Pwofesè Michel DeGraff, youn nan fondatè INISYATIV MIT-Ayiti, resevwa tit « manm selèk » (Fellow) Sosyete Lengwistik oz Etazini, pi gwo onè yon lengwis ka resevwa

Doktè Michel DeGraff, pwofesè nan depatman lengwistik Massachusetts Institute of Technology (MIT), fèk resevwa tit « manm selèk » (Fellow) nan Linguistic Society of America (LSA).  Tit sa a se pi gwo onè akademik pami pwofesyonèl nan domèn lengwistik. Sa se yon rekonesans pou enpak rechèch ak lòt travay pwofesè a nan etid sou lang kreyòl.

Nan dat 6 janvye 2023, Grenadye Michel, ansanm ak sèt lòt save nan lengwistik, pral pran plas li nan LSA nan menm nivo ak Noam Chomsky ak plizyè lòt gran lengwis nan monn lan. Sa se yon nouvèl ki ta dwe sonnen kon yon bèl melodi nan zòrèy chak grenn Ayisyen ki konsekan nan lanmou yo pou peyi yo. Se yon lòt gwo batay mouvman kreyòl la ranpòte nan konba pou l jwenn dwa gran moun li nan sosyete ayisyen an menm jan ak lang franse a.

Travay Michel DeGraff, kòm lengwis, pwofesè ak aktivis, gen yon gwo enfliyans nan etid lengwistik sou kreyòl ayisyen. Se yon karyè li kòmanse depi 30 lane. Travay li sou lang kreyòl la ta pral pran yon lòt dimansyon nan lane 2010 lè li menm ansanm ak Doktè Vijay Kumar nan MIT Open Learning deside fonde Inisyativ MIT-Ayiti nan objektif pou amelyore kalite edikasyon ann Ayiti sou bon jan fondasyon syantifik ki pwone pedagoji entèraktif ansanm ak itilizasyon lang matènèl kòm zouti pou ansèyman ak aprantisaj.

Inisyativ MIT-Ayiti se yon bèl ekip Grenadye ak Grenadyèz k ap bay gwo bourad nan pwodiksyon ak difizyon materyèl an kreyòl nan tout matyè e nan tout nivo. Inisyativ la kontribye tou nan kreyasyon materyèl an kreyòl ki chita sou bon jan estanda k ap pèmèt anseyan yo transmèt konesans pi byen pandan etidyan yo ap aprann pi fasilman, nan fyète ak lajwa.  Epi tou, Inisyativ la ankouraje itilizasyon tout kalite teknoloji nan sal klas, sitou lè se teknoloji ki adapte ak pwofil aprenan yo.

Sa se ti echantiyon Grenadye ak Grenadyèz k ap feraye nan kad Inisyativ MIT-Ayiti depi 2010

Apre gwo kokenn chenn anons sa a konsènan Fellowship li nan LSA, Pwofesè DeGraff deklare :  

« Se vrèman yon gwo onè pou m vin manm selèk nan LSA e pou m rantre nan ran zanmi ak kòlèg ki gen bèl enpak pozitif nan domèn lengwistik, tankou : Marlyse Baptista, John Baugh, Anne Charity Hudley, Noam Chomsky, Salikoko Mufwene, John Rickford, ak anpil lòt moun m admire anpil ».  

Goch a dwat : Pwofesè Yves Dejean, Pwofesè Noam Chomsky, Pwofesè Michel DeGraff. Foto sa a fèt nan lane 2003.

Pwofesè Danny Fox, chèf depatman lengwistik nan MIT, selebre onè sa a kòm yon gwo bout rekonesans pou divès kontribyon teyorik e aplike Grenadye Michel kontribye nan lengwistik :

« Sa bon anpil lè gen òganizasyon pwofesyonèl tankou LSA k ap fè pwomosyon syantis yo, pa sèlman pou rechèch yo, men, tou, pou militans ki mache ak travay rechèch syantifik la. Syantis sa yo ap goumen pou yo demistifye erè k ap simaye tou patou nan fason nou konprann monn reyèl la, yo idantifye konsekans malouk move lide sa yo, epi yo goumen pou yo kaba erè sa yo. Michel patisipe nan mouvman sa yo tou, sitou nan travay li nan Inisyativ MIT-Ayiti li menm ak kèk lòt kòlèg li te fonde. Se nou tout ki gen anpil fyète pou nominasyon sa a ».

Platfòm MIT-Ayiti, yon lòt nivo nan mouvman Inisyativ MIT-Ayiti a

Pou w konprann dimansyon travay Pwofèsè DeGraff ak ekip li, li sifi pou w fè yon ti vizit sou platfòm nimerik MIT-Ayiti a, https://mit-ayiti.net/, kote tout aprenan ak anseyan ki pale kreyòl, nan tout kwen peyi d Ayiti ak lòt bò dlo, ka jwenn epi kontribye nan kreyasyon bon kalite materyèl an kreyòl. Platfòm nimerik sa a se yon gwo jefò kolektif an ba lidèchip Dòk Michel DeGraff ak Doktè Haynes Miller, ki se pwofesè nan depatman matematik nan MIT. Se MIT Abdul Latif Jameel World Education Lab ki finanse platfòm lan.

Materyèl ki disponib sou platfòm lan ka sèvi kòm egzanp pou kreyasyon pi plis materyèl an kreyòl pou Ayisyen tou patou.  Epi, tou, sa ka sèvi kòm modèl pou lòt kominote — sitou nan peyi Sid yo — k ap feraye pou yo jwenn materyèl bèl kalite pou edikasyon nan lang manman pa yo tou.  Platfòm MIT-Ayiti  se yon gwo konbit ki reyini anseyan, aktivis, kreyolis, Grenadye ak Grenadyèz ki met tèt ansanm pou bati yon lòt kalite lekòl ki valorize tout pitit peyi a. Se yon zouti ki sèvi pou kreye, ranmase, evalye, seleksyone, revize, òganize epi pataje materyèl an kreyòl pou sal klas.

Youn nan dimansyon fondamantal platfòm lan se kolaborasyon pou n konstwi ansanm yon lòt modèl lekòl kote tout ti moun gen plas yo. Platfòm lan ofri divès kalite materyèl : materyèl ki pou sèvi nan sal klas, nan tout nivo e nan tout matyè ; materyèl pou pwofesè ki ta renmen sèvi ak pi bon metòd nan sal klas ; echantiyon plan leson ; konsèy ekspè sou ansèyman ; entèvyou ak atis, kreyolis ak lòt aktivis k ap goumen pou edikasyon bon kalite nan peyi d Ayiti.

Enpòtans nominasyon sa a pou Ayiti

Pwofesè DeGraff se manm fondatè Akademi Kreyòl Ayisyen, yon enstitisyon leta ki te kreye an 2014 pou pwomosyon kreyòl ayisyen an, jan Konstitisyon 1987 la mande sa.

Onè sa a pral yon opòtinite pou pwofesè a mete plis aksan sou enpòtans lasyans nan travay pou amelyore aksè ak kalite edikasyon ann Ayiti — li espere sa va gen yon enpak pozitif sou travay Akademi an tou, sitou travay pou kreye bon jan metòd ak bon jan resous pou ansèyman kreyòl ak ansèyman an kreyòl. 

Fellowship la pral ede l rann vizib defi ak opòtinite nan kominote ki apovri akòz baryè lengwistik kolonyal ak neyo kolonyal. Twò souvan, baryè sa yo envizib, menm pami lengwis yo. 

Gwo privilèj sa a pou Grenadye Michel entegre gwoup manm selèk nan LSA pral pèmèt li jwenn plis espas ak mwayen pou l kontinye bouske jistis sosyal atravè rechèch nan lengwistik ak edikasyon.

Pwòf Michel DeGraff ak ekip @P4Hglobal nan Okap nan mwa d me 2022.

Remak

Abone
Anonse
guest
0 Remak
Inline Feedbacks
View all comments