon minisipal nan Nouyòk apre anglè. E depi plizyè lane, Leta nan peyi Kiba kreye mwayen pou anseye kreyòl la epi fè rechèch sou li. Pou sa, nan lane 1980, Leta Kiben kreye yon direksyon nan Enstiti literati ak lengwistik nan peyi Kiba.

MIT-Ayiti ap bese chapo l byen ba devan Grenadye Marcky Dieudonné, chanpyon 4yèm edisyon konkou tèks APA a, pou bèl jefò li founi ki pèmèt li rive ranpòte premye pri a. Inisyativ la felisite tout lòt kandida yo pou jefo ak enplikasyon yo nan bay lang kreyòl la tout plas li merite ann Ayiti ak lòt bò dlo.

Remak

Abone
Anonse
guest
0 Remak
Inline Feedbacks
View all comments