Istwa edikasyon ann Ayiti se yon seri mi wo mi ba nan dosye franse ak kreyòl kòm lang ansèyman. Se mi wo mi ba sa yo ki kreye « lekòl tèt an ba nan peyi tèt an ba » nan analiz Pwòf Yves Dejean. Pou n rive mete lekòl yo tèt an wo, fòk nou konprann orijin (neyo) kolonyal konfli sa yo k ap kreye twoma nan nanm sosyete a — soti nan pi wo nivo Leta rive nan sal klas. Lè n fouye zo nan kalalou istwa d Ayiti, nou jwenn tras rezistans ak agimantè syantifik ki ka ban nou lespwa pou demen miyò — pou lekòl tèt an wo nan peyi tèt an wo. Sa se objektif yon atik ki fèk parèt nan Jounal of Haitian Studies an ba plim twa grenadye nan MIT-Ayiti : Pwòf Michel DeGraff (MIT Linguistics), Doktoran William Scott Frager (University of Oxford, Department of Social Policy Intervention) ak Pwòf Haynes Miller (MIT Mathematics).
Depi lè peyi a pran endepandans li an 1804, politik Leta sou itilizasyon 2 lang ofisyèl yo — franse ak kreyòl — bay gwo tèt chaje, sitou nan domèn edikasyon. Leta ayisyen te toujou valorize franse kòm lang ansèyman depi nan klas primè rive nan inivèsite. Chwa sa a lage pifò ti moun ki pale kreyòl sèlman lakay yo (egal : majorite popilasyon an) nan difikilte pou yo aprann. Sa vin anpeche yo devlope kapasite aprantisaj yo paske yo pè pale nan sal klas — yo pè pou yo pa fè fot nan yon lang yo pa ni metrize ni pale lakay yo. Baryè lang sa a vin gen konsekans negatif sou avni ti moun sa yo epi yo vin gen mwens opòtinite pase ti moun elit yo k ap benyen nan franse depi nan vant manman yo e ki leve nan kay kote yo jwenn fanmi ak zanmi ki pale franse fen e byen.
Se tout eleman sa yo ak anpil lòt ankò ki antre nan analiz Michel DeGraff, pwofèse lengwistik nan Massachusetts Institute of Technology (MIT), William Scott Frager, doktoran nan pwogram politik ak entèvansyon sosyal nan University of Oxford, ak Haynes Miller, pwofesè matematik nan MIT. Pwòf DeGraff ak Pwòf Miller se grenadye ki nan lidèchip Inisyativ MIT-Ayiti a. DeGraff, Frager ak Miller pibliye analiz yo nan The Journal of Haitian Studies (JoHS), Volim 28, No. 2, nan lane 2022. Atik la rele : Language Policy in Haitian Education: A History of Conflict over the Use of Kreyòl as Language of Instruction (Politik lengwistik nan edikasyon ann Ayiti : Istorik yon seri mi wo mi ba sou itilizasyon kreyòl kòm lang ansèyman).
Pou nou telechaje vèsyon nimerik (PDF) atik la, tanpri vizite sit sa a :
Baryè lengwistik nan politik Leta ayisyen pou sistèm edikasyon an
Jounen jodi a gen tan fè plis pase 200 lane depi Ayiti te pran endepandans li, an 1804, apre gwo goumen kont gwojemoni Lafrans. Epi sa fè plis pase 200 lane baryè lang franse a kontinye egziste nan sistèm lekòl la ak lòt sektè nan peyi a. Nan atik manch long sa a nan JoHS, DeGraff, Frager ak Miller analize yon seri dokiman ofisyèl sou politik lengwistik Leta ayisyen nan sistèm edikasyon peyi a. Atik la analize dokiman sa yo pandan 2 peryòd : yon premye peryòd ant 1804 ak 1979, ki se lane lè Refòm Bernard te premye legalize kreyòl kòm lang ansèyman e kòm objè ansèyman ; epi yon dezyèm peryòd soti nan 1979–1982 (epòk lè Joseph C. Bernard te Minis Edikasyon Nasyonal) rive nan 2022. Analiz DeGraff, Frager ak Miller montre, sou yon bò, gen gwo jefò ki fèt nan mouvman kreyòl la ; men, yon lòt bò, gen otorite nan Leta k ap plede defigire Refòm Bernard 1982 a pou yo kore dominasyon lang franse kòm lang ansèyman.
Nan yon seri dokiman ki vin pibliye apre 1982, Ministè Edikasyon Nasyonal vin adopte yon politik lengwistik k ap chache bilengwis ekilibre e ki mande pou ti moun yo fè yon tranzisyon rapid soti nan kreyòl rive nan franse kòm lang ansèyman. Sa se yon metòd ki souvan kreye echèk — pi plis echèk pase metòd edikasyon miltileng ki baze sou lang matènèl e k ap chache yon bilengwis fonksyonèl ki pi koresponn ak reyalite e bezwen majorite aprenan yo (egal : sila yo ki soti nan kominote ki pale kreyòl sèlman).
Pou ki sa nou dwe sansibilize otorite Leta yo sou itilizasyon kreyòl kòm lang ansèyman ?
Youn nan objektif atik sa a nan JoHS se enfòme otorite Leta yo sou istwa ak defi ki antoure lang kreyòl kòm lang ansèyman. Analiz twa otè yo sou politik lengwistik nan istwa peyi d Ayiti pral ede n deboulonnen baryè lengwistik k ap bloke peyi a depi digdantan. Objektif la se ankouraje desizyon syantifik ki dwe pran pou ankadre kreyòl kòm zouti ansèyman ann Ayiti.
Plis pase 40 lane apre, sanble se Refòm Bernard 1982 a ki toujou sèvi kòm sous enspirasyon pou politik lengwistik modèn pou lekòl ann Ayiti. Malerezman, otorite sa yo ki pase nan tèt Ministè Edikasyon Nasyonal pa toujou apresye fondasyon syantifik Refòm Bernard sa a, osnon yo souvan mal entèprete Refòm lan. Wi, politik lengwistik Leta pandan 30 dènye ane sa yo te souvan valorize franse sou tèt kreyòl kòm lang ansèyman pandan otorite yo pretann y ap chache yon « bilengwis ekilibre » E poutan se objektif dezekilibre sa a k ap plede bloke aprenan sa yo ki pale kreyòl sèlman (sa se majorite ti moun yo !). Aprenan kreyolofòn sa yo pa rive devlope konpetans akademik yo an kreyòl pandan ti moun nan elit frankofòn lan ap tire avantaj bab ak moustach nan politik frankofil sa yo. Sa se yon objektif ki dezekilibre tout bon vre !
Poutan, se depi nan lane 1953, UNESCO te deja teste epi valide prensip syantifik fondamantal — sou enpòtans lang manman nan aprantisaj — ki te alimante Refòm Bernard 1982 a. Men, li enpòtan pou n presize Ayiti pa sèl peyi ki viktim baryè lengwistik neyo kolonyal sa yo. Dapre UNESCO, gen plis pase 2.3 milya moun nan monn lan ki pa ko rive jwen edikasyon nan lang matènèl yo. Estatistik sa yo montre tou gen prèske 40 pou san moun sou planèt la ki sibi enpak negatif baryè lang sa a. Sa vle di : defi yo anpil e yo konsène anpil peyi ki te kolonize e ki kontinye ap soufri an ba gwojemoni neyo kolonyal.
Lè n gade pi pre, Refòm Bernard 1982 a te poze baz pou fasilite otorite peyi d Ayiti mete an plas yon politik lengwistik ki djanm kote elèv ki pale kreyòl ka aprann sèvi ak fransè pou yo fonksyone nan kèk matyè espesifik nan etid akademik yo (se sa yo rele « bilengwis fonksyonèl » la). Jiska prezan sa rete yon ideyal ki posib si gen bon mezi ki pran pou sa, nan pi wo nivo Leta rive sou teren nan sal klas.
Yon bon konpreyansyon prensip Refòm Bernard a ka sove lekòl ann Ayiti
Apre 200 lane jouke an ba yon sistèm malouk ki chita sou dominasyon franse nan sistèm ansèyman ann Ayiti, li vin pi enpòtan jounen jodi a pou n ankouraje aplikasyon Refòm Bernard 1982 a pou n rive mete an plas yon sistèm lekòl ki valide e valorize kilti nou ak idantite nou. Erezman, lè n ap gade pwogrè ki deja rive fèt depi 1804 — nan grenpe masuife, wi ! — pwogrè sa yo bay kreyòl la pi plis espas nan sal klas, nan inivèsite, nan medya, sou entènèt, sou rezo sosyal e nan sosyete a an jeneral.
Depi retou Minis Nesmy Manigat nan tèt Ministè Edikasyon Nasyonal an 2021, li pran plizyè desizyon ki ankouraje pwodiksyon ak itilizasyon materyèl akademik an kreyòl. Pa egzanp, li mete kreyòl kòm lang ansèyman nan tout nivo klas ; li mande pou egzamen ofisyèl yo disponib an kreyòl e an franse ; li lanse yon inisyativ Liv Inik ki gen objektif pou bay tout elèv yon seri liv an kreyòl nan 6 premye ane lekòl fondamantal. Si jefò sa yo rive ateri kòm sa dwa e si gen lòt bon mezi ki pran nan menm direksyon sa a pou kore mouvman kreyòl la, nou ka gen espwa, yon jou, ti moun yo ava sispann tonbe viktim baryè lengwistik. Wi, si inisyativ sa yo rive ateri menm lè Nesmy Manigat pa minis ankò, enben, nou ka gen lespwa, yon jou, lang nasyonal la ava sèvi kòm prensipal lang ansèyman nan tout nivo sistèm edikasyon an, pou tout ti moun ka gen menm nivo opòtinite pou yo reyisi nan lekòl e nan lavi, tankou nan vizyon Minis Joseph C. Bernard depi an 1979.
Pou kounye a, atik manch long lan pibliye ann angle sèlman. Ekip JoHS la ansanm ak ekip MIT-Ayiti a deja ap kolabore sou yon vèsyon kreyòl nou pral pibliye nan yon pwochen nimewo jounal la.
Men lis dokiman ofisyèl 3 otè yo te analize pou akouche atik sa a :
AKA and MENFP. 2015. “Pwotokòl Akò.”
Département de l’Éducation Nationale. 1980. “Graphie du créole haïtien.”
Département de l’Éducation Nationale. 1982a. “La réforme éducative – Éléments d’information.”
ECOSOF. 2018. “Étude de la capacité nationale de financement de l’éducation en Haïti.” ONAPÉ.
Haitian Government. 1979. “Loi du 18 Septembre 1979.”
IFADEM. 2013. “Rapport de mission en République d’Haïti.”
IHSI. 2009. “Objectifs du millénaire pour le développement: État, tendances et perspectives.”
ISOS. 2016. “Déterminants du rendement scolaire en Haïti.” ONAPÉ.
MENFP. 2007. “La stratégie nationale d’action pour l’éducation pour tous.”
MENFP. 2014. “Arrêté du 3 Juin 2014.”
MENFP. 2020. “Plan décennal d’éducation et de formation.”
MENFP. 2021. “Cadre d’orientation curriculaire pour le système éducatif haïtien – Haïti 2054.”
MENFP and DPCE. 2015. Annuaire statistique 2013–2014.“Recensement scolaire (Niveau 7-9AF, Secondaire) 2010-2011.”
MENJS. 1998. “Plan national d’éducation et de formation 1997-2007.”
ONAPÉ. 2017. “Plan de mise en œuvre des recommandations des études.”
Remak