Atizay ak medya : zam pou vyolans kont fanm ?

Comment Icon 0 Favorite Icon 0

Kit atis la konsyan sou sa, kit li pa konsyan sou sa, atizay se yon zak politik. San di petèt, zèv atistik yo ka sèvi zouti pou n kore oswa kraze yon sistèm ki an plas nan sosyete a. Nan atik sa a, Sanba Vanessa Jeudi (Grenadyèz nan MIT-Ayiti) analize yon seri chante an kreyòl ki ranfòse pratik diskriminasyon ak vyolans kont fanm nan sosyete a. Kon sa tou, atik la analize vyolans vèbal ki frape sèten kategori moun nan sosyete a — kit se pa rapò ak sèks, ras, oryantasyon seksyèl, klas sosyal e latriye. Kounye a la, kesyon n vle poze a se : Ki jan atis yo ka sèvi ak menm zouti lengwistik e atistik sa yo ki kore yon sistèm dominasyon pou yo rive kreye nouvo zouti ki ka ede nan kwape oswa denonse sistèm dominasyon sa a ? An final, nou vle ankouraje tout atis sa yo k ap batay kont diskriminasyon ak vyolans e k ap kreye zèv atizay nan objektif pou sosyete a vin miyò pou tout pitit peyi a. Apre yo li tèks Vanessa Jeudi a, lektè yo ap jwenn egzèsis k ap ka ede yo antre pi fon nan analiz ak pledwaye ki nan tèks la.

Foto : David Duverseau

Si n mete nou dakò atizay pa fè revolisyon, nou dwe dakò atizay se youn nan zouti ki akonpaye plizyè leve kanpe. Nou ka sonje ki jan mizik « We shall overcome » (tradiksyon : « N ap genyen batay la ») Peter Seeger (1963) te sèvi kòm im nan mach kont segregasyon rasyal ; epi, tou, gen chante popilè ayisyen « Angelik O, chita kay manman w » ki te prezan nan batay rezistans kont okipasyon ameriken (1915–1934) ann Ayiti — pou n site sa a yo sèlman. Menm jan an tou, nan « L’idéologie allemande » (1932), Marx te pwopoze pou zèv atistik yo pase nan yon seri analiz dapre kontèks kote atis la konsevwa yo ak kontèks kote piblik la resevwa yo. Ki vle di : pa genyen, e pa ta dwe genyen, ankenn zèv ki annik parèt epi resevwa entèpretasyon san ankenn analiz sou kontèks li kale a.

Egal : pa gen ankenn zèv atistik ki inosan. Wi, zèv atistik yo pote sans ak mesaj ki makonnen ak kote, epòk ak moun ki bobo ak yo. Konsiderasyon sa yo penmèt nou poze baz atizay. Kit atis la konsyan sou sa, kit li pa konsyan sou sa, atizay se yon zak politik. San di petèt, zèv atistik yo ka sèvi zouti pou kore oswa kraze yon sistèm ki an plas nan sosyete a.

Nou ka pale tou sou yon seri zèv ki kreye pou ranfòse yon sistèm ki an plas epi nou ka pale sou atis k ap batay kont sistèm sila a e k ap kreye zèv atizay pa yo nan yon lòt objektif. Kon sa tou, gen espresyon ki, dapre jan sosyete a òganize, ka charye kèk modèl diskriminasyon ki frape sèten kategori byen espesifik nan sosyete a, kit se pa rapò ak sèks, ras, oryantasyon seksyèl, klas sosyal e latriye. Diskriminasyon sa yo ka lye ak konsekans nou ka wè ; kon sa tou, ka gen konsekans nou pa wè.

Se tematik sa yo nou te trete nan « Mo-Vè », yon konferans espektak ki te reyalize nan lane 2022 kote nou t ap analize diferan fòm espresyon idyomatik an kreyòl ki pote modèl diskriminasyon oswa vyolans vèbal ki ka frape divès kategori sosyal. Espresyon sa yo kapab, nan yon mannyè oswa yon lòt, afekte entegrite sèten kategori sosyal ki byen espesifik. Sa vle di : genyen nan espresyon sa yo ki lye ak orijin sosyal, men tou, genyen ki lye ak jenerasyon.

« Mo-Vè » se te yon konferans espektak nan kad atelye « Feminin-Masculin : Déconstruction de l’ordinaire » nan kad pwogram « Éducation citoyenne » nan Fondasyon Konesans ak Libète (FOKAL). Nan atelye sa a, atis nan diferan disiplin te reyini pou yo diskite sou kesyon idantite fi ak gason (« genre »), vyolans, oryantasyon seksyèl ak lòt sijè ankò nan kontèks endistri kreyasyon ann Ayiti. Atelye a te debouche sou twa kreyasyon orijinal atis sa yo — fanm kou gason — te mete ansanm pou yo reyalize : « Pourtant je m’élève », « Je te dis ma blessure » ak « Mo-Vè ».

Nan deplòtonnay konferans-deba nan « Mo-Vè », espresyon yo te lote nan twa gwoup : Yon kote, gen espresyon ki kache yon seri vyolans oswa rapò dominasyon. Egzanp : « poto mitan », « manman baz », « gran jipon ». Nou rele egzanp diskriminasyon sa yo « diskriminasyon an ba chal ». Gen yon dezyèm gwoup ki gen ladan l espresyon ki charye vyolans sou yon gwoup moun pa rapò ak yon jenerasyon espesifik. Egzanp : « madan papa », « ti moun 2000 », « wana » e latriye. Nou ka rele espresyon sa yo « diskriminasyon sou laj ». Epi, pou fini, gen yon twazyèm gwoup espresyon ki gen frèt kach ladan yo, tankou « koko EDH », « ansyen fòd twa pedal » ak « fanm gran ravin ».  Espresyon ki nan dènye gwoup sa a, nou rele yo « diskriminasyon devwale ».

Gen divès aspè nan sosyete nou ki ka patisipe nan kreye konsèp oswa espresyon ki gen enpak sou youn osnon plizyè kategori sosyal. Lè n di kategori sosyal, se ka fanm, ti fi, masisi, moun nwa e latriye. Espresyon yo pa loray kale. Se jan sosyete a òganize ki ba yo fòm, sans ak jarèt, e ki ba yo espas pou yo egziste. Si n gade zèv yon gran lodyansè tankou Maurice Sixto, lè Madan Jil ap joure ak Madan Emanyèl epi betiz ap tonbe, sa 2 pèsonaj yo ap pote se pa totalman envansyon atis la ; men, kontèks sosyal la, li mem tou, jwe yon wòl kle ni nan kreyasyon ni nan entèpretasyon lodyans lan.

Kounye a la, kesyon n vle poze se : Ki jan yon atis oswa yon gwoup atis ka sèvi ak menm zouti atistik ak lengwistik sa yo, ki kore yon sistèm dominasyon, pou yo kreye nouvo zouti ki ta ka kwape oswa denonse sistèm dominasyon sa a ?

Se kesyon sa a nou t ap chache reponn nan konferans-espektak « Mo-Vè » a nan ale vini ki te fèt nan mitan atis yo ak entèvenan yo. Nou te pale pawòl lari a ; men, nou te pale l yon lòt jan — yon fason pou n denonse sistèm dominasyon ki sèvi ak pawòl sa yo. Nou ka pran yon ekstrè nan tèks orijinal atis yo ekri nan kad konferans espektak sa a pou n montre sa n vle di a :

Tit : Ti bifèt, gran tiwa, Tèks : Lesly Maxi, Vwa : Tafa Mi-Soleil

An ba je w, m ap fleri tou fane
Medizans sou wout mwen se pi gwo twofe
Yo k ap jije, yo k ap mande goute
Padon, Manman, si se sa w tande
M se ti fi ki pa ka kase yon ze

Twa vwayèl, twa konsòn, se non deyò ban m pote
Padon, Manman, si se sa w tande

Nan ekstrè sa a, nou gade yon espresyon yo souvan itilize pou pale de ti fi ke yo di ki an ba chal — egal : yon ti fi, jan yo di a, ki pran pòz li pa ka kase yon ze pandanstan li kase yon kokoye. Sa vle di : moun sa a (an jeneral, se ti fi) ka vann ou san w pa janm wè sa tèlman li parèt inosan. Espresyon sa a kache 2 fòm diskriminasyon : premye a gen rapò ak jenerasyon (ti moun — inosans) ; dezyèm lan gen rapò ak kò epi li klè tou : « bifèt gran tiwa » se yon pawòl pou dekri e pou jije, yon fason ki negatif, yon vi seksyèl ki aktif. Pwofesè Jean Casimir t ap di se pawòl an daki — egal : se moun ki maton nan lang lan k ap ka konprann li.

Nan espektak « Mo-Vè », nou te fè yon travay analiz sou mizik seksis nan repètwa atis ayisyen yo. Nou te fè yon lis (ki pa t konplè) mizik ki denigre sèten kategori sosyal epi nou te analize yo. Aprè sa, nou te kreye mizik ak tèks ki pou ale nan sans kontrè a. An n gade youn nan mizik nou te analize yo. Mizik la rele « Fè wana mache » ; se atis Tonymix ak Mossanto ki fè l. Nan pawòl ki pi fasil nou ka analize yo, nou ka gade tit la : « Fè wana mache ». Si n dakò kiyès ki ta « wana » a, nou ka deja di koze « fè l mache » a vle di : manipile l, mennen l sou kòd, fè l fè sa w vle, fè l sa w vle, e latriye. Yon lòt pawòl nou ka analize se : « Misye te mèt bay machin, li pa ka anpeche m raboure… ». Pawòl sa a di kon sa, malgre fi a ta an ba lobedyans sila ki ba l machin, gen yon lòt gason ki gen dwa « raboure » l. Mo « raboure » a se yon fason pou montre vyolans ki akonpanye zak seksyèl la e nan ki nivo atis yo konsidere fanm nan mizik la — kòm objè pou fè sèks. Nou pa bezwen fouye twòp nan analiz tèks chante « Fè wana mache » sa a, nou deja konnen, nan kotidyen nou, kantite chante nou ka jwenn ki gen menm mak fabrik sa a tou.

Analiz sa yo te antre nan kad yon kanpay konsyantizasyon ke diferan atis sa yo te deside fè sou lang kreyòl la. Ki jan yon lang ka sèvi kòm zouti pou dominasyon ? Ki jan, tou, yon lang ka sèvi pou bay jarèt ak tout travay k ap fèt nan lojik yon transfòmasyon sosyal ki gen nannan ? Sa vle di : travay pou kreye yon sosyete ki bay menm nivo jistis pou tout kategori sosyal kèlkilanswa sèks, koulè po, relijyon, klas sosyal e latriye.  Enben, se kon sa mwen te vin kreye tèks pou chante « Wana » ke m te chante nan espektak « Mo-Vè » a.  N ap jwenn tèks konplè chante a pi ba la a, nan fen tèks la.

Anben, lè n ap analize espresyon sa yo (tankou « wana »), nou ka wè se pratik lavi ki kale yo. « Wana » pa soti tankou loray kale. Se diskou popilè a ki lage « wana » kòm kwa se ta yon fanm ki nan klas defavorize e k ap repwodui tèt li nan sa yon gason posede. Sa vle di : jan mizik orijinal la di l la, « li bwè kola w, li manje pen ak manba w, fè l mache ». E nan sans sa a tou, menm diskou sa a vle pou wana a peye sa l pran an. E se gason an ki la pou l fè l peye swadizan « dèt » sa a. Egal : « wana » sa a se pa pawòl ki soti nan syèl ; se prekarite ak inegalite sosyal ak ekonomik ki deja ap louvri zèl li ki bay posiblite pou pawòl sa yo jèmen. Paske wana sa a se yon « atagaz » — jan nou ta ka di l si n ap adopte kalite espresyon sa yo.

Men, gen reyalite ki pa menm ak sa mizik sa a dekri a. Anpil travay rechèch montre fanm patisipe nan prèske 70% nan pwodiksyon richès nan peyi a. Se sa n jwenn kòm done syantifik nan liv Mireille Neptune Angladeki ki rele « L’autre moitié du sous-développement » (Lòt mwatye soudevlòpman). Mezanmi, ki kote yon madan sara, yon ouvriyèz, yon ti machann e latriye ta jwenn tan pou l wana ? Nan menm tèks nou sot site la a, otè a montre jan fanm yo kore fanmi yo tou. Nou pa di « kore » nan yon lojik poto mitan, non ; men, pito, paske pifò fanm sa yo se fanm k ap leve pitit yo ak pitit fanmi yo pou kont yo nan aktivite chache lavi y ap mennen. Nan sans sa a, nou ta ka di tou atis sa yo ki kreye mizik pou pale de « wana » gen pwòp enterè pa yo nan pwopagann « wana » sa a kote yo se ajan yon sistèm dominasyon ki derefize rekonèt valè fanm sa yo k ap feraye dri dri pou yo kore fanmi yo ak kominote yo.

Ki jan yon atis oswa yon kolektif atis ka itilize menm zouti dominasyon yo pou ede nan kwape sistèm dominasyon an ? Zouti ki sèvi nan sistèm lan se : chante, sinema, teyat, lodyans, reklam e latriye.

Anben, an n gade reklam yo kòm egzanp. Nan reklam yo, menm lè se kèk pwodui y ap prezante, konn gen sijesyon an ba chal sou ki jan sosyete a oswa lavi nou dwe òganize. Pran kòm egzanp yon reklam pou pwodui lesiv ki montre se fanm lan k ap fè lesiv epi gason an ap gade televizyon. Yon reklam kon sa tou defann yon ideyoloji nan sa yo rele « divizyon seksyèl travay ». Egal : ki wòl fanm ak gason dwe jwe nan divizyon travay pami 2 gwoup sa yo nan sosyete a ? Se fanm ki fè lesiv pandan se gason k ap rilaks devan televizyon. Yon atis ki vle chanjman sosyal sou tematik sa a ta ka pwopoze yon reklam pou menm pwodui lesiv sa a, men, nan yon lojik egalitè ki demanti yerachi kote gason an wo epi fanm an ba. Yon lojik egalitè kon sa ta pwopoze yon lòt fason pou repati travay la ant fanm ak gason. Nan mizik, se menm bagay la : se gade ki sa mizik la pwopoze kòm modèl òganizasyon sosyal epi atis la dwe pwopoze modèl egalitè ki antre nan lojik transfòmasyon sosyal.

Anben, se kon sa, gen atis ki sèvi ak pratik atizay yo kòm zam pou rezistans kont sistèm dominasyon ak opresyon. Pratik rezistans sa a antre nan lavi tou lè jou yo tou. Nan ka Mo-Vè, se te yon maranday travay refleksyon, atizay ak pèfòmans. Li nesesè pou gen tèt kole ki fèt sou ki jan konesans ak atizay makonnen pou pote diplis nan geri yon sosyete ki malad. Li nesesè pou gen tèt kole nan mitan atis, anseyan, sosyològ, lengwis, istoryen, estatistisyen, sikològ e latriye pou n gade ki jan nou ka mete tèt ansanm pou n trase pi bon chimen sou wout byennèt la.

Anèks

« Wana » (Vanessa Jeudi)

Kase fèy, kouvri sa
Nan seren, m ape mache
M pa gen dwa, m pa gen vwa
M ape peye sa m pa dwe

Ayayay, m ape peye sa m pa dwe
Ayayay, m ape peye sa m pa dwe
Ayayay, m ape peye sa m pa dwe

Kraze zo, kraze kò
Wi, se sa m ap rekòlte
Lè m pale, m pa jwenn bò
De gouden, m ape peye

Ayayay, m ape peye sa m pa dwe
Ayayay, m ape peye sa m pa dwe
Ayayay, m ape peye sa m pa dwe

Yon kola, yon ti pen
Sa ou di se pou m mache
Jou fè nwa, m dwe limen
Ranje kò w, ban mwen pase

Ayayay, m ape peye sa m pa dwe
Ayayay, m ape peye sa m pa dwe
Ayayay, m ape peye sa m pa dwe

Kraze zo, kraze kò
Wi, se sa m ap rekòlte
Lè m pale, m pa jwenn bò
De gouden, m ape peye

Ayayay, m ape peye sa m pa dwe
Ayayay, m ape peye sa m pa dwe
Ayayay, m ape peye sa m pa dwe

Ban m banda, ban m kata
Pa ban m chay pou mwen pote
Ban m rara, ban m rada
M p ap mache, m ap danse

Ayayay, m ape peye sa m pa dwe
Ayayay, m ape peye sa m pa dwe
Ayayay, m ape peye sa m pa dwe

Kraze zo, kraze kò
Wi, se sa m ap rekòlte
Lè m pale, m pa jwenn bò
De gouden, m ape peye

Egzèsis k ap ka ede n antre pi fon nan analiz ak pledwaye ki nan tèks atis Vanessa Jeudi a

Se Djeride Jean-Baptiste ki prepare aktivite sa yo an kolaborasyon ak
Michel DeGraff e Pierre Negaud Dupenor

Tèks la montre klè ki jan pwodiksyon atistik ki charye prejije rasis, seksis, omofòb e latriye se miwa fonksyonnman sosyete a e jan nou konprann reyalite a. Ann Ayiti, prejije sa yo travèse plizyè jenerasyon ak plizyè tandans mizikal.

Pou n analize tematik sa a ansanm, n ap envite lektè a tande 2 chante ki gen yon ekout lajman laj e ki gen yon gwo enpak sou fason anpil moun konsidere fi nan sosyete a.  Enpak negatif sa a pi grav toujou sou sila yo ki pi jèn jounen jodi a. N ap jwenn tèks pou 2 chante sa yo an ba nèt, apre egzèsis yo.

Premye chante a se « Mimi myaw » Roody Roodboy epi dezyèm chante a se « Madoda cheri, di m sa w genyen » Asap Jexus.

  1. An n pran yon ti tan pou n byen analize tèks 2 chante sa yo
  • Èske nou konprann tout espresyon yo ? Si repons lan se « non », enben, idantifye espresyon sa yo nou pa konprann ?
  • An n idantifye tout pawòl nan 2 chante sa yo ki charye prejije seksis, omofòb, rasis oswa lòt kalite rayisman.
  • Daprè sa nou sot tande nan pawòl sa yo, ki move enpak chante sa yo ka genyen sou sosyete nou an ? Epi ki santiman nou santi pawòl sa yo ka boujonnen nan kè n ak nan lespri n ?
  • An n deside ekri lòt tèks ki ofri yon lòt vizyon sou sosyete a pa rapò ak chante  Roody Roodboy ak Asap Jexus yo
  • Modifye tèks 2 chante sa yo yon fason pou n ekri lòt tèks ki sèlman gen pawòl ki baze sou lanmou, jistis ak lapè.
  • Nan menm 2 tèks sa yo, tou prezante yon imaj pozitif nèt ki diferan de fason 2 atis yo drese pòtre jèn fi nan peyi d Ayiti.

Prezante n yon fanm ou konnen nan antouraj ou oubyen yon fanm ou konn ap gade nan yon medya kèlkonk (liv, fim, rezo sosyal e latriye) ki diferan de jan 2 atis sa yo prezante nou fanm nan chante pa yo. Fanm sa nou chwazi a ka okipe nenpòt plas nan echèl sosyal la (pwofesè, direktris, minis, madan sara, jounalis e latriye).

  • Dekri fanm sa a epi montre nou okipasyon li ;
  • Pale de vi li ak pakou li ;
  • Montre travay l ap fè pou tèt li, fanmi l ak kominote l chak jou — travay ki fè li pa oblije depann de gason.
  • Pran yon ti tan epi tande mizik epi li tèks n ap jwenn nan lyen sa yo pou plizyè zèv atistik ki deja disponib sou Platfòm MIT-Ayiti a :
  • Pran yon ti tan pou n li epi analize plan leson sa yo ki nan lyen pi wo a (pwofesè a ka divize sal klas la an gwoup kote chak gwoup ka chwazi analize youn nan tèks yo).
  • Menm jan nou sot fè l pou tèks Roody Roodboy ak Asap Jexus yo, eseye gade tout espresyon ki gen nan echantiyon tèks sa yo ki sou Platfòm MIT-Ayiti epi souliye sa n pa konprann pandan n ap brase lide an gwoup pou tout moun rive konprann espresyon sa yo.
  • Apre nou tout fin dekouvri echantiyon tèks sa yo sou Platfòm MIT-Ayiti, esplike ki diferans nou wè ant tèks sa yo ak tèks Roody Roodboy epi Asap Jexus yo ?
  • Yon gwoup elèv ap mete tèt yo ansanm pou yo ekri (konpoze) yon ti pyès teyat (yon « skit ») epi prezante l devan sal klas la. Nan skit sa a, nou ka eseye respekte prensip sa yo :
  • Objetif la se prezante yon gwoup moun k ap viv nan yon sosyete kote yo santi yo moun tout bon.
  • Nan tèks skit la, p ap gen okenn pawòl ki charye prejije oswa diskriminasyon kont okenn gwoup.
  • Ap gen yon sitiyasyon k ap ede piblik la konprann pou ki sa fòk sosyete a chita sou baz jistis kote tout moun santi yo alèz pou yo viv epi esprime lide yo lib e libè.
  • Nou ka eseye fini pyès sa a yon fason kote kè tout moun kontan paske y ap viv nan yon modèl sosyete kote gen respè, jistis ak lanmou youn pou lòt.

Mimi myaw (Roody Roodboy)

I

Blòd, blòd, blòd
Blòdè pa kana
Instagram, follow
Sou Facebook, follow
Sou Twitter, follow
Veye m ap veye w, tande

Pral travay, follow
Pral lekòl, follow
Pral legliz, follow
Veye m ap veye w, tande

Pa ka ap manje lajan m lan mal kon sa (4 fwa).

Refren (2 fwa)

Mimi,
Mimi myaw
Mimi Mimi
Mimi myaw

II

Mande m telefòn, m ba ou l
Mande m laptòp, m ba ou l
Mande m machin, m ba ou l
Mande m lajan, m ba ou l

Lè maten w pa vle anbrase mwen
W ape imilye mwen
Ou pa vle afiche mwen
W ap plede blaze mwen

Ou pa janm di m yon ti « Je t’aime »
Ou pran blodè pou ATM
W ap mawon m, pa vle rete prè m
Genlè w soti pou rete kè m

Baby cheri, woy yooo (2 fwa)

IIII

Instagram, follow
Sou Facebook,  follow
Sou Twitter, follow
Veye m ap veye w, tande

Pral travay, follow
Pral lekòl, follow
Pral legliz, follow
Veye m ap veye w, tande

Pa ka manje lajan m lan mal kon sa (4 fwa)

Ou mande m telefòn, m ba ou l
Ou mande m laptòp, m ba ou l
Ou mande m machin, m ba ou l
Ou mande m lajan, m ba ou l

Lè m kouche avèk ou, ou ban m do
Ou genlè pran m pou yon kongo
Ou pa janm vle ouvè janm ou
W manje lajan chango
Fò w peye chango

Ou pa bezwen enkyete w
Mwen pa la pou m anbete w
Sèl sa mwen manke
Mayi m nan solèy
Mwen wè se lòt kòk k ap beke w

Mwen pa jan m ka fè yon bèk (2 fwa)

Kòk mwen chante kokoriko (2 fwa)
Mwen pa janm ka fè yon bèk (2 fwa)
Kòk mwen chante kokoriko (2 fwa)

Ou tankou vanpi, w ap dekale moun
Ou toujou bezwen al Decameron
Ou wè m g on machin nèf
Ou reklame youn
Ou kraze 3 kanè bank
San w pa epanye youn

Refren (2 fwa)

Mimi,
Mimi myaw
Mimi Mimi
Mimi myaw

Madoda (ASAP Jexus)

Madoda, non, dodama, non
Pa fè sa, non, bag à moi
Ki nan dos de moi
An ah ah

Madoda cheri, di m sa w genyen
Dodama cheri, di m sa w genyen
San koutcha cheri, di m sa w genyen
Ti Sina doudou, di m sa w genyen

Ou pull up, ou vin la
San benyen
M rale kòb nan pòch mwen
M ba w san plenyen

Madoda cheri, di m sa w genyen
Dodama doudou, di m sa w genyen

Madoda, ou panse gen bagay pou w vin fwote la a
W ap bay pran ladan l tankou se Kotelam
W ap bay bwè ladan l tankou se dlo de lam
M ap chire bouda w tankou s on fo devwa

Fò w ka rete pwòp pou w pa pran kolera
M pa renmen kras, m pa ka nan dore ma
Madoda te la, kounye a gen dodama
Ou pa Lady Boss, ou pa ka nan dos de moi
Depi w fuck byen, cheri, m dwe w 2 mwa

Yeah, m dwe w 2 mwa, yeah yeah, ok, yon kado de moi

La dodama, l’awousa
Sa k fè l klere kon sa
La soleil de ça
La Rolex de ça
La VVS de ça
Tout bagay de ça

Ou mèt pull up san sousi
M konnen w sou sa
Ou mèt vin souse
M ap tounen yon sison
M konnen w sousèt
M gen yon sosis
M tounen  yon chosèt

Madoda cheri, di m sa w genyen
Dodama cheri, di m sa w genyen
San koutcha cheri, di m sa w genyen
Ti Sina doudou, di m sa w genyen

Pull up, ou vin la
San benyen
Rale kòb nan pòch mwen
M ba w san plenyen
Madoda cheri, di m sa w genyen
Dodama doudou, di m sa w genyen

Madona, non
Dodama, yeah, bag à moi
Ki nan dos de moi
W ap fè kaka
W ap pran nan paloma
Li pa gen tan pou l ap pale w mal
Li ka gade w mal
Quel dommage
Ou pa gen fwomaj

Se sèl dodama m konnen ki la
Ki ka fè l kon sa,
Sandal Prada mete l ak tout kilòt tanga
Linèt Balenciaga a tout yon Babushka
Li vin ak Manouchka
M wè y ap fimen chicha

M santi gen yon twou vid
M ofri yo weed
M pull up nan yon spot
Sou yon Polaris
Bagay teyoris
Tou rele polis
M pa wè pano stòp
M tou lage an 10

Madoda cheri, di m sa w genyen
Dodama cheri, di m sa w genyen
San koutcha cheri, di m sa w genyen
Ti Sina doudou, di m sa w genyen

Ou pull up, ou vin la,
San benyen
M rale kòb nan pòch mwen
M ba w san plenyen

Madoda cheri, di m sa w genyen
Dodama doudou, di m sa w genyen

Remak

Abone
Anonse
guest
0 Remak
Inline Feedbacks
View all comments