Blòg

Lang pa goumen… Se moun ki goumen

Foto : Zachary Vessels Jodi a se jounen entènasyonal frankofoni. Se yon bèl okazyon pou n sinyale enpòtans lang franse kòm zouti pou kominikasyon, kòm tout lòt lang. Se yon okazyon tou pou Inisyativ MIT-Ayiti reponn moun k ap simaye fo nouvèl kòm ki dirè objektif MIT-Ayiti se goumen kont lang franse nan non lang kreyòl la. Travay […]

Ochan Ayibobo pou Dòk Bertrhude Albert, yon fanm total kapital 

Non okazyon jounen entènasyonal dwa fanm ak ti fi, Inisyativ MIT-Ayiti pran plezi sonnen 7 kout lanbi onè respè epi n ap bese chapo n byen ba pou n salye Doktè Bertrhude Albert (« Dòk B »), yon fanm total kapital. Dòk B ansanm ak zanmi l, Dòk Priscilla Zelaya (« Dòk Pris ») yon lòt fanm vanyan, ap batay depi plis pase 10 lane […]

Jounen entènasyonal edikasyon : Fè lekòl an franse ann Ayiti se yon lòt fason pou n fèmen pòt edikasyon sou ti moun yo

24 janvye 2023 Sanble rezistans anti kreyòl sa a se konsekans pwolonjman Leta kolonyal la (« Lagrandyab » !) ki kontinye ap toupizi pèp souvren an. San n pa rann nou kont, itilizasyon franse nan lekòl ann Ayiti se yon lòt fason pou n fèmen pòt edikasyon sou ti moun yo ansanm ak mas pèp la. Foto : Pierre Negaud Dupenor, 2018, nan kad pwojè […]

Onè pou Vanessa Jeudi

Vanessa Jeudi se yon atis wo nivo jounen jodi ann Ayiti. Li se otè, konpozitè, entèprèt, direktris atistik ak militan feminis. Vanessa koumanse fè mizik depi l tou piti, nan gospèl. Zèv li yo chita sou fason li konprann lavi. Li esprime sa nan estil mizik tankou jazz, soul, blues, vodou ak rap, estil mizik […]

Pwofesè Michel DeGraff, youn nan fondatè INISYATIV MIT-Ayiti, resevwa tit « manm selèk » (Fellow) Sosyete Lengwistik oz Etazini, pi gwo onè yon lengwis ka resevwa

Doktè Michel DeGraff, pwofesè nan depatman lengwistik Massachusetts Institute of Technology (MIT), fèk resevwa tit « manm selèk » (Fellow) nan Linguistic Society of America (LSA).  Tit sa a se pi gwo onè akademik pami pwofesyonèl nan domèn lengwistik. Sa se yon rekonesans pou enpak rechèch ak lòt travay pwofesè a nan etid sou lang kreyòl. Nan dat […]

Pou ki sa entèlektyèl, filozòf ak syantis ayisyen dwe ekri an kreyòl ?

Nan atik sa a, Pwòf Lefranc Joseph analize pou ki sa li nesesè pou gen plis konesans ak piblikasyon k ap sikile an kreyòl. Li bay senk rezon ki montre pou ki sa entèlektyèl, filozòf ak syantis ayisyen dwe patisipe nan renouvle epi transfòme panorama lengwistik atravè pwodiksyon syantifik.

Onè pou Luckenson Augustin !

Bèl nouvèl : Gen yon nouvo Grenadye ki antre nan ekip la k ap kore Platfòm MIT-Ayiti : Luckenson AUGUSTIN. Grenadye Luckenson pral ede nan aktivite revizyon ak piblikasyon resous ki pral pibliye sou Platfòm lan. Luckenson fèt Pòtoprens nan dat 11 novanm 1993. Manman l ak papa l se moun Tibiwon, dènye pwent Sid la. Li fè […]

Fich prezantasyon MIT-Ayiti

Inisyativ MIT-Ayiti ap feraye depi 2010 nan mouvman pou amelyore kalite edikasyon ann Ayiti sou fondasyon syantifik ki pwone pedagoji entèraktif ansanm ak itilizasyon lang matènèl kòm zouti pou ansèyman ak aprantisaj. MIT-Ayiti ankouraje itilizasyon teknoloji nan sal klas epi n ap bay gwo bourad nan pwodiksyon ak difizyon materyèl an kreyòl nan tout matyè […]

Onè pou Pierre Negaud Dupenor !

An n akeyi Pierre Negaud Dupenor nan ekip MIT-Ayiti a kòm nouvo Direktè Kominikasyon ! Negaud fèt nan Komin Koto (Sid), men, fanmi li te deside tabli nan Komin Kabarè an 1989 lè li te gen 5 rekòt kafe. Se la li fè tout etid klasik li. Aprè li fin desann bakaloreya, li rantre nan Inivèsite Leta Ayiti pou l […]