Pwòf Jeffrey H. Toney mete Inisyativ MIT-Ayiti nan testaman l

Foto: Pwòf Jeffrey H. Toney

Misyon Inisyativ MIT-Ayiti se tankou yon konba Vètyè. Se tou lè jou n ap fè fas kare ak divès difikilte. Men, jefò Grenadye ak Grenadyèz k ap travay pou pouse Inisyativ la pi devan kontinye ap jwenn rekonpans ak ankourajman. Nan mwa janvye 2023, Pwofesè Michel DeGraff te resevwa pi gwo onè akademik pami pwofesyonèl nan domèn lengwistik : Linguistic Society of America (LSA) konsakre l kòm manm selèk LSA. Epi, kèk mwa apre, se Pwòf Jeffrey H. Toney, ansyen rektè Kean University, ki pran yon desizyon istorik, total kapital : li mete MIT-Ayiti kòm yon benefisyè nan testaman l.

Jeffrey H. Toney se pwofesè vizitè nan depatman lengwistik ak filozofi nan MIT. Epi, tou, li se ansyen rektè Kean University, nan Noujèze, Etazini. Apre doktora l nan chimi, li te fè rechèch nan MIT nan fen ane 1980 yo. Kounye a, li fenk sot pran retrèt li kòm rektè Kean.

Pwòf Toney se youn nan pi gran sipòtè MIT-Ayiti. Li wè Inisyativ la kòm yon mouvman ki gen gwo enfliyans sou rechèch li ak filozofi l kòm edikatè. Admirasyon l pou Inisyativ la tèlman gran, li deside sèvi ak yon pati nan eritaj li pou l kontinye sipòte MIT-Ayiti menm apre lanmò l. Jès sa a, ki se yon bèl senbòl lanmou ak solidarite, pral kontribye nan ede konstwi sistèm edikasyon tèt an wo a — pou Ayiti ka tèt an wo yon jou.

Pou ki sa Pwòf Toney fè yon jès kon sa ?

Se an 2016, apre l te fin tande Pwòf DeGraff ki t ap pale nan yon konferans Asosyasyon Ameriken pou Avansman Lasyans (American Association for the Advancement of Science), li pral kòmanse angaje l nan aktivite MIT-Ayiti yo. Pwòf Toney rakonte ke l te o zanj lè l te wè modèl Inisyativ MIT-Ayiti a, fason li santre sou esperyans kiltirèl etidyan yo. Li te rejwenn tèt li nan modèl la, e se sa ki fè l vle kontinye apiye l epi finanse l menm apre lanmò l.

Se pou sa li planifye ak Biwo MIT ki responsab donasyon (MIT Office of Gift Planning) pou testaman l kore Inisyativ MIT-Ayiti. Li estime se yon chans li genyen pou l fè jès ki ka gen yon enpak k ap pote avantaj pou anpil lòt jenerasyon. Sa se nan lide pou l remèt sa li menm li te jwenn kòm avantaj nan sosyete a.

Finansman sa a se pa premye jès lanmou ak solidarite Pwòf Toney ofri MIT-Ayiti. Lè l te rektè Kean University, administrasyon inivèsite a ansanm ak Pwòf Paul Belony te òganize patisipasyon etidyan ayisyen ak etidyan ayisyen-ameriken nan yon pwogram entèna Kean/MIT-Ayiti. Se Pwòf Toney ki te vini ak lide pou inivèsite a kreye yon seri bous pou etidyan sa yo ka patisipe kòm Grenadye ak Grenadyèz (egal : kòm pyonye) nan ekip MIT-Ayiti a. Sa se yon pwogram ki bay etidyan Kean yo, menm lè y ap viv oz Etazini, bèl opòtinite pou yo sèvi ak kreyòl la nan travay k ap fèt pou bay aprenan ak anseyan ann Ayiti plis zouti ak resous nan lang manman yo, pou yo aprann pi vit e pi byen.

Ki sa ki plis atire Pwòf Toney nan Inisyativ MIT-Ayiti ?

Eleman fondamantal ki fè Pwòf Toney tonbe damou Inisyativ la se modèl twa wòch dife a : (i) aprantisaj aktif pou pèmèt ti moun yo patisipe nan bati konesans pa yo ; (ii) itilizasyon teknoloji ki adapte ; (iii) itilizasyon lang manman ti moun yo— yon lang ki se manman tout konesans pou ti moun depi nan vant manman. Se twa eleman sa yo ki mete ti moun yo nan nannan pwosesis ansèyman-aprantisaj la. An plis, MIT-Ayiti pataje anpil materyèl bèl kalite pou sèvi nan sal klas, sou tout matyè ak nan tout nivo klas. Pami materyèl sa yo, nou jwenn : materyèl pou pwofesè, echantiyon plan leson, konsèy ekspè sou ansèyman, entèvyou ak atis, kreyolis ak lòt aktivis k ap goumen pou edikasyon tèt an wo nan peyi d Ayiti.

Donasyon Pwòf Toney a pral kontribye nan jefò pou tout ti moun nan kat kwen peyi d Ayiti rive jwenn resous nan lang manman yo pou yo aprann nan lajwa ak fyète.

N ap jwenn anons jès Pwòf Jeffrey H. Toney a sou sit wèb MIT a : an kreyòl e ann angle. Se anons sa a ki enspire blòg sa a.

Remak

Abone
Anonse
guest
0 Remak
Inline Feedbacks
View all comments