Onè pou Vanessa Jeudi

Vanessa Jeudi se yon atis wo nivo jounen jodi ann Ayiti. Li se otè, konpozitè, entèprèt, direktris atistik ak militan feminis. Vanessa koumanse fè mizik depi l tou piti, nan gospèl. Zèv li yo chita sou fason li konprann lavi. Li esprime sa nan estil mizik tankou jazz, soul, blues, vodou ak rap, estil mizik nwa yo. Kit se nan mizik li konpoze, kit se lè li monte sèn, li pa janm sispann montre se konviksyon feminis dekolonyal li k ap mennen l.

Depi 2015, Vanessa Jeudi se manm yon kolektif rap ki rele Règleman Afè Popilè. An 2017, li lanse karyè solo li. Jis kounye a, li gen twa mizik pa li ki se Nanm (2017), Limyè (2021) epi Pran Men W (2022). Li patisipe nan divès pwojè atistik. Nou ka site: albòm Tribilasyon Ak Kè Kontan (TRIAKK, 2020) kote Vanessa se otè, entèprèt ak aranjè ; epi albòm Liminasyon (Cie Bazou, 2021) kote li patisipe kòm entèprèt, chèchè ak asistan nan kreyasyon.

Vanessa Jeudi jwe epi reyalize anpil espektak, tankou : Carifesta (2015), Dekò (2017, 2018), Festival Quatre Chemins (2016), Festival Féministe Nègès Mawon (2017, 2018), Festival de Jazz de Port-au-Prince (2019), Limyè (2018, 2019), Rencontre des Musiques du Monde (2020), TRIAKK (2018, 2021).

Enèji vwa l, tèks li, cham li ak angajman l montre l se yon atis inik. Li kolabore ak divès rapè tankou 35 Zile, Ja-M, K-Lib Mapou, Mawon Ann Di Èzli, e latriye. Mete sou talan atistik li, Vanessa etidye Sikoloji nan Faculté des Sciences Humaines (FASCH) epi Mizik nan École Nationale des Arts (ENARTS). Li kole zepòl ak kèk kolaboratè pou yo kreye premye aplikasyon streaming ann Ayiti ki se Diskòb Mizik (chanpyon konkou inovasyon OIF, 2018) epi Bosal Mizik ki se yon labèl pwodiksyon.

Vanessa deside mete tout chay talan sa yo o sèvis Inisyativ MIT-Ayiti. Se yon lòt fason pou l kontinye batay dekolonyal l ap mennen an.

Remak

Abone
Anonse
guest
0 Remak
Inline Feedbacks
View all comments