7 Avril 1803 se dat lanmò Toussaint Louverture an ba bòt Lagrandyab nan peyi Lafrans. Pou make 223yèm anivèsè lanmò Toussaint Louverture, 7 avril 2026, Inisyativ MIT-Ayiti pibliye sou YouTube diskou Dominique Dupuy te fè nan MIT nan dat 20 janvye 2024.
Diskou sa a vin raple nou rasin libète peyi d Ayiti anpil epi yo pi pwofon ke sa n ta ka imajine — jan Louverture te esplike lè yo te kidnape l nan Sen Domeng anvan Ayiti te pran endepandans li.
Nan diskou sa a, Anbasadèz Dominique Dupuy prezante bilan travay li nan UNESCO pandan l te tou pwofite mete aksan sou pwomosyon kreyòl ayisyen ak lòt aspè kiltirèl ki nesesè pou defans dwa moun ann Ayiti. Epi, tou, li mete anfaz sou tèt ansanm pou n ede nan bati yon monn kote #ToutMounSeMoun.
N ap envite nou tande diskou sa a nan lyen YouTube ki an ba la a :

Remak