Kesyon sou platfòm lan

Men repons sou kèk kesyon nou resevwa pi souvan sou platfòm lan apre nou te lanse apèl la:

Ki jan nou ka kontribye nan konbit sa a menm si n pa gen aparèy pou n monte sou sit entènèt la ?

N ap tabli yon pwosesis pou chak patisipan nan konbit la jwenn yon fason pou yo pataje plan leson dapre kontèks pa yo (imel, WhatsApp, fichye elektwonik, foto, e latriye). Pa egzanp, si plan leson yo ekri sou fèy kaye eskolè, n ap kontan resevwa foto fèy sa yo.  Si plan leson yo deja nan fichye elektwonik, n ap kontan resevwa fichye sa yo.  Sa ki pi enpòtan se fasilite pataj materyèl sa yo ki pral monte sou platfòm lan.

Si sa nesesè, ekspè nou yo nan ekip MIT-Ayiti a ava fè rekòmandasyon pou n revize materyèl yo pou yo ka koresponn ak kritè aprantisaj aktif. Nan ka sa a, n ap bezwen fè suivi ak pwofesè sa yo ki te pwopoze leson an pou n ka kontinye devlope leson an ansanm ak yo. Objektif ekip nou se akonpanye edikatè pou yo ka rive kòmanse entegre eleman aprantisaj aktif sa yo pou kont yo nan materyèl pa yo. Epi tou, si sa nesesè, n ava fè rekòmandasyon ki pou mete tèks an kreyòl yo djanm—dapre grafi ofisyèl, vokabilè ak sentaks lang lan, e latriye.

Pou n rapousuiv kole zepòl la, ekip MIT-Ayiti a ava ekri pwofesè sa yo, kite mesaj vokal pou yo, fè ti videyo ak yo, oubyen rele yo sou telefòn — nou ta pito apèl oswa mesaj sou WhatsApp (si posib) pou n rete an kontak.

Ki sa kontribitè nan platfòm lan ava resevwa pou kore jefò yo, ogmante ekspètiz yo epi ankouraje yo?

Apre vèsyon final kontribisyon an vin disponib sou platfòm MIT-Ayiti a, l ap ka vin tonbe an ba je edikatè ak lòt moun ki enterese tou patou sou latè beni, epi lektè sa yo ap ka bay fidbak dapre esperyans ak ekspètiz pa yo pandan y ap sèvi ak kontribisyon sa a nan kontèks pa yo.

Kon sa, platfòm lan ava devlope kapasite chak grenn pwofesè k ap patisipe nan konbit la. An menm tan, platfòm lan ava kontribye nan devlopman kominote lokal e entènasyonal kote youn pral ede lòt vin pi maton nan metye anseyan — yon bèl metye pou Grenadye ak Grenadyèz nan konba jounen jodi a pou yon demen miyò.

Se kon sa nou vle ankouraje tout moun ki vle vin pote kole ak nou jan yo kapab, sitou nan faz lansman pwojè a. Ekip nou nan MIT kreye yon chapant pou n rekonèt kontribitè nan konbit la. Epi tou, nou apresye jefò konpatriyòt ak lòt kòlèg ak zanmi k ap motive kolèg ak zanmi pa yo patisipe nan konbit la oubyen k ap bay fidbak sou kontribisyon ki monte sou platfòm lan.

Platfòm nou an ap pèmèt nou ofri yon rekonpans imateryèl ki se chwazi kontribitè epi fè entèvyou avè yo si yo disponib.

Objektif prensipal nou se kreye fondasyon solid e dirab ki pral pèmèt konbit la kontinye menm apre bidjè pwojè a fini. Nou vle ede nan kreyasyon yon atmosfè konbit djanm djanm, yon atmosfè kolaborasyon ki ka ankouraje chak kontribitè pataje bon jan materyèl pou enterè sistèm edikasyon peyi a — yon sistèm kote tout ti moun ava rive antre nan wout konesans, san baryè, san fòs kote.

An final, nou gen lespwa pi bèl rekonpans lan pou patisipasyon nou sou Platfòm sa a se amelyorasyon ke konbit sa a pral pote nan sistèm edikasyon an — pou n rive kreye yon sistèm lekòl tèt an wo pou yon peyi tèt an wo.

Depi w gen lòt kesyon oubyen rekòmandasyon, tanpri, kontakte nou sou mit-haiti@mit.edu oubyen WhatsApp (+1 617 899-3859).

Remak

Abone
Anonse
guest
2 Remak
Inline Feedbacks
View all comments
Joe

1- M renmen koulè nou chwazi yo. 2- Logo a enspire moun. 3- Felisitasyon pou inisyativ la. Mwen gen 4 gwoup whatsapp ki rasanble anseyan nan peyi a pou n pataje resous. Mwen pral envite yo vin sou platfom sa a. Se te yon pwoblèm mwen tap eseye rezoud nan fason pa m. Kounye a mwen jwenn wout asfalte, mwen pral lage vitès. 4-Nan plas “Ale” lè w ap lanse yon rechèch pito nou mete “LANSE”. Paske eksperyans mwen montre m, moun ki pa gen bon nivo nan enfomatik yo toujou pran mo a nan sans ki pi ba a.… Li plis &raquo:

Michel DeGraff

Mèsi anpil pou fidbak ou! Nou pral entegre l nan lojisyèl la. Ankouraje