Blòg

Pwofesè Michel DeGraff, youn nan fondatè INISYATIV MIT-Ayiti, resevwa tit « manm selèk » (Fellow) Sosyete Lengwistik oz Etazini, pi gwo onè yon lengwis ka resevwa

Doktè Michel DeGraff, pwofesè nan depatman lengwistik Massachusetts Institute of Technology (MIT), fèk resevwa tit « manm selèk » (Fellow) nan Linguistic Society of America (LSA).  Tit sa a se pi gwo onè akademik pami pwofesyonèl nan domèn lengwistik. Sa se yon rekonesans pou enpak rechèch ak lòt travay pwofesè a nan etid sou lang kreyòl. Nan dat […]

Pou ki sa entèlektyèl, filozòf ak syantis ayisyen dwe ekri an kreyòl ?

Nan atik sa a, Pwòf Lefranc Joseph analize pou ki sa li nesesè pou gen plis konesans ak piblikasyon k ap sikile an kreyòl. Li bay senk rezon ki montre pou ki sa entèlektyèl, filozòf ak syantis ayisyen dwe patisipe nan renouvle epi transfòme panorama lengwistik atravè pwodiksyon syantifik.

Onè pou Luckenson Augustin !

Bèl nouvèl : Gen yon nouvo Grenadye ki antre nan ekip la k ap kore Platfòm MIT-Ayiti : Luckenson AUGUSTIN. Grenadye Luckenson pral ede nan aktivite revizyon ak piblikasyon resous ki pral pibliye sou Platfòm lan. Luckenson fèt Pòtoprens nan dat 11 novanm 1993. Manman l ak papa l se moun Tibiwon, dènye pwent Sid la. Li fè […]

Fich prezantasyon MIT-Ayiti

Inisyativ MIT-Ayiti ap feraye depi 2010 nan mouvman pou amelyore kalite edikasyon ann Ayiti sou fondasyon syantifik ki pwone pedagoji entèraktif ansanm ak itilizasyon lang matènèl kòm zouti pou ansèyman ak aprantisaj. MIT-Ayiti ankouraje itilizasyon teknoloji nan sal klas epi n ap bay gwo bourad nan pwodiksyon ak difizyon materyèl an kreyòl nan tout matyè […]

Onè pou Pierre Negaud Dupenor !

An n akeyi Pierre Negaud Dupenor nan ekip MIT-Ayiti a kòm nouvo Direktè Kominikasyon ! Negaud fèt nan Komin Koto (Sid), men, fanmi li te deside tabli nan Komin Kabarè an 1989 lè li te gen 5 rekòt kafe. Se la li fè tout etid klasik li. Aprè li fin desann bakaloreya, li rantre nan Inivèsite Leta Ayiti pou l […]

Onè, Glordens Cenat !

Bèl nouvèl ! Gen yon nouvo Grenadye ki vin antre nan ekip k ap kore Platfòm MIT-Ayiti : Glordens Cenat ki se yon etidyan nan Kean University, New Jersey, e k ap patisipe nan yon pwogram entèna Kean / MIT-Ayiti . Glordens se moun Kafou, Ayiti, natif natal. Aprè etid klasik li nan Collège Secondaire de Carrefour, li te fè yon kout pye […]

Konferans sou #ChampMagnéBIC kòm zouti pou ansèyman

Nan dat 15 jiyè 2021, Sanba BIC Tizon Dife te kole zepòl ak Pwofesè Michel DeGraff, ki se youn nan lidè MIT-Ayiti, pou yo prezante yon konferans sou enpòtans liv Champ MagnéBIC kòm zouti ki djanm nan ansèyman divès matyè nan lekòl ak inivèsite ann Ayiti — « Pou yon lekòl tèt an wo ». Se Kimberly Green Latin American and Caribbean Center, nan Florida International University (FIU), ki te òganize konferans lan nan kad Haitian Summer Institute ki se yon seri aktivite sou lang kreyòl e sou Ayiti ke FIU ofri chak ane.

Konferans Michel DeGraff konsènan Platfòm MIT-Ayiti

Nan dat 12 jiyè 2021, Pwofesè Michel DeGraff, ki se youn nan lidè MIT-Ayiti, te prezante yon konferans sou enpòtans kreyòl pou edikasyon ann Ayiti — « Pou yon lekòl tèt an wo ». Se Kimberly Green Latin American and Caribbean Center, nan Florida International University (FIU), ki te òganize konferans lan nan kad Haitian Summer Institute ki se yon seri aktivite sou lang kreyòl e sou Ayiti ke FIU ofri chak ane.

Pratik jeton nan lekòl nan peyi d Ayiti

Diskriminasyon lengwistik se youn nan pi gwo mal k ap wonje sosyete a nan tout rakwen li. Rapò sila a prezante rezilta yon ankèt ki te fèt an liy nan yon fòmilè Google sou diskriminasyon anndan lekòl nan peyi a. Rapò sa a prezante temwayaj elèv osnon ansyen elèv lekòl kongreganis, piblik osnon layik. Temwayaj sa yo demontre nivo vyolans sikolojik ak fizik elèv yo sibi anndan sal klas yo. Vyolans sa yo kite mak sou tout aspè nan lavi yo menm apre yo fini lekòl. Viktim yo te pwopoze divès solisyon tou.

Diskou Anbasadè Ayiti nan UNESCO, Dominique Dupuy, sou enpòtans lang manman pou devlopman

Sa se diskou Dominique Dupuy, Anbasadè Ayiti nan UNESCO nan yon konferans UNESCO, nan dat 27 me 2021, sou enpòtans lang manman pou devlopman, lapè ak rekonsilyasyon. Diskou sa a se yon moman istorik nan batay pou lang manman kòm zouti pou ansèyman, liberasyon ak byennèt tou patou sou latè beni. Anbasadè Dupuy prezante yon bèl pledwaye pou majorite moun ann Ayiti k ap krebete an ba baboukèt lang franse nan lekòl tèt an ba ann Ayiti. Ekip MIT-Ayiti a disponib pou n kole zepòl ak Anbasadè a ansanm ak UNESCO pou n ede nan bati yon lekòl tèt an wo.