« Edikasyon miltileng se pilye pou aprantisaj nan fanmi ak kominote. » Sa se tematik « Jounen Entènasyonal Lang Matènèl » nan Òganizasyon Nasyon Zini pou Edikasyon, Syans ak Kilti (UNESCO) nan dat 21 fevriye 2024. Youn nan objektif jounen sa a se ankouraje pwomosyon lang matènèl pou reyalizasyon Objektif Devlopman Dirab (ODD) yo. Tematik pou ane sa a mete aksan sou edikasyon miltileng k ap chache kreye pi plis opòtinite pou tout ti moun nan monn lan — sitou pou sila yo ki nan kouch pi defavorize yo.
Selon UNESCO, jounen jodi a, gen plis pase 40% nan popilasyon monn lan ki pa ka jwenn edikasyon nan lang manman yo. Nan kèk rejyon nan monn lan, chif sa a konn rive depase 90%. Itilizasyon lang matènel nan ansèyman bay avantaj bab e moustach. Sa bay pi bon rezilta nan aprantisaj ; sa ranfosè konfyans ti moun yo nan tèt yo ; sa pèmèt aprenan yo devlope espri kritik yo ; sa kontribye nan ede tradisyon ak konesans travèse plizyè jenerasyon. Enben, se kon sa pwosesis ansèyman-aprantisaj la ka vin pi senp, pi fasil, pi efikas, pi enklizif lè sistèm edikasyon an entegre lang matènèl ti moun yo kòm lang ansèyman.
Avantaj kreyolofoni pou yon Ayiti « vèt » e « ble »
Pou make « Jounen Entènasyonal Lang Matènèl », Inisyativ MIT-Ayiti pran plezi pataje kèk nan eleman kle entèvansyon Pwofesè Michel DeGraff te gen chans fè nan Atelye prezantasyon « Kad Oryantasyon Kourikoulòm » Ministè Edikasyon Nasyonal la te reyalize nan dènye semenn mwa novanm 2023. Refleksyon Pwòf DeGraff la aliyen ak Objektif Devlopman Dirab (ODD) Nasyon Zini yo paske rekòmandasyon li yo ka ede nan bati yon Ayiti ki respekte anviwonnman (pou Ayiti ka « vèt ») e yon Ayiti ki itilize nouvo teknoloji pou fè devlopman (pou Ayiti ka « ble »). De (2) Ayiti sa yo gen yon denominatè komen ki makonnen yo : lang kreyòl la ki se « lang a nou », pou n repete papa Dessalines.
Pou devlopman dirab 2 Ayiti sa yo, edikasyon nan lang manman an jwe yon wòl total kapital ki endispansab menm lè Pwòf DeGraff rekonèt enpòtans lang franse ak lòt lang yo tou (egal : enpòtans « miltilengwis ») kòm yon avantaj pou Ayiti jwenn plas li nan vilaj global la. Nan opinyon Pwòf DeGraff, peyi a dwe adopte yon politik lengwistik ki chita sou miltilengwis fonksyonèl kote se lang kreyòl la — sèl lang ki rele tout Ayisyen chè mèt chè mètrès —ki se lang prensipal pou ansèyman nan tout nivo. Sa ap bay ti moun yo bon baz pou yo aprann franse ak nenpòt lòt lang pi byen, nan kè kontan. Sa se pa yon apwòch « bilengwis ekilibre » tankou nan Kad Oryantasyon Kourikoulòm 2023 Ministè Edikasyon Nasyonal la kote ti moun yo dwe rive nan menm nivo konpetans nan kreyòl ak franse (e menm nan lòt lang !).
Apwòch « bilengwis ekilibre » sa a pa chita sou okenn fondasyon syantifik. E sa vin kreye echèk alawonn Badè ansanm ak repwodiksyon inegalite sosyal lè apwòch « bilengwis ekilibre » sa a vin mennen nan yon kad oryantasyon kourikoulòm ki mande pou klas matematik ak syans sèvi pou ansèyman franse. Nan yon kad kon sa, se ti moun ki deja konn pale franse lakay yo k ap gen pi plis chans pou yo reyisi pandan pitit Sò Yèt yo ap kontinye echwe pi rèd paske yo pa fouti aprann byen nan yon lang franse yo pa metrize. Se kon sa tou li enpòtan pou kreyòl la tabli kòm lang liberasyon nan tout espas ki vital nan sosyete a paske se sèl lang kreyòl — « sèl lang ki simante tout Ayisyen ansanm » — ki ka kore idantite nou, solidarite nou ak fyète nou kòm nasyon ki souvren tout bon vre.
Jan Minis Joseph C. Bernard te vle a, ekip MIT-Ayiti a ankouraje bilengwis fonksyonèl kòm objektif pou ede nan bati lekòl tèt an wo pou peyi tèt an wo. Nan sistèm bilengwis fonksyonèl la, Ayisyen yo ap ka aprann pale franse ak nenpòt ki lòt lang etranje (miltilengwis) mete sou lang manman yo — men, nou pa ka mande pou ti moun ki benyen nan kreyòl tou lè jou nan kominote yo ta vin maton nan pale franse (oswa okenn lòt lang) nan menm nivo yo pale kreyòl ki se lang matènèl yo.
Ti moun ann Ayiti se moun menm jan ak tout lòt moun sou latè beni ; sèvèl yo gen menm kalite newòn ak sèvèl ti moun nan lòt peyi. Ti moun ann Ayiti se pa estra terès yo ye. Ki donk Ministè Edikasyon Nasyonal pa dwe mande pou yo aprann pale lang etranje nan menm nivo konpetans ak lang manman a yo malgre ti moun yo pa janm benyen nan lang etranje sa yo.
Pledwaye pou entegrasyon lang kreyòl la nan lajistis
Pou selebre « Jounen Entènasyonal Lang Matènèl », Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA) patisipe nan kreyasyon yon pozisyon pou ansèyman kreyòl nan Fakilte Syans Jiridik ak Ekonomik (FDSE) nan Inivèsite Leta d Ayiti (ILA). Epi AKA òganize yon konferans-deba pou fè pledwaye sou entegrasyon lang kreyòl la nan sistèm jistis ann Ayiti ki se youn nan espas kote yo itilize franse pi plis nan peyi a menm lè sa vyole dwa moun ki bezwen konprann sa jij yo ansanm ak avoka yo ap di nan tribinal. MIT-Ayiti ankouraje inisyativ sa yo k ap ede nan konsyantize popilasyon an sou enpòtans kreyòl la nan nannan tout aktivite k ap fèt nan peyi a — nan edikasyon, lajistis, administrasyon, legliz, sante ak tout lòt sektè kle nan sosyete a.
Remak